-
“M ap fè yo fè yon sèl”Jewova retabli vrè adorasyon an!
-
-
11 Pandan syèk kote relijyon ki di yo se kretyen yo t ap domine yo, yon peryòd kote pa t gen limyè nan domèn espirityèl, te gen kèk vrè kretyen, anpalan de “ble” Jezi te pale de li nan parabòl li a. Menm jan ak Juif ki te ann egzil yo pale de yo nan Ezekyèl 6:9 la, moun sa yo te sonje vrè Dye a. Gen kèk ladan yo ki te met kouraj sou yo pou yo opoze ak fo doktrin relijyon ki di yo se kretyen yo ap anseye. Moun te pase yo nan rizib e yo te jwenn pèsekisyon. Èske Jewova te gen entansyon kite pèp li a nan fo relijyon pou toutan? Non! Menm jan sa te ye nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te fache nan yon degre ki apwopriye e pandan kantite tan ki te nesesè a (Jer. 46:28). Mete sou sa, Jewova pa t kite pèp li a san espwa. Ann retounen sou Juif ki te ann egzil nan Babilòn tan lontan an epi ann wè ki jan Jewova te ba yo espwa yon lè yo pap ann egzil ankò.
Pandan plizyè syèk, Gran Babilòn nan te pèsekite vrè kretyen yo. (Gade paragraf 10, 11)
-