BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Se pou wayòm ou an vini”
    Wayòm Bondye a ap dirije!
    • 15, 16. De ki moun Jezi t ap pale lè l te di “jenerasyon sa a”?

      15 Ki lè Wayòm Bondye a ap vini menm? Jezi pa t fè konnen egzakteman ki lè Wayòm nan t ap vini (Mat. 24:36). Men, li te di kèk bagay ki ta dwe fè nou kwè Wayòm nan pa twò lwen vini. Jezi te fè konnen Wayòm nan t ap vini apre “jenerasyon sa a” fin wè pwofesi ki pale konsènan siy prezans li an reyalize. (Li Matye 24:32-34.) De ki moun Jezi t ap pale lè l te di “jenerasyon sa a”? Annou pi byen egzamine pawòl Jezi te di yo.

      16 “Jenerasyon sa a.” Èske Jezi t ap pale konsènan moun ki pa kwayan yo? Non. Ann wè ak ki moun Jezi t ap pale. Li t ap pale ak kèk nan apot li yo ki te “pwoche kote l apa”. (Mat. 24:3.) Pa t ret anpil tan pou Bondye vide lespri sen l sou apot yo. Ann fè yon ti pale konsènan kontèks la tou. Anvan Jezi te di “jenerasyon sa a”, li te di: “Kounye a, ann pran egzanp yon pye fig frans: Kou yon ti branch kòmanse pouse e li fè fèy, nou konnen lete toupre rive. Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo, konnen Pitit lòm nan toupre, li nan papòt la.” Se disip Jezi yo, disip Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki t ap gen pou yo wè bagay Jezi te anonse yo, se pa moun ki pa kwayan yo. Disip sa yo t ap gen pou yo konprann sa bagay sa yo vle di, sètadi Jezi nan “papòt la”. Kidonk, lè Jezi te di “jenerasyon sa a”, li t ap pale konsènan disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl la.

      JENERASYON

      (Mat. 24:32-34)

      Jezi te fè konnen Wayòm nan ap vini apre “jenerasyon sa a” fin wè siy lan reyalize. (Gade paragraf 17, 18.)

      Tablo ki bay enfòmasyon sou “Jenerasyon” Jezi te pale nan Matye 24:32-34 la.

      1YE GWOUP LA: Moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki te wè siy lan kòmanse reyalize nan ane 1914.

      2YÈM GWOUP LA: Moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki t ap viv nan menm epòk ak moun ki nan 1ye gwoup la. Gen kèk nan yo k ap vivan toujou lè gwo tribilasyon an kòmanse.

      17. Ki sa mo “jenerasyon” an ak ekspresyon “tout bagay sa yo” vle di?

      17 “Pap pase anvan tout bagay sa yo rive.” Kòman pawòl sa yo t apral reyalize? Pou n reponn kesyon sa a, nou bezwen konnen de bagay: Ki sa mo “jenerasyon” an vle di, e ki sa ekspresyon “tout bagay sa yo” vle di? Byen souvan, mo “jenerasyon” an gen rapò ak moun tout laj k ap viv nan yon menm epòk. Kantite tan yon jenerasyon dire pa twò long e li gen yon limit (Egz. 1:6). Ekspresyon “tout bagay sa yo” gen ladan l tout evènman Jezi te anonse ki gen pou rive pandan prezans li an, soti kòmansman ane 1914 pou rive jis nan dènye faz “gwo tribilasyon” an. — Mat. 24:21.

      18, 19. Ki jan nou ka konprann pawòl Jezi te di konsènan “jenerasyon sa a”, e ki sa nou ka di?

      18 Kidonk, ki jan pou nou konprann pawòl Jezi te di konsènan “jenerasyon sa a”? Jenerasyon sa a gen ladan l de gwoup moun ki fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl la. Premye gwoup la gen ladan l moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki te wè siy lan kòmanse reyalize nan ane 1914, e dezyèm gwoup la gen ladan l moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki te viv nan menm epòk ak moun ki fè pati premye gwoup la pandan yon tan. Omwen, gen kèk nan moun ki fè pati dezyèm gwoup la k ap vivan toujou pou yo wè kòmansman tribilasyon k ap vini an. Toule de gwoup moun yo fòme yon sèl jenerasyon, piske gen kèk nan yo ki viv antanke moun Bondye chwazi pou al nan syèl pandan yon menm epòkc.

      19 Ki sa nou kapab di? Ebyen, nou konnen siy prezans Jezi, antanke Wa ki gen pouvwa a, parèt byen klè toupatou sou tè a. Anplis de sa, nou ka wè moun Bondye chwazi pou al nan syèl la, ki vivan toujou sou tè a e ki fè pati “jenerasyon sa a”, ap antre fon nan laj, men, yo tout pap mouri anvan gwo tribilasyon an kòmanse. Kidonk, nou kapab di, Wayòm Bondye a pral vini talè konsa e Bondye pral dirije tout tè a pa mwayen Wayòm sa a! Se pa ti kontan nou pral kontan pou n wè Bondye reponn priyè Jezi te anseye nou an ki di: “Se pou wayòm ou an vini”!

  • “Se pou wayòm ou an vini”
    Wayòm Bondye a ap dirije!
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje