BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske w gen ‘yon kè pou w konnen’ Jewova?
    Toudegad — 2013 | 15 mas
    • 8, 9. Anrapò ak kè yo, ki sa pifò Juif te bezwen fè?

      8 Nou jwenn yon enfòmasyon ki ede n konprann ekspresyon yo “pa sikonsi nan kè yo” a nan konsèy Bondye te bay Juif yo. Men sa nou li: “Retire tout move bagay nan kè nou, nou menm moun peyi Jida ansanm ak moun ki abite Jerizalèm, yon fason pou kòlè m pa boule n [...] akoz zak mechanste nou yo.” Men, ki kote zak mechanste Juif yo te konn fè yo te soti? Yo te soti anndan yo, sa vle di nan kè yo. (Li Mak 7:20-23.) Sa klè, pa mwayen Jeremi, Bondye te montre egzakteman ki kote zak mechanste Juif yo te soti. Kè moun sa yo te di e yo te rebèl. Fason yo te konn aji ak fason yo te panse pa t fè Bondye plezi. (Li Jeremi 5:23, 24; 7:24-26.) Jewova te di yo: “Se pou nou sikonsi pou Jewova, retire tout move bagay nan kè nou.” — Jer. 4:4, NW; 18:11, 12.

      9 Se sa k fè, menm jan ak Juif nan epòk Moyiz la, Juif nan epòk Jeremi an te bezwen opere kè senbolik yo a, sa vle di, yo te dwe ‘sikonsi kè yo’. (Det. 10:16; 30:6.) Ekspresyon ‘retire tout move bagay nan kè yo’ a te vle di pou yo jete tout bagay ki te fè kè yo lou tankou fason yo panse, sa yo renmen ak aksyon ki pa ann amoni ak volonte Bondye. — Tra. 7:51.

  • Èske w gen ‘yon kè pou w konnen’ Jewova?
    Toudegad — 2013 | 15 mas
    • 11, 12. a) Poukisa nou chak dwe egzamine kè nou? b) Ki sa Bondye pap fè?

      11 Jewova vle pou nou chak vin gen yon bon relasyon avè l e pou nou kenbe relasyon sa a. Konsènan moun ki jis la, men sa Jeremi te di: “Ou menm, o Jewova Chèf lame yo, ou egzamine moun ki jis la, ou wè sa k nan ren ak sa k nan kè.” ​(Jer. 20:12, NW). Si Bondye ki Toupisan an ap egzamine kè menm moun ki jis la, èske nou pa ta dwe analize tèt nou yon fason ki onèt? (Li Sòm 11:5.) Toutpandan n ap fè sa, nou ka rive disène yon atitid, yon objektif oswa yon santiman ki byen fon nan kè nou ki merite korije. Nou ka wè gen bagay ki fè kè nou manke sansib, sa vle di kèk ‘move bagay ki nan kè nou’, nou ta dwe retire. Lè n fè sa, se opere nou opere kè senbolik la. Si n dakò sa bon pou n egzamine kè senbolik nou an, ki sa n ta dwe chèche ladan l? E ki fason n ka rive fè chanjman ki nesesè yo? — Jer. 4:4.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje