BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt?”
    Toudegad — 2013 | 15 jiyè
    • 16. Ki lòt vèsè ki pale konsènan lè Jezi ap vini an?

      16 Men sa Jezi te di konsènan esklav fidèl ki prevwayan an: “Esklav sa a byennere si lè Mèt li rive [“vini”; Rbi8-F, nòt], li jwenn se sa l ap fè!” Nan parabòl Jezi te bay konsènan vyèj yo, li te di: “Pandan y al achte, lemarye rive [“vini”, Kingdom Interlinear].” Nan parabòl talan an, Jezi te di: “Apre yon bon tan, mèt esklav sa yo retounen [vini].” Nan menm parabòl sa a, mèt la te di: “Lè m vini, mwen ta jwenn li.” ​(Mat. 24:46; 25:10, 19, 27). Ak ki moman kat vèsè sa yo, ki gen rapò ak vini Jezi ap vini an, fè referans?

      17. Ki sa nou te di anrapò ak vini Jezi ap vini an jan sa parèt nan Matye 24:46 la?

      17 Pandan lontan nou te fè konnen, nan piblikasyon nou yo, kat vèsè nou sot site la yo gen rapò ak vini Jezi te vini oswa l te rive nan ane 1918. Pa egzanp, ann konsidere pawòl Jezi te di konsènan “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Li Matye 24:45-47.) Nou te panse “rive [oswa vini]” yo site nan vèsè 46 la te gen yon rapò ak moman kote Jezi te vin enspekte kondisyon espirityèl moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan ane 1918, epi, nou te panse Mèt la te met esklav la responsab tout byen l yo nan ane 1919 (Mal. 3:1). Sepandan, yon pi bon egzamen konsènan pwofesi Jezi te bay la montre li te nesesè pou nou fè yon ajisteman nan fason nou te konprann ki lè kèk aspè nan pwofesi sa a ap reyalize. Poukisa sa te nesesè?

      18. Lè n konsidere kontèks pwofesi Jezi a, ki sa nou rive konprann konsènan vini Jezi ap vini an?

      18 Nan vèsè ki vin anvan Matye 24:46 la, yon seri vèsè kote nou jwenn mo “vini” an, mo sa a toujou gen rapò ak moman Jezi ap vin pou l jije epi egzekite jijman l pandan gwo tribilasyon an (Mat. 24:30, 42, 44). Menm jan an tou, jan nou te wè sa nan paragraf 12 la, “vini” Jezi ap vini yo site nan Matye 25:31 an gen rapò ak menm jijman sa a. Donk, jan sa parèt nan Matye 24:46, 47 la, li lojik pou n di vini Jezi ap vin met esklav fidèl la responsab tout byen l yo gen rapò tou ak lè l ap vini alavni pandan gwo tribilasyon anf. Vrèmanvre, lè n egzamine pwofesi Jezi a nèt, nou vin konprann toule uit vèsè ki pale de vini Jezi ap vini an gen rapò ak jijman ki gen pou fèt pandan gwo tribilasyon an.

  • “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt?”
    Toudegad — 2013 | 15 jiyè
    • e Paragraf 15: [5] Mo grèk lè yo tradui l yo mete “vini” ak “rive” pou li a soti nan menm vèb grèk la ki se erʹkho·mai.

      f Paragraf 18: [6] Jan nou te di sa, mo grèk lè yo tradui l yo mete “rive” pou li nan Matye 24:46 la se yon lòt fòm vèb grèk lè yo tradui l yo mete “vini” pou li nan Matye 24:30, 42, 44.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje