BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Fè Jewova konfyans e w ap gen lavi!
    Toudegad etid — 2018 | novanm
    • 7. Ki jan Jewova te reyaji devan enkyetid Abakouk te genyen yo?

      7 Li Abakouk 1:5-7. Apre Abakouk te fin kite enkyetid ak sousi l yo nan men Jewova, li te gendwa ap mande tèt li ki jan Jewova t ap reyaji. Antanke yon Papa ki konn mete l nan plas moun e ki konprann moun, Jewova pa t reprimande l paske l t ap plenyen. Bondye te konnen se paske l t ap soufri e l te nan lapenn ki fè l te pale konsa. Nan pawòl Jewova te di yo, yon seri pawòl li te di pou Juif ki rebèl yo, li te fè Abakouk konnen sa k t apral rive anvan lontan. Sanble Abakouk se premye moun Jewova te fè konnen epòk vyolan sa a te prèske rive nan bout li.

      8. Poukisa repons Jewova te bay la te fè Abakouk sezi?

      8 Jewova te montre Abakouk Li te pare pou l aji. Destriksyon jenerasyon sa a ki vyolan e ki mechan te prèske rive. Jewova te sèvi ak ekspresyon “pandan nou vivan an” pou l montre jijman l lan t ap rive pandan pwofèt la oswa moun ki t ap viv nan menm epòk ak pwofèt la te toujou vivan. Repons Jewova te bay la se yon repons Abakouk pa t ap atann ditou. Èske se te repons rèl li te fè pou l montre l pa ka tann ankò a? Se sèten, sa Jewova te di l la te montre t ap vin gen plis soufrans nan tout Jidaa. Moun peyi Kalde yo (Babilónyen yo) te san pitye e yo te sovaj, yo te pi vyolan pase moun ki te sot nan menm peyi ak Abakouk yo, yon seri moun omwen ki te konnen prensip Jewova yo. Poukisa Jewova t ap sèvi ak nasyon payen sa a ki mechan pou l pini pèp li a? Ki jan w t ap reyaji apre w fin tande repons Bondye te bay la?

  • Fè Jewova konfyans e w ap gen lavi!
    Toudegad etid — 2018 | novanm
    • a Nan Abakouk 1:5, yo sèvi ak mo “nou” an pou montre malè sa a t ap tonbe sou tout Jida.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje