Kilès yo ye ?
TEMWEN JEWOVA yo ta renmen w fè konesans avèk yo, yo ta renmen w konnen yo pi byen. Petèt genyen ou konn rankontre ki rete bò lakay ou, petèt genyen se kòlèg travay ou, oswa genyen ou konn rankontre nan lòt sikonstans ankò. Ou kapab konn wè yo nan lari ap ofri moun k ap pase jounal. E petèt menm ou konn fè ti pale avèk yo nan papòt lakay ou.
Temwen Jewova yo, se ou menm ki enterese yo, se nan enterè pa w yo ye. Yo ta renmen vin zanmi w pou yo rakonte w plis bagay sou yo, sou sa yo kwè, ak jan yo òganize yo. Yo ta renmen w konn sa yo panse de lòt moun parèy yo, ak sa yo panse de monn nan nou tout ap viv ladan l lan. Se poutèt sa ki fè yo fè bwochi sa a pou ou.
Prèske nan tout domèn, Temwen Jewova se moun tankou tout moun. Yo menm tou yo gen pwoblèm ekonomik, pwoblèm sante, e yo konn gen pwoblèm ki mete yo sou tansyon menm jan ak tout moun. Pafwa yo fè erè, paske yo pa ni pafè, ni enspire, ni yo pa pretann yo pa ka fè fot. Men, yo tire leson nan sa k rive yo nan lavi, e yo zele nan etidye Labib pou yo ka rive korije sa k merite korije. Yo vwe tèt yo pou yo fè volonte Bondye, e y ap fè tout efò yo kapab pou yo viv ann akò ak ve sa a. Nan tout sa y ap fè, se Pawòl Bondye ak lespri sen Bondye yo kite dirije yo.
Pou yo, sa gen yon kokennchenn enpòtans pou kwayans yo chita sou Bib la, olye pou se sou sipozisyon oswa sou kredo relijye. Menm jan ak apot Pòl ki te enspire, yo di : “ Men se pou yo rekonèt Bondye veridik, menmsi yo rekonèt tout òm se mantè. ” (Women 3:4, Traduction du monde nouveaua). Lè se kesyon de anseye verite ki nan Bib la, Temwen yo dakò san pousan ak konpòtman Bereyen yo lè yo t ap tande predikasyon apot Pòl. Men sa nou li : “ Yo te resevwa pawòl la avèk anpil anpil anpresman, yo byen egzamine sa k ekri yo chak jou pou wè si se konsa bagay sa yo ye vre. ” (Travay 17:11). Temwen Jewova yo kwè fòk tout ansèyman relijye pase anba tès Pawòl ki enspire yo, kit se yo menm k ap bay ansèyman an, kit se yon lòt moun k ap bay li. Yo envite w, yo ankouraje w menm pou w fè sa, nan nenpòt konvèsasyon w ap fè avèk yo.
Daprè sa nou sot wè la a, pa gen dout, Temwen Jewova yo kwè Bib la se Pawòl Bondye. Pou yo, 66 liv li yo se Bondye ki enspire yo, epi detay istorik yo egzak. Pati moun abitye rele Nouvo Testaman an, yo rele l Ekriti an lang grèk, epi Ansyen Testaman an yo rele l Ekriti an lang ebre. Yo gen lafwa nan toule de pati yo, ni sa ki ekri nan lang grèk yo, ni sa ki ekri nan lang ebre yo. Yo pran sa ki di yo mo pou mo, sòf kote ekspresyon an oswa sitiyasyon an fè konnen klè sa ki di a, se yon parabòl oswa se yon pawòl senbolik. Temwen yo konnen gen anpil pwofesi nan Bib la ki deja akonpli, gen lòt k ap akonpli kounye a, e gen lòt ki la pou akonpli.
NON YO GENYEN AN
Temwen Jewova ? Wi, se sou non sa a yo fè moun konnen kilès yo ye. Se yon non ki bay detay sou sa y ap fè. Li montre se pou Jewova y ap rann temwayaj. Li montre tou poukisa se Jewova ki Bondye, epi ki pwogram li genyen. Lè w di “ Bondye ”, “ Seyè ”, “ Kreyatè ”, (menm jan ak “ prezidan ”, “ wa ”, “ jeneral ”) se tit yo ye. Divès moun kapab pote tout tit sa yo. Men “ Jewova ”, se non pèsonèl pa Bondye Toupisan an, Kreyatè linivè a. Se sa nou jwenn nan Sòm 83:18. Daprè tradiksyon Bib Ford Porter, men sa nou li : “ Ké moun yo kapab konnin ké, Ou, Sila a non Ou sèl sé JEHOVA, Ou sé Tré Ro a sou tout la tè. ”
Non Jewova parèt prèske 7 000 fwa nan liv biblik ki ann ebre orijinal la (oubyen Yawe osnon Yave, tankou jan Bible de Jérusalem, bib katolik women an, ak kèk lòt savan prefere l). Nan pifò bib ki genyen, non an pa parèt menm, men yo mete “ Dye ” oswa “ Seyè ” nan plas li. Sepandan, menm nan bib sa yo, yon moun kapab wè ki kote non Jewova a parèt an jeneral nan tèks ebre orijinal la. Rezon an se paske mo yo mete nan plas non an, yo ekri yo swa an ti lèt majiskil, swa an gwo lèt majiskil tankou : BONDYE, SEYÈ. Gen plizyè tradiksyon jodi a ki sèvi ak non Jewova, oswa ak Yave (oswa Yawe). Se sa k fè, men jan nou li Izayi 42:8 nan Traduction du monde nouveau : “ Mwen se Jewova. Se non mwen sa. ”
Non Temwen Jewova yo genyen an, se nan 43yèm chapit liv Izayi a yo jwenn referans biblik la. Nan chapit sa a, yo konpare sèn mondyal la avèk yon tribinal. Yo envite dye nasyon yo pou yo prezante temwen pa yo pou pwouve swadizan jistis yo genyen. Oubyen se pou yo tande temwen ki nan kan Jewova a, epi pou yo rekonèt sa yo di a se laverite. Se nan kontèks sa a, Jewova di pèp li a : “ Nou se Temwen m, se sa Jewova di, epi nou se sèvitè pa m mwen chwazi, poutèt pou nou ka konnen m e pou nou kwè nan mwen e pou nou ka konprann se mwen menm. Pa t gen dye ki te fèt anvan m, epi apre m, toujou pa genyen. Mwen menm, mwen se Jewova, e apa de mwen, pa gen sovè. ” — Izayi 43:10, 11 ; gade Bible de Crampon (1905) tou.
Jewova Dye te gen temwen sou tè a plizyè milye ane anvan Jezi te fèt. Apre lis kèk moun ki te gen lafwa ki nan Ebre chapit 11 lan, Ebre 12:1 di : “ Konsa, piske nou gen yon nyaj Temwen ki sitèlman gwo ki antoure nou, annou voye tout pwa lou jete ak peche k ap mare pye nou fasilman an, epi annou kouri kous yo mete devan nou an avèk andirans. ” Devan Pons Pilat Jezi te di : “ Se poutèt sa mwen fèt, e se poutèt sa mwen vini nan lemonn : pou m rann temwayaj pou laverite a. ” Yo rele Jezi “ temwen fidèl e veridik la ”. (Jan 18:37 ; Revelasyon 3:14.) Jezi te di disip li yo : “ Nou pral resevwa pisans lè lespri sen an rive sou nou, e nou pral sèvi m temwen ni Jerizalèm, ni nan tout Jide ak nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a. ” — Travay 1:8.
Se rezon sa a ki fè, nan plis pase 230 peyi, gen 6 000 000 moun anviwon k ap preche bon nouvèl Wayòm Jewova remèt Kris Jezi a. Yo konsidere yo gen rezon pou yo fè moun konnen yo se Temwen Jewova.
[Nòt anba paj]
a Referans Bib ki nan bwochi sa a, sòf si yo ta bay lòt, se nan tradiksyon sa a yo soti.
[Antrefilè nan paj 4]
Yo vwe tèt yo pou yo fè volonte Bondye.
[Antrefilè nan paj 4]
Yo kwè Bib la se Pawòl Bondye.
[Antrefilè nan paj 5]
Rapò ki genyen ant non an ak yon pwose y ap fè nan yon tribinal.
[Antrefilè nan paj 5]
Anviwon 6 000 000 Temwen nan plis pase 230 peyi.
[Foto nan paj 3]
Se ou menm ki enterese yo.
[Foto nan paj 4]
Non pèsonel pa Bondye nan ebre lontan an.