-
“ Li jwenn yon pèl ki gen anpil valè ”Toudegad — 2005 | 1ye fevriye
-
-
“ Li jwenn yon pèl ki gen anpil valè ”
“ Wayòm syèl la se objektif lèzòm ap fè gwo efò pou yo atenn, e moun ki fè gwo efò konsa rive pran l. ” — MATYE 11:12.
1, 2. a) Ki kalite ki ra Jezi te dekri nan youn nan parabòl li te bay sou Wayòm nan ? b) Ki sa Jezi te di nan parabòl sou pèl ki koute chè a ?
ÈSKE gen yon bagay ou tèlman bay valè ou t ap dispoze bay tout sa w posede, ou t ap dispoze sakrifye tout byen w genyen pou w posede l ? Byenke gen moun ki di yo prèt pou sakrifye tout bagay pou yo atenn yon seri objektif tankou gen lajan, vin selèb, gen pouvwa oubyen okipe yon pozisyon, li ra pou yon moun ta jwenn yon bagay ki sitèlman gen valè pou li, pou l ta dispoze abandone tout sa l genyen pou l ka posede bagay sa a. Nan youn nan pakèt parabòl Jezi Kris te bay sou Wayòm Bondye a, parabòl ki pouse moun reflechi, li te pale de bèl kalite sa a, yon kalite ki ra.
2 Se yon parabòl, oubyen yon egzanp, Jezi te bay disip li yo an prive, souvan moun rele l : parabòl pèl ki koute chè a. Men sa Jezi te di : “ Wayòm syèl la sanble ak yon komèsan k ap pwonmennen chèche bèl pèl. Lè li jwenn yon pèl ki gen anpil vale, li ale e byen vit li vann tout sa l te genyen epi li achte l. ” (Matye 13:36, 45, 46). Ki sa Jezi te vle moun k ap koute l yo aprann nan egzanp sa a ? E ki pwofi nou ka tire nan pawòl Jezi yo ?
Pèl se bagay ki gen anpil valè
3. Nan tan lontan, poukisa bèl pèl te gen valè konsa ?
3 Depi nan tan lontan, pèl gen anpil valè antanke objè moun itilize pou fè bèbèl. Gen yon liv ki fè konnen : selon yon ekriven women ki rele Plin, pi Gran an, pèl te okipe “ premye ran pami tout bagay ki gen valè ”. Kontrèman ak lò, ajan oubyen anpil lòt pyè presye, se òganis vivan ki pwodui pèl. Se yon bagay anpil moun konnen, gen kèk espès zuit ki ka fè yon kò etranje ki irite yo, tankou yon ti grenn sab pa egzanp, tounen bèl pèl k ap briye. Pou yo fè sa, yo vlope ti grenn sab sa a nan yon likid yo sekrete ki rele nak. Nan tan lontan, yo te konn jwenn pi bèl pèl yo sitou nan lanmè Wouj, nan gòlf Pèsik ak nan oseyan Endyen, kote ki byen lwen peyi Izrayèl. Sandout, se pou rezon sa a Jezi te pale de “ yon komèsan k ap pwonmennen chèche bèl pèl ”. Pou yon moun jwenn pèl ki vrèman gen valè, sa mande anpil efò.
4. Ki leson prensipal ki nan parabòl Jezi te bay sou komèsan k ap pwonmennen an ?
4 Menmsi depi tout tan bèl pèl se bagay ki te toujou koute chè, sanble se pa valè kòb pèl te koute a ki te reprezante leson prensipal nan parabòl Jezi a. Nan parabòl sa a, Jezi pa t annik konpare Wayòm Bondye a ak yon pèl ki gen anpil valè, men li te atire atansyon sou “ yon komèsan k ap pwonmennen chèche bèl pèl ”. Li te atire atansyon sou reyaksyon komèsan an te genyen lè li te jwenn yon bèl pèl. Kontrèman ak yon senp machann, yon komèsan k ap pwonmennen chèche pèl, se sa yo ka rele yon ekspè nan domèn nan. Se yon moun ki gen bon je, ki konn obsève byen pou l disène bote kache pèl la ak detay ki difisil pou moun remake, alòske se bagay sa yo ki fè pèl la estrawòdinè. Depi l annik wè vrè pèl la li rekonèt li e li pap kite yo twonpe l ak yon machandiz ki enferyè oubyen ki fo.
5, 6. a) Ki sa ki patikilyèman remakab konsènan komèsan ki nan parabòl Jezi te bay la ? b) Ki sa parabòl sou trezò ki sere a revele sou komèsan k ap pwonmennen an ?
5 Gen yon lòt bagay ki remakab konsènan komèsan espesyal sa a. Premye bagay yon senp komèsan ap fè, se kalkile konbyen kòb pèl la koute sou mache a pou l ka konnen konbyen kòb pou l peye l dekwa pou l ka fè yon benefis sou li. Apre sa, l ap reflechi pou l wè si jan de pèl sa a se yon bagay y ap achte nan men l, yon fason pou l ka vann li byen vit. Sa vle di, sa ki enterese l se fè yon benefis tousuit sou envestisman l lan, se pa kenbe pèl la pou li. Men se pa menm bagay pou komèsan nan parabòl Jezi a. Se pa t kòb oswa avantaj materyèl ki te enterese l. An reyalite, li te dispoze sakrifye “ tout sa l te genyen ”, petèt tout byen pèsonèl li, pou li rive posede sa li t ap chèche a.
6 Nan je pifò machann, sa mesye ki nan parabòl Jezi a te fè a sanble pa t saj. Yon moun ki konn biznis pa t ap fè yon tranzaksyon ki gen tout risk sa a ladan l. Men, komèsan ki nan parabòl Jezi a te gen lòt prensip k ap dirije l. Rekonpans li t ap jwenn nan se pa t yon avantaj finansye, men se jwa ak satisfaksyon yon moun genyen lè l posede yon bagay ki gen pi plis valè lontan pase tout lòt bagay. Pwen sa a parèt klè nan yon lòt egzanp Jezi te bay. Li di : “ Wayòm syèl la sanble ak yon trezò ki sere nan yon tè ki ka fè jaden, epi yon nonm jwenn li, li sere l, li tèlman kontan li ale li vann tout sa l genyen epi li achte tè a. ” (Matye 13:44). Wi, jwa mesye sa a te genyen dèske li dekouvri trezò a, epi se li menm ki mèt trezò sa a, te sifi pou pouse l abandone tout sa li te genyen. Èske gen moun konsa ki egziste jodi a ? Èske gen yon trezò ki merite pou yon moun fè tout sakrifis sa a pou l posede l ?
Moun ki apresye kokenn valè Wayòm nan genyen
7. Ki jan Jezi te montre li te gen anpil apresyasyon pou kokenn valè Wayòm nan genyen ?
7 Lè Jezi te bay parabòl la, li t ap pale konsènan “ Wayòm syèl la ”. Se sèten, li se moun ki apresye kokenn valè Wayòm nan genyen. Dayè, sa yo rapòte nan Evanjil yo bay gwo prèv sou sa. Apre Jezi te fin batize nan ane 29 epòk nou an, li “ te kòmanse preche, li di : ‘ Se pou nou repanti paske wayòm syèl la vin pi pre. ’ ” Pandan twazan edmi, li te anseye anpil moun konsènan Wayòm nan. Li te bat tout peyi a, “ li te mache vil an vil, bouk an bouk, li t ap preche e li t ap anonse bon nouvèl wayòm Bondye a ”. — Matye 4:17 ; Lik 8:1.
8. Ki sa Jezi te fè pou l montre sa Wayòm nan pral akonpli ?
8 Jezi te fè anpil mirak nan tout peyi a, li te geri malad, li te bay moun grangou manje, li te metrize fòs ki gen nan lanati, li te menm resisite moun mouri. Konsa, li te montre tou ki sa Wayòm Bondye a pral akonpli (Matye 14:14-21 ; Mak 4:37-39 ; Lik 7:11-17). Finalman, li te pwouve fidelite li pou Bondye ak Wayòm nan lè li te bay vi li, lè l te mouri an mati sou yon poto soufrans. Menm jan komèsan k ap pwonmennen an te chwazi bay tout sa l te genyen pou “ pèl ki gen anpil valè ” a, Jezi te viv e li te mouri pou Wayòm nan. — Jan 18:37.
9. Ki kalite ki ra ki te remakab pami premye disip Jezi yo ?
9 Jezi pa t sèlman santre lavi pa l sou Wayòm nan, men tou li te rasanble yon ti gwoup disip ansanm ak li. Moun sa yo tou te gen anpil apresyasyon pou kokenn valè Wayòm nan genyen. Pami yo, te gen Andre okòmansman ki te yon disip Jan Batis. Lè li te tande Jan k ap esplike Jezi se “ Timouton Bondye a ”, li menm ak yon lòt disip Jan, petèt youn nan pitit Zebede yo ki rele Jan tou, imedyatman yo te santi yo atire pou yo vin jwenn Jezi, e yo te vin kwayan. Men, bagay yo pa t rete la. Menm kote a, Andre te al jwenn Simon, frè li, e li di l : “ Nou jwenn Mesi a. ” Sa pa t pran tan, pou Simon (yo te vin rele Sefas, oubyen Pyè), Filip ansanm ak zanmi l Natanayèl te vin rekonèt, yo menm tou, Jezi se Mesi a. Dayè, san ezitasyon, Natanayèl te di Jezi : “ Ou se Pitit Gason Bondye, ou se Wa Izrayèl. ” — Jan 1:35-49.
Sa pouse yo alaksyon
10. Ki jan disip Jezi yo te reyaji lè Jezi te vini e li te rele yo vin suiv li kèk tan apre premye fwa li te rankontre yo a ?
10 Eksperyans enteresan Andre, Pyè, Jan ak lòt disip yo te fè lè yo te jwenn Mesi a te ka konpare ak eksperyans komèsan k ap pwonmennen an te viv lè li te jwenn pèl ki gen anpil vale a. Men, ki sa yo t apral fè kounye a ? Evanjil yo pa ban nou twòp detay sou sa yo te fè imedyatman yo te fin rankontre Jezi pou premye fwa. Sanble, pifò nan yo te retounen nan aktivite nòmal yo t ap mennen. Sepandan, ant sis a douz mwa apre sa, yon lòt fwa ankò, Jezi te rankontre Andre, Pyè, Jan ak Jak, frè Jan an, nan biznis lapèch yo te genyen toupre lanmè Galilea. Lè Jezi wè yo, li di : “ Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun. ” Ki jan yo te reyaji ? Konsènan Pyè ak Andre, men sa Matye di : “ Menm kote a, yo abandone filè yo e yo suiv li. ” Kanta pou Jak ak Jan, nou li : “ Menm kote a, yo kite bato a ak tout papa yo, yo suiv li. ” Lik li menm li ajoute, yo “ abandone tout bagay epi yo suiv li ”. — Matye 4:18-22 ; Lik 5:1-11.
11. Ki rezon petèt ki fè disip yo te reyaji byen vit lè Jezi te rele yo vin suiv li ?
11 Jan disip yo te reyaji byen vit la, èske se yon desizyon yo te pran san reflechi ? Non. Menmsi apre premye kontak yo ak Jezi yo te tounen nan biznis lapèch fanmi yo te genyen an, pa gen dout, sa yo te wè ak sa yo te tande nan okazyon sa a te fè gwo enpresyon sou yo, sa te make yo nan fon kè yo ak nan lespri yo. Yon ane anviwon ki te pase a te pèmèt yo jwenn ase tan pou yo reflechi sou sa yo te tande yo. Kounye a, moman an te rive pou yo pran yon desizyon. Èske yo t ap reyaji menm jan ak komèsan k ap pwonmennen Jezi te dekri a, ki te gen kè l tèlman kontan lè li te jwenn pèl ki pa t gen pri a, li te “ ale e li prese ” fè tout sa ki nesesè pou l achte pèl sa a ? Wi. Sa yo te wè ak sa yo te tande te touche kè yo. Yo te rann yo kont moman an te rive pou yo aji. Se poutèt sa, jan yo fè nou konn sa, san yo pa t ezite, yo te abandone tout bagay e yo te vin disip Jezi.
12, 13. a) Ki jan anpil moun ki t ap koute Jezi te reyaji ? b) Ki sa Jezi te di konsènan disip fidèl li yo, e ki sa pawòl li a vle di ?
12 Ala diferans ki genyen ant disip fidèl sa yo ak yon lòt seri de moun yo mansyone pi devan nan Evanjil yo ! Jezi te geri anpil nan moun sa yo oubyen li te ba yo manje, men yo te kontinye mennen pwòp aktivite yo kòmsi deryennetè (Lik 17:17, 18 ; Jan 6:26). Gen kèk ki te menm ap chèche eskiz lè Jezi te envite yo pou yo vin disip li (Lik 9:59-62). Tandiske, disip fidèl li yo te diferan. Pi devan, men sa Jezi te di de yo : “ Depi nan epòk Jan Batis pou rive jis kounye a, wayòm syèl la se objektif lèzòm ap fè gwo efò pou yo atenn, e moun ki fè gwo efò konsa rive pran l. ” — Matye 11:12.
13 “ Fè gwo efò ”, ‘ fè gwo efò pou atenn ’, ki sa ekspresyon sa yo vle di ? Anrapò ak vèb grèk ekspresyon sa yo soti ladan l lan, gen yon diksyonè ki di : “ Vèb la endike yon travay rèd ki mande yon kokenn efò. ” (Vine’s Expository Dictionary of Old and New Testament Words). Konsènan menm vèsè a, gen yon biblis ki rele Heinrich Meyer ki di : “ Se konsa yo dekri lit ak travay ki alafwa rèd e pasyonan k ap fèt pou Wayòm mesyanik ki pre a [...]. Kidonk, se yon enterè pasyone men ki mande enèji (pa gen kè pòpòz ankò, pa gen chita tann ankò) yo manifeste anrapò ak Wayòm nan. ” Menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, kèk grenn moun sa yo te rekonèt byen vit sa ki te vrèman presye a, e yo te chwazi abandone tout sa yo te genyen poutèt Wayòm nan. — Matye 19:27, 28 ; Filipyen 3:8.
Lòt moun vin chèche ansanm ak yo
14. Ki jan Jezi te prepare apot li yo pou travay predikasyon Wayòm nan, e ki rezilta sa te bay ?
14 Toutpandan Jezi t ap kontinye ministè li, li te fòme lòt disip e li te ede yo jwenn Wayòm nan. Toudabò li te chwazi 12 nan disip li yo, li te nome yo apot, sa vle di moun li voye. Jezi te ba yo enstriksyon detaye sou fason pou yo akonpli ministè yo. Mete sou sa, li te avèti yo konsènan pwoblèm ak difikilte yo t apral rankontre (Matye 10:1-42 ; Lik 6:12-16). Apre sa, pandan anviwon dezan, yo te akonpaye Jezi nan travay predikasyon li t ap fè toupatou nan peyi a, e konsa yo te vin gen bonjan relasyon ak li. Yo te tande pawòl li di, yo te temwen zèv pisans li fè e yo te wè egzanp li bay pèsonèlman (Matye 13:16, 17). Pa gen dout, tout bagay sa yo te touche yo anpil. Sa te tèlman touche yo, menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, yo te zele pou yo chèche Wayòm nan e yo te fè sa ak tout kè yo.
15. Ki sa Jezi te di ki te prensipal rezon pou disip li yo rejwi ?
15 Apre 12 apot yo, Jezi te “ chwazi swasanndis lòt disip, e li te voye yo devan, de pa de, nan tout vil ak tout kote li menm li te gen pou l rive ”. Li te pale yo tou konsènan eprèv ak difikilte yo t apral rankontre e li te ba yo enstriksyon pou yo di moun yo : “ Wayòm Bondye a vin pre nou. ” (Lik 10:1-12). Lè 70 disip yo te tounen, yo te kontan anpil e yo te bay Jezi rapò, yo te di l : “ Seyè, ata demon yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non w. ” Sepandan, petèt yo te sezi lè Jezi te fè yo konnen gen yon pi gwo jwa ki sere pou yo poutèt yo demontre yo zele pou Wayòm nan. Li te di yo : “ Pa rejwi lefètke espri yo soumèt devan nou, men rejwi pito dèske non nou enskri nan syèl la. ” — Lik 10:17, 20.
16, 17. a) Ki sa Jezi te di apot fidèl li yo dènye nuit li te pase ansanm ak yo a ? b) Ki jwa e ki asirans pawòl Jezi yo te bay apot yo ?
16 Finalman, nan dènye nuit Jezi te pase ak apot li yo, 14 Nizan ane 33 epòk nou an, li te mete sou pye repa yo te vin rele pi devan Soupe Seyè a e li te òdone yo pou yo komemore evènman sa a. Pandan nuit lan, Jezi te di 11 apot ki te rete yo : “ Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo. E mwen menm, mwen fè yon alyans avèk nou, menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen, pou yon wayòm, pou nou ka manje e pou nou ka bwè sou tab mwen avè m nan wayòm mwen an, e pou nou ka chita sou twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. ” — Lik 22:19, 20, 28-30.
17 Se pa ti jwa, se pa ti satisfaksyon ki dwe te ranpli kè apot yo lè yo te tande pawòl sa yo Jezi te di a ! Yo te fè yo pi gwo onè, yo te ofri yo pi gwo privilèj yon imen te ka resevwa (Matye 7:13, 14 ; 1 Pyè 2:9). Menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, yo te abandone anpil bagay pou yo suiv Jezi e pou yo chèche Wayòm nan. Kounye a yo vin gen asirans sakrifis yo te fè pandan tout tan sa yo pa t anven.
18. Apre 11 apot yo, pou kiyès lòt moun finalman Wayòm nan pral pote byenfè ?
18 Se pa pou apot ki te la ansanm ak Jezi jou swa sa a sèlman Wayòm nan ap pote byenfè. Jewova te deside t ap gen 144 000 moun antou ki fè pati alyans pou Wayòm nan. Moun sa yo t apral dirije ansanm ak Jezi Kris nan Wayòm syèl la. Anplis de sa, apot Jan te wè nan vizyon “ yon gwo foul pèsonn pa t ka konte [...], yo kanpe devan twòn nan e devan Timouton an [...], yo t ap di : ‘ Si nou sove, se grasa Bondye nou an ki chita sou twòn nan e se grasa Timouton an. ’ ” Se moun sa yo ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm nanb. — Revelasyon 7:9, 10 ; 14:1, 4.
19, 20. a) Ki opòtinite ki ouvri devan moun tout nasyon ? b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?
19 Yon ti tan anvan Jezi te monte nan syèl la, li te bay disip fidèl li yo lòd sa a : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. Epi gade, mwen avèk nou toule jou jiskaske sistèm de choz la fini. ” (Matye 28:19, 20). Konsa, moun ki soti nan tout nasyon t ap vin disip Jezi Kris. Menm jan komèsan ki t ap pwonmennen an te fè pou bèl pèl la, moun sa yo tou t ap dispoze fè tout sakrifis pou Wayòm nan, kit rekonpans yo se nan syèl la kit se sou tè a.
20 Pawòl Jezi yo montre travay fè disip la t ap kontinye jiskaske “ sistèm de choz la fini ”. Kidonk, nan epòk nou an, èske toujou gen moun ki menm jan ak komèsan k ap pwonmennen an, ki dispoze bay tout sa yo posede pou yo chèche Wayòm Bondye a ? Se kesyon sa a nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.
[Nòt anba paj]
a Jan, pitit Zebede a dwe te suiv Jezi apre li te fin rankontre l premye fwa a e sanble li te temwen kèk nan bagay Jezi te fè, se sa k te pèmèt li ekri yo yon fason ki si vivan nan Evanjil ki pote non l lan (Jan chapit 2-5). Sepandan, li te tounen nan biznis lapèch fanmi l te genyen an kèk tan anvan Jezi te rele l vin suiv li.
b Pou plis detay, gade chapit 10, liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.
-
-
Jodi a tou yo chèche “ pèl ki gen anpil valè ” aToudegad — 2005 | 1ye fevriye
-
-
Jodi a tou yo chèche “ pèl ki gen anpil valè ” a
“ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj. ” — MATYE 24:14.
1, 2. a) Ki konpreyansyon Juif nan epòk Jezi yo te genyen sou Wayòm nan ? b) Ki sa Jezi te fè pou l ede yo gen konpreyansyon ki kòrèk sou Wayòm nan, e ki rezilta sa te bay ?
LÈ JEZI te sou tè a, Wayòm Bondye a se yon sijè ki te enterese Juif yo anpil (Matye 3:1, 2 ; 4:23-25 ; Jan 1:49). Sepandan, okòmansman, pifò nan yo pa t fin byen konprann jis nan ki pwen Wayòm nan t apral etann li e ki jan li t apral egzèse otorite l, ni nonplis yo pa t konprann si Wayòm nan t ap yon gouvènman selès (Jan 3:1-5). Menm pami moun ki te vin disip Jezi yo, gen kèk ki pa t byen konprann sa Wayòm Bondye a ye e yo pa t konnen sa yo te dwe fè pou yo gen privilèj pou yo asosye ak Kris kòm dirijan. — Matye 20:20-22 ; Lik 19:11 ; Travay 1:6.
2 Jou apre jou, avèk pasyans, Jezi te aprann disip li yo anpil bagay. Pami bagay li te aprann yo, te gen parabòl sou pèl ki gen anpil valè nou te egzamine nan atik ki vin anvan an, ki te mete aksan sou enpòtans pou disip li yo fè tout efò yo pou yo chèche Wayòm syèl la (Matye 6:33 ; 13:45, 46 ; Lik 13:23, 24). Sa dwe te touche yo nan fon kè yo paske yon ti tan apre, san yo pa janm bouke e avèk kouraj, yo te pwoklame bon nouvèl Wayòm nan kote ki byen lwen sou tè a, jan liv Travay la bay anpil prèv sou sa. — Travay 1:8 ; Kolosyen 1:23.
3. Anrapò ak epòk nou an, ki sa Jezi te di konsènan Wayòm nan ?
3 E jodi a, kòman sa ye ? Plizyè milyon moun jwenn enfòmasyon sou benediksyon ki pral genyen anba dominasyon Wayòm nan lè tè a tounen yon paradi. Nan gwo pwofesi Jezi te bay ki konsène “ fen sistèm de choz la ”, li te byen di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” (Matye 24:3, 14 ; Mak 13:10). Men tou, li te presize kokenn travay sa a t ap akonpli malgre gwo obstak, gwo difikilte e menm malgre pèsekisyon. Toutfwa, li te bay asirans sa a : “ Moun ki andire jiska lafen se moun sa a k ap sove. ” (Matye 24:9-13). Tout sa mande yon espri sakrifis ak yon angajman ki sanble ak sa komèsan ki nan parabòl Jezi a te montre. Èske jodi a gen moun ki demontre yon fwa ak yon zèl konsa pou yo chèche Wayòm nan ?
Lè yon moun jwenn laverite sa bay lajwa
4. Ki efè laverite sou Wayòm nan genyen sou moun jodi a ?
4 Komèsan ki nan parabòl Jezi a te kontan anpil lè li te remake li jwenn yon “ pèl ki gen anpil valè ”. Jwa sa a te pouse l fè tout sa l kapab pou l posede pèl la (Ebre 12:1). Jodi a, laverite sou Bondye ak sou Wayòm li an atire moun menm jan an tou e li pouse yo alaksyon. Sa fè nou sonje sa frè Alexander Macmillan te ekri nan yon liv ki rele Lafwa ann aksyon (anglè), kote l te rakonte pwòp eksperyans li lè l t ap chèche Bondye e lè l t ap chèche konnen objektif Bondye genyen pou limanite. Li te di : “ Sa mwen jwenn nan, gen plizyè milye moun chak ane ki jwenn li tou. E yo se moun egzakteman menm jan ak mwen menm avè w, piske yo soti nan tout nasyonalite, tout ras, tout kouch sosyal e se moun tout laj. Laverite pa gen patipri, li atire tout kalite moun. ”
