Poukisa li enpòtan pou n byen konprann Bib la?
Gen yon tipitit ki te wè lafimen k ap sot nan chemine yon faktori epi ki gonfle pou l vin sanble ak gwo nyaj. Pou tipitit la, faktori sa a te la pou fè nyaj. Fason tipitit la te konprann bagay yo te ka annik parèt komik. Sepandan, gen domèn kote si nou mal konprann bagay yo, sa ka gen efè sou lavi nou. Pa egzanp, si nou pa byen konprann sa k ekri sou yon boutèy medikaman, sa ka gen gwo konsekans.
Lè nou mal konprann bagay ki gen rapò ak relasyon nou ak Jewova, sa ka menm pi grav toujou. Pa egzanp, gen moun ki mal konprann sa Jezi te anseye yo (Jan 6:48-68). Olye yo te chèche pi byen konprann sa Jezi te di yo, yo te rejte tout sa l te anseye yo. Yo te pèdi anpil bagay!
Èske w li Labib pou w ka jwenn direksyon? Ou merite felisitasyon pou sa! Men, èske sa ka rive ou mal konprann yon bagay ou te li? Sa rive anpil moun. Ann egzamine twa bagay moun konn mal konprann.
Gen kèk moun ki pa byen konprann lòd Bib la bay ki di: “Gen lakrentif pou vrè Dye a.” Yo panse se pè yo dwe pè Bondye (Eklezyas 12:13). Men Bondye pa vle pou moun k ap adore l yo pè l. Men sa l di: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” (Ezayi 41:10). Kidonk, lakrentif pou Bondye se admirasyon ak gwo respè nou gen pou Bondye.
Èske tè a gen pou l boule nan dife?
Labib fè konnen: “Gen yon lè pou tout bagay, [...] yon lè pou moun fèt ak yon lè pou moun mouri.” Gen kèk moun ki pa byen konprann pawòl sa yo Bondye enspire. Yo annik di tèt yo Bondye deja deside moman pou chak moun mouri (Eklezyas 3:1, 2). Men an reyalite, vèsè sa yo plis montre fason lavi nou ye, e yo montre tout moun gen pou yo mouri. Pawòl Bondye a aprann nou desizyon nou pran yo ka gen efè sou kantite tan nou kapab viv. Pa egzanp li di: “Lakrentif pou Jewova fè moun viv pi lontan.” (Pwovèb 10:27; Sòm 90:10; Ezayi 55:3). Ki sa sa vle di? Pa egzanp si nou gen respè pou Pawòl Bondye a, sa ap pouse nou pou nou kouri pou yon seri vye pratik tankou bwè pou sou oubyen fè imoralite seksyèl. — 1 Korentyen 6:9, 10.
Gen kèk moun ki panse lè Labib di yo mete syèl la ak tè a “la pou dife” se nan yon sans literal sa ap fèt, yo panse Bondye pral detwi planèt la (2 Pyè 3:7). Men Bondye pwomèt li pap janm kite yo detwi tè a. Bondye “mete tè a chita sou fondasyon l, tè a pap janm deplase kite kote l ye a pou tout tan gen tan”. (Sòm 104:5; Ezayi 45:18.) Se sistèm kòwonpi sa a ki pral detwi pou toutan tankou se dife ki te detwi l, se pa planèt nou an. Kanta pou syèl la, lè yo pale de li nan sans literal, li ka vle di syèl ki plen zetwal yo, oubyen li ka vle di kote Bondye abite a.
POUKISA GEN MOUN KI MAL KONPRANN BIB LA PAFWA?
Jan nou ka wè sa nan egzanp nou sot site yo, byen souvan moun yo pa byen konprann sa yo li nan Bib la. Men, poukisa Bondye kite sa rive? Gen moun ki ka di tèt yo: ‘Si Bondye pi saj pase tout moun e si l konn tout bagay, li te ka annik ban nou yon liv ki tèlman klè, tout moun nèt rive konprann li san pwoblèm. Poukisa li pa t fè sa?’ Annou egzamine twa rezon ki fè souvan gen moun ki mal konprann Bib la.
Bondye fè Bib la yon fason pou se moun ki gen imilite e ki vle aprann ki konprann li. Jezi te di Papa l: “Papa, ou menm ki Mèt syèl la ak tè a, m ap ba w louwanj devan tout moun, paske ou byen kache bagay sa yo pou gwo save ak moun lespri, men se timoun piti ou fè konnen yo.” (Lik 10:21). Yo te ekri Bib la yon fason pou se moun ki gen yon bon etadespri ki konprann mesaj ki ladan l lan. Ògèy se yon defo pifò moun ki “gwo save ak moun lespri” yo genyen, e moun ki gen defo sa a, gen tandans mal konprann sa Bib la di. Men Bondye rekonpanse moun ki li Bib la e ki konpòte yo tankou “timoun piti”, ki gen imilite e ki swaf pou yo aprann. Li fè yo pi byen konprann mesaj li bay la. Se pa ti byen fè Bondye byen fè Bib la!
Bib la fèt pou moun ki vrèman vle pou Bondye ede yo konprann li. Jezi te montre moun yo t ap bezwen èd pou yo byen konprann sa l te konn anseye yo. Ki jan yo t ap fè jwenn èd sa a? Men sa Jezi te di: “Èd la, lespri sen Papa a ap voye nan non m nan, ap anseye nou tout bagay.” (Jan 14:26). Se sa k fè Bondye bay moun k ap li Bib la lespri sen l, anpalan de fòs li a k ap aji, pou l ede yo konprann sa y ap li yo. Men, Bondye pa bay moun ki pa met konfyans yo nan li lespri sa a. Se sa k fè, souvan yo pa konprann sa Bib la di. Mete sou sa, lespri sen pouse kretyen ki pi byen konprann Bib la al ede moun k ap chèche plis konprann li. — Travay 8:26-35.
Gen kèk pati nan Bib la se lè moman an rive lèzòm ka konprann sa yo vle di. Pa egzanp, Bondye te mande pwofèt Dànyèl pou l ekri yon mesaj ki konsène lavni. Men sa yon zanj te di l: “Dànyèl, se pou w sele liv la, e se pou pawòl ki ladan l yo rete sekrè jiskaske tan lafen an rive.” Plizyè syèk te pase e anpil moun te li liv Dànyèl la, men yo pa t fin byen konprann li. Anfèt, menm Dànyèl pa t konprann kèk nan bagay li te ekri yo. Men sa l te admèt avèk imilite: “Mwen te tande, men mwen pa t ka konprann.” Rive yon lè, moun t ap rive byen konprann pwofesi Bondye te fè Dànyèl ekri a, men se nan moman Bondye te chwazi a sa t apral fèt. Men sa zanj lan te di: “Ale, Dànyèl, paske pawòl ki nan liv la dwe rete sekrè e yo dwe sele liv la jiskaske tan lafen an rive.” Kiyès ki t ap konprann mesaj Bondye yo? “Moun ki mechan yo [...] pap konprann. Se moun ki gen bon konprann yo k ap konprann.” (Dànyèl 12:4, 8-10). Donk, Bondye pap fè moun konprann sans kèk pasaj ki nan Bib la toutotan moman an poko rive.
Èske sa te deja rive Temwen Jewova yo pa t byen konprann kèk pati nan Bib la paske lè a potko rive? Wi. Men, lè lè a te rive pou Bondye te fè bagay yo parèt pi klè, Temwen yo te byen kontan korije fason yo te konprann bagay yo. Konsa, yo gen konviksyon yo imite apot Kris yo, ki te korije fason yo te konprann kèk bagay chak fwa Jezi te korije yo, e yo te fè sa avèk imilite. — Travay 1:6, 7.
Tipitit nou te pale de li a pa t fin byen konprann kot nyaj yo soti e sa pa t twò grav. Sepandan, ansèyman ki nan Bib la gen anpil anpil enpòtans pou nou. Mesaj ki nan Bib la twò enpòtan pou yon moun annik li l poukont li epi chèche konprann li poukont li. Kidonk, chèche jwenn èd pou w ka konprann sa w ap li yo. Chèche moun ki etidye Labib avèk imilite yo, moun ki konte sou lespri sen Bondye pou yo rive konprann Bib la, moun ki gen konviksyon y ap viv nan yon epòk nan listwa kote se premye fwa Bondye vle pou moun konprann Labib nan pwen sa a. Pa ezite pran kontak ak Temwen Jewova yo e pa ezite li bonjan rechèch yo pran tan pou yo fè ki sou sit Entènèt jw.org la. Men ki pwomès Labib fè: “Si w rele byen fò pou w jwenn entèlijans [...] w ap vin aprann konn Bondye.” — Pwovèb 2:3-5.