BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w13 1/8 p. 10
  • Poukisa yo pa site non kèk moun ki nan Bib la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa yo pa site non kèk moun ki nan Bib la?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Èske nou sonje?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yon sòlda ak yon tifi
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Timoun ki fè kè Bondye kontan
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
w13 1/8 p. 10
[Foto nan paj 10]

LEKTÈ NOU YO TA RENMEN KONNEN

Poukisa yo pa site non kèk moun ki nan Bib la?

Nan liv Rit la, yon liv ki nan Bib la, gen yon mesye ki te refize akonpli yon obligasyon li te genyen ki te ann amoni ak lwa Moyiz la, yo te annik rele mesye a Entèl (Rit 4:1-12). Èske sa vle di tout moun ki nan Bib la yo pa site non yo se move moun yo te ye oubyen yo pa t gen ase enpòtans pou yo ta site non yo?

Non. Ann egzamine yon lòt egzanp. Pou Jezi te prepare dènye Pak li t ap selebre ak disip li yo, li te mande yo pou yo “ale nan vil la kot entèl [“yon mesye,” The New English Bible]” pou yo prepare bagay yo lakay li (Matye 26:18). Èske sa vle di mesye sa a, lè y ap pale de li nan vèsè a yo di “entèl” la, se te yon move moun oubyen li pa t gen ase enpòtans pou yo ta site non l? Non, se pa sa. Sandout, “mesye” sa a te yon disip Jezi. Piske li pa t vrèman enpòtan pou yo site non l nan istwa a, yo te jis pa di l.

Yon lòt bò, Bib la site non anpil moun ki te mechan alòske gen anpil moun ki te fidèl li pa site non yo. Pa egzanp, tout moun konn non Èv, premye fi ki te egziste a. Lefètke li te egoyis e li pa t obeyi Bondye, sa te pouse Adan peche e sa koute nou chè jodi a (Women 5:12). Yon lòt bò, nou pa jwenn non madanm Noye nan Bib la, men nou rekonesan anvè l paske li te gen sousi pou lòt moun, li te obeyisan e li te soutni mari l nan travay enpòtan li t ap fè a. Li klè, se pa paske madanm Noye pa t gen enpòtans oubyen li pa t gen favè Bondye ki fè yo pa site non l nan Bib la.

Gen anpil moun ki te jwe yon wòl enpòtan, yo te menm jwe yon wòl ki vrèman estrawòdinè nan objektif Jewova, poutan yo pa site non yo nan Bib la. Sonje tifi izrayelit la ki te esklav lakay Naamàn, yon chèf nan lame siryen. Li te gen kouraj pou l fè metrès li, madanm Naamàn, konnen Jewova gen yon pwofèt ann Izrayèl ki ka geri mari l. E sa te mennen nan yon gwo mirak (2 Wa 5:1-14). Yifta se te yon jij izrayelit. Li te gen yon pitit fi ki te gen lafwa e ki kite yon bèl egzanp nan domèn nan. Pitit fi l la te chwazi pa marye e li pa t fè pitit pou l te ka respekte yon ve papa l te fè (Jij 11:30-40). Gen plis pase 40 Sòm Bib la pa site non moun ki te ekri yo, se menm bagay la tou pou kèk pwofèt fidèl ki te akonpli yon seri misyon trèzenpòtan. — 1 Wa 20:37-43.

Petèt, egzanp zanj fidèl yo pi remakab toujou. Gen plizyè santèn milyon zanj, poutan se non de ladan yo sèlman yo site nan Bib la, Gabriyèl ak Mikayèl (Dànyèl 7:10; Lik 1:19; Jid 9). Yo pa site non lòt zanj yo nan Bib la. Pa egzanp, Manowa, papa Samson, te poze yon zanj kesyon sa a: “Di nou ki jan w rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre.” Men repons zanj lan te ba li: “Poukisa nou vle konnen non m?” Lefètke zanj lan te konnen limit li, li te refize yo ba l yon onè ki pou Bondye sèlman. — Jij 13:17, 18.

Bib la pa esplike poukisa yo site non kèk moun epi yo pa site non kèk lòt moun. Men nou ka aprann anpil bagay nan egzanp moun fidèl ki t ap sèvi Jewova san yo pa t ap chèche pou yo gen gwo renome ni pou yo vin selèb.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje