-
Fason pou nou reyisi toutbon nan lavi aToudegad — 2012 | 15 desanm
-
-
13. Ki konsèy Jezi te bay konsènan byen materyèl?
13 Men sa Jezi te di konsènan byen materyèl: “Sispann anpile trezò sou tè a, kote ki gen mit ak wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè ka antre pou yo vòlè yo. Okontrè, anpile trezò nan syèl la, kote ki pa gen ni mit ni wouy ki ka wonyen yo, e kote vòlè pa ka antre pou yo vòlè. Paske, kote trezò w ye, se la kè w ap ye tou.” — Mat. 6:19-21.
-
-
Fason pou nou reyisi toutbon nan lavi aToudegad — 2012 | 15 desanm
-
-
15. Nan ki domèn nou ta dwe fè tout sa n kapab pou n reyisi?
15 Gen kèk chèf relijye ki fè konnen li mal pou yon moun fè tout sa l kapab pou l reyisi e yon moun ta dwe sispann fè efò pou l reyisi. Sepandan, se pa tout efò Jezi te kondane. Okontrè, li te ankouraje disip li yo pou yo fè efò nan yon lòt domèn. Li te mande yo pou yo anpile “trezò” ki pa ka detwi yo “nan syèl la”. Donk, sa ki ta dwe gen plis enpòtans pou nou, se fè tout sa n kapab pou n reyisi jan Jewova vle a. Wi, pawòl Jezi yo fè nou sonje nou gen yon chwa pou n fè konsènan objektif n ap pousuiv. An reyalite, sa k nan kè yon moun se li k gen valè pou li e se li l ap pousuiv.
16. Nan ki sa nou ka met tout konfyans nou?
16 Si nou deside nan kè nou pou n fè Jewova plezi, nou mèt gen konfyans l ap asire l nou jwenn sa n bezwen. Menm jan ak apot Pòl, li ka kite nou swaf oswa grangou pou yon ti tan (1 Kor. 4:11). Sepandan, nou kapab gen yon konfyans total nan konsèy saj Jezi ban nou ki vin apre a. Men sa l te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou n ap di: ‘Ki sa n ap manje?’ ‘Ki sa n ap bwè?’ ‘Ki sa n ap met sou nou?’ Paske, se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap kouri ak tout fòs. Alòske, Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche wayòm nan an premye, e kontinye chèche fè sa ki jis nan je Bondye an premye, e l ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou.” — Mat. 6:31-33.
-