BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki jan nou ka pwòp nan je Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 4. Fason pou w kite move abitid ou genyen

      Yon moun k ap jete plizyè sigarèt nan yon poubèl.

      Jewova kapab ede w kite nenpòt move abitid.

      Si w konn fimen oswa w konn pran dwòg, petèt ou konnen jan l difisil pou w kite abitid sa yo. Ki sa k ka ede w? Gade ki efè move abitid la gen sou ou. Li Matye 22:37-39, epi fè yon ti pale sou fason tabak oswa dwòg ka gen efè sou:

      • Amitye yon moun ak Jewova.

      • Fanmi yon moun ak moun bò kote l.

      Fè yon lis tout sa w ka fè pou w kite yon move abitid ou genyena. Gade VIDEYO a.

      VIDEYO: Se pou nou gen metriz (2:47)

      Li Filipyen 4:13, epi reponn kesyon sa a:

      • Lè yon moun gen bon abitid pou l priye, pou l etidye Bib la e pou l asiste reyinyon, ki jan sa ka ba l fòs pou l kite yon move abitid?

      5. Lite pou w pa gen move panse e pou w pa gen abitid ki pa pwòp

      Li Kolosyen 3:5, epi reponn kesyon sa yo:

      • Ki jan nou fè konnen pònografi, sèksting ak mastibasyon se bagay ki pa pwòp nan je Jewova?

      • Èske w panse li rezonab pou Jewova atann pou nou pwòp nan domèn moral? Poukisa?

      Gade ki jan w ka lite pou w pa gen panse ki pa pwòp. Gade VIDEYO a.

      VIDEYO: Fè efò pou w ret pwòp (1:51)

      Jezi te sèvi ak yon egzanp pou l montre nou dwe aji yon fason ki fèm pou nou rete pwòp nan domèn moral. Li Matye 5:29, 30, epi reponn kesyon ki vin apre a:

      • Byenke Jezi pa t vle di nou dwe fè tèt nou mal nan domèn fizik, li te vle fè konprann nou dwe aji yon fason ki fèm. Ki sa yon moun ka fè pou l rejte panse ki pa pwòpb?

      Si w ap lite pou w sispann gen panse ki pa pwòp, Jewova apresye efò w yo. Li Sòm 103:13, 14, epi reponn kesyon sa a:

      • Si w ap lite pou w kite yon move abitid, ki jan vèsè sa yo ka ede w kontinye fè efò?

      Si w tonbe, sa pa vle di w echwe!

      Li ka fasil pou w di w pa reyisi, genlè pito w bay vag. Men, fè yon ti reflechi: si yon moun nan yon kous bite e li tonbe, sa pa vle di li pèdi kous la, ni sa pa vle di li oblije rekòmanse kous la nèt. Menm jan an tou, si w ap lite pou w kite yon move abitid epi w tonbe ladan l ankò, sa pa vle di ou pap ka kite l e sa pa vle di tout pwogrè w te gentan fè yo pa itil anyen. Si w tonbe kèk fwa, sa nòmal. Pa dekouraje! Ou ka rive kite move abitid ou genyen an avèk èd Jewova.

      Yon moun k ap patisipe nan yon kous ki tonbe epi k ap leve.
  • Ki jan kretyen yo konsidere alkòl?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • 6. Ki sa k ka ede yon moun sispann bwè twòp?

      Gade ki sa k te ede yon mesye sispann bwè twòp bwason ki gen alkòl. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo:

      VIDEYO: ‘Mwen te bouke ak fason m t ap viv la’ (6:32)

      Foto ki ansanm: Kèk sèn nan videyo ‘Mwen te bouke ak fason m t ap viv la’. 1. Dmitry k ap gade yon boutèy ki te gen alkòl. 2. Dmitry, madanm li ak pitit fi yo a k ap etidye Bib la ansanm.
      • Nan videyo a, ki sa Dmitry te konn fè lè l bwè twòp alkòl?

      • Èske se tousuit li te sispann bwè?

      • Ki sa k te ede l sispann bwè twòp alkòl?

      Li 1 Korentyen 6:10, 11, epi reponn kesyon sa yo:

      • Jis nan ki pwen sa grav pou yon moun sou?

      • Menmsi yon moun konn bwè twòp bwason ki gen alkòl, ki sa k montre li kapab chanje?

      Li Matye 5:30, epi reponn kesyon sa a:

      • Lè Jezi te di pou yon moun koupe men l lan, li te vle di nou bezwen fè sakrifis pou nou fè Jewova plezi. Ki sa w ka fè si w ap lite pou w sispann bwè twòp bwason ki gen alkòla?

      Li 1 Korentyen 15:33, epi reponn kesyon sa a:

      • Nan kesyon bwè bwason ki gen alkòl, ki jan moun ki zanmi w kapab gen efè sou kantite w bwè?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje