BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 42 p. 104-p. 105 par. 2
  • Jezi reprimande Farizyen yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi reprimande Farizyen yo
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi reprimande Farizyen yo
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Li te aprann nan erè l te fè yo
    Annou imite lafwa yo
  • Li te aprann sa k rele mizèrikòd
    Annou imite lafwa yo
  • Ann bat pou n wè lòt moun menm jan Jewova wè yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 42 p. 104-p. 105 par. 2
Rèn Cheba a k ap pwoche bò twòn wa Salomon an.

CHAPIT 42

Jezi reprimande Farizyen yo

MATYE 12:33-50 MAK 3:31-35 LIK 8:19-21

  • JEZI PALE DE ‘SIY JONAS LA’

  • DISIP JEZI YO PI PWÒCH LI PASE FANMI L

Lefètke espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo nye se grasa pouvwa Bondye Jezi chase demon, yo sanlè ap blasfeme kont lespri sen. Donk, nan ki kan yo kanpe? Bò kot Bondye oswa bò kot Satan? Men sa Jezi di: “Si nou se yon bon pyebwa, n ap bay bon fwi. Men, si nou se yon move pyebwa, n ap bay move fwi. Paske, se fwi yon pyebwa bay ki fè yo konn si l bon ak si l pa bon.” — Matye 12:33.

Yon pyebwa ki gen fwi sou li.

Li pa lojik pou yon moun panse se paske Jezi ap sèvi Satan ki fè l pwodui bon fwi, sètadi ki fè l chase demon. Pandan Jezi t ap bay Diskou sou mòn nan, li te fè konnen si yon fwi bon, pyebwa a pa ka pa bon. Donk, ki sa fwi Farizyen yo pwodui a, anpalan de akizasyon derezonab ak opozisyon san fondman yo fè kont Jezi yo, montre? Yo montre yo menm yo pa bon. Jezi di yo: “Ras vipè, kòman nou ta fè di bon bagay, piske nou mechan? Paske, pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l.” — Matye 7:16, 17; 12:34.

Piske pawòl nou montre nan ki eta kè nou ye, se dapre sa nou di y ap jije nou, men sa Jezi di: “Tout pawòl ki pa itil moun di, y ap gen pou yo rann kont pou li nan Jou Jijman an. Paske, se pawòl ou di k ap fè swa yo deklare w jis swa yo kondane w.” — Matye 12:36, 37.

Malgre tout mirak Jezi fè, espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo mande l pou l fè plis bagay, yo di: “Anseyan, nou ta renmen w ban nou yon siy.” Menmsi mesye sa yo pa t wè lè Jezi fè mirak yo, gen anpil prèv vizib konsènan mirak sa yo ki egziste. Se poutèt sa Jezi di chèf relijye juif sa yo: “Nou se yon jenerasyon ki mechan e ki pa fidèl ak Bondye. Nou kontinye ap chèche yon siy, men sèl siy y ap ban nou se siy pwofèt Jonas la.” — Matye 12:38, 39.

Yon gwo pwason ap vale Jonas.

Jezi pa t kite y ap poze tèt yo kesyon pou yo mande sa pawòl li yo vle di. Men sa l di yo: “Menm jan Jonas te fè twa jou twa nuit nan vant gwo pwason an, se konsa tou Pitit lòm nan ap fè twa jou twa nuit nan vant tè a.” Lè Jonas te soti nan vant pwason ki te vale l la, se kòmsi se resisite li te resisite. Donk, Jezi anonse li gen pou l mouri e li gen pou l resisite sou twazyèm jou a. Poutan, pi devan, menm apre Jezi fin resisite, chèf relijye juif yo pap vle rekonèt ‘siy Jonas la’. Yo pa vle ni repanti ni chanje (Matye 27:63-66; 28:12-15). Kontrèman ak chèf relijye yo, “moun Niniv yo” te repanti lè Jonas te preche yo. Se sa k fè y ap leve lè jijman an pou yo kondane jenerasyon sa a. Nan menm sans lan, rèn Cheba a ap kondane yo tou. Rèn sa a te vle tande pawòl sajès Salomon t ap di e li te sezi pou sa l te tande. Apre sa, Jezi di: “Gen yon moun la a ki pi enpòtan pase Salomon.” — Matye 12:40-42.

Apre sa, Jezi bay egzanp yon mesye ki gen yon movèzespri ki sot sou li pou l montre nan ki sitiyasyon jenerasyon mechan sa a ye (Matye 12:45). Etandone mesye a pa ranpli vid li vin gen nan li a ak bon bagay, gen sèt movèzespri pi mechan ki rantre sou li. Menm jan an tou, nasyon Izrayèl la se te yon nasyon yo te pirifye e ki te fè yon seri chanjman, tankou lè yon movèzespri ale pou yon ti tan. Men, lefètke nasyon Izrayèl la te rejte pwofèt Bondye yo, sa ki fè l vin opoze ak Jezi, Sila a ki gen lespri Bondye a, sa montre li vin pi mechan pase anvan.

Pandan Jezi kontinye pale, manman l ak frè l yo vin toupre foul la. Moun ki chita toupre l yo di l: “Men manman w ak frè w yo kanpe deyò a, yo ta renmen wè w.” Apre sa, Jezi montre jis nan ki pwen li santi l pwòch ak disip li yo, ki tankou bonjan frè, bonjan sè ak bonjan manman pou li. Li lonje men l sou disip li yo, li di: “Se moun ki tande pawòl Bondye a e ki obeyi l ki manman m e ki frè m.” ​(Lik 8:20, 21). Nan sans sa a, Jezi montre, menmsi lyen ki atache l ak fanmi l gen valè nan je l, relasyon li gen ak disip li yo gen plis valè toujou. Se pa ti bon sa bon lè nou gen lyen espirityèl konsa ki ini nou, sitou lè gen moun ki gen dout sou nou oswa sou bon aksyon nou fè!

  • Nan ki sans Farizyen yo pa yon bon pyebwa?

  • Ki sa ‘siy Jonas la’ ye, e ki jan yo te vin rejte siy sa a?

  • Ki jan nasyon Izrayèl nan premye syèk la sanble ak mesye ki gen yon movèzespri ki sot sou li a?

  • Ki jan Jezi montre jis nan ki pwen li gen bon relasyon ak disip li yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje