BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 1 p. 15
  • Pa bay tèt nou pwoblèm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pa bay tèt nou pwoblèm
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Matye 6:34 — “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Lage tout tètchaje nou sou Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Fason Bib la ka ede mesye yo fè fas ak enkyetid lavi a
    Kèk lòt sijè
  • Gen anpil bagay ki bay moun enkyetid!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 1 p. 15

YON SOUS SAJÈS KI LA LONTAN KI ITIL MOUN JODI A

Pa bay tèt nou pwoblèm

PRENSIP KI NAN BIB LA: “Sispann bay tèt nou pwoblèm pou vi nou.” — Matye 6:25.

Yon dam k ap gade yon resi e ki enkyè.

Ki sa sa vle di? Jezi te di pawòl sa yo nan Sèmon sou montay la. Selon yon diksyonè biblik, vèb grèk lè yo tradui l ki bay “bay tèt pwoblèm” nan ka fè referans ak “reyaksyon nòmal yon moun ka genyen lè l nan povrete, lè l grangou e lè l gen lòt pwoblèm nan lavi l ap mennen chak jou”. Souvan, yon moun enkyete l pou bagay ki ka rive alavni. Li nòmal e li bon pou nou enkyete nou pou bezwen materyèl nou ak ak byennèt fanmi nou (Filipyen 2:20). Men, lè Jezi te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm”, se konseye li t ap konseye disip yo pou yo pa enkyete yo twòp, paske lè moun enkyete yo pou demen depase limit, sa fè yo pèdi lajwa yo te genyen pou yo viv jodi a. — Matye 6:31, 34.

Èske sa aplikab jodi a? N ap montre nou saj lè nou swiv konsèy Jezi yo. Poukisa? Gen kèk liv referans ki fè konnen lè yon moun enkyete anpil, sèvo l toujou vin gen pwoblèm, e sa “pote pwoblèm medikal tankou ilsè, maladi kè ak doulè asmatik”.

Jezi te bay yon bon rezon pou n pa twò enkyente nou: Sa pap fè anyen pou nou. Men sa Jezi te di: “Kiyès nan nou, lefètke l ap bay tèt li pwoblèm, ki ka mete menm yon yota sou longè lavi l?” ​(Matye 6:27). Lè nou ret konsantre sou pwoblèm nou yo, sa pap fè nou viv pi lontan, sa pap ajoute menm yon segonn sou lavi nou, ale wè pou l ta amelyore l. Mete sou sa, souvan, bagay yo pa pase jan nou te panse a. Men ki fason yon biblis esplike sa: “Se anven yon moun ap bay tèt li pwoblèm pou lavni, epi li ra pou demen pa bon jan nou te panse l la.”

Yon dam k ap travay nan jaden.

Ki jan nou ka evite bay tèt nou pwoblèm? Premyeman, mete konfyans nou nan Bondye. Si Bondye bay zwazo yo manje e li abiye flè yo byen bèl, èske li pap bay sèvitè l yo ki mete adorasyon y ap ba li an premye nan lavi yo sa yo bezwen pou yo viv (Matye 6:25, 26, 28-30)? Dezyèmman, viv ojoulejou. Men sa Jezi te di: “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l.” Èske w pa dakò “chak jou gen kont traka pa l”? — Matye 6:34.

Lè nou suiv konsèy sa a Jezi te bay, yon konsèy ki saj, nou ka evite yon pakèt pwoblèm nan domèn fizik. Epitou, n ap gen yon lespri ki kalm, n ap gen sa Bib la rele “lapè Bondye” a. — Filipyen 4:6, 7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje