-
Li akonpli yon pwofesi Ezayi te anonseJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
Men sa Labib di: “Gade! Men sèvitè m nan, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen an, moun mwen pran plezi nan li a! M ap mete lespri m sou li, e l ap fè nasyon yo konnen sa k rele jistis la. Li pap nan diskisyon, ni nan rele fò. Pèsonn pap tande vwa l nan gran wout yo. Li pap kase wozo ki panche a, e li pap etenn mèch lanp k ap bay lafimen an, jiskaske li fè jistis pot laviktwa. Wi, nasyon yo ap met espwa yo nan non l.” — Matye 12:18-21; Ezayi 42:1-4.
-
-
Li akonpli yon pwofesi Ezayi te anonseJezi se chemen an, verite a, lavi a
-
-
Nan ki sans ‘li pap nan diskisyon, ni nan rele fò e pèsonn pap tande vwa l nan gran wout yo’? Lè Jezi geri moun, li pase moun yo oswa demon yo lòd pou yo pa “fè moun konnen kiyès li ye”. (Mak 3:12.) Li pa vle moun yo mache fè anons byen fò pou li nan lari ni li pa vle yo kouri gaye nouvèl ki pa laverite sou li.
-