5. Ki bèl rezilta nou wè nan rapò pou ane sèvis 2004 la ?
5 Nou ka wè nan ki pwen pawòl sa yo se laverite piske, ane apre ane, bon nouvèl Wayòm Bondye a pouse plizyè milye moun sensè vwe lavi yo bay Jewova e sa pouse yo fè volonte l. Ane sèvis 2004 la, ki kòmanse an septanm 2003 e ki fini ann out 2004, pa fè eksepsyon. Pandan 12 mwa sa yo, te gen 262 416 moun ki te montre an piblik yo te vwe lavi yo bay Jewova lè yo te batize nan dlo. Sa te fèt nan 235 peyi kote Temwen Jewova yo ap kondui 6 085 387 etid biblik chak semèn lakay moun yo, yon fason pou yo ede moun tout kouch sosyal, tout pwofesyon, moun ki soti nan anpil nasyon, anpil tribi ak anpil lang, konprann verite ki soti nan Pawòl Bondye a, verite ki bay lavi. — Revelasyon 7:9.
6. Ki sa ki esplike akwasman san rete ki genyen ane apre ane yo ?
6 Ki sa ki te rann tout travay sa a posib ? Pa gen dout, se Jewova ki atire moun ki nan dispozisyon kòrèk sa yo vin jwenn li (Jan 6:65 ; Travay 13:48). Sepandan, nou pa fèt pou nou souzestime espri abnegasyon ki lakay moun ki bay tout yo menm pou chèche Wayòm nan, ni nou pa fèt pou nou minimize efò san rete yo fè. A 79 an, frè Macmillan te ekri pawòl sa yo : “ Depi lè m aprann ki espwa ki genyen pou monn sa a ki malad e k ap depafini an, esperans mwen genyen nan sa mesaj biblik sa a revele a rete entak. Depi lè sa a, mwen detèmine pou m chèche konnen plis sou sa Bib la anseye yon fason pou m ka ede lòt moun menm jan avè m k ap chèche gen konesans sou Bondye Toupisan an, Jewova, ak sou bèl objektif li genyen pou limanite. ”
7. Ki eksperyans ki montre lajwa ak zèl ki anime moun ki jwenn laverite ?
7 Menm zèl sa a nou jwenn li tou lakay sèvitè Jewova yo jodi a. Pran Daniela pa egzanp, ki se moun Vyèn, ann Otrich. Li di : “ Depi m te toupiti, se Bondye ki pi bon zanmi m. Mwen te toujou vle konnen non l, paske mwen twouve sa twò vag pou m annik di ‘ Bondye ’. Men, mwen te oblije tann jiska 17 an, lè Temwen Jewova yo te frape nan pòt mwen. Yo te esplike m tout bagay mwen te vle konnen sou Bondye. Anfen, mwen te jwenn laverite e se te estrawòdinè ! Mwen te tèlman kontan, mwen te kòmanse preche tout moun. ” Li te sitèlman chofe lè l ap pale de laverite, sa pa t pran tan pou kamarad lekòl li te kòmanse fawouche l. Daniela di : “ Pou mwen menm, se pwofesi ki nan Bib la k ap akonpli, paske mwen te aprann Jezi te di yo t ap rayi disip li yo e yo t ap pèsekite yo akoz non li. Mwen te tèlman kontan, mwen te tèlman satisfè ! ” Sa pa t pran lontan pou Daniela te vwe lavi l bay Jewova e pou l te batize. E depi lè sa a, li te fikse objektif pou l vin misyonè. Apre li te fin marye, li te akonpaye Helmut, mari li, nan travay predikasyon an pami kominote afriken, chinwa, filipen ak endyen k ap viv nan vil Vyèn. Jodi a, Daniela ak Helmut se misyonè nan sidwès Afrik.
Yo pa abandone
8. Site youn nan fason anpil moun demontre lanmou yo pou Bondye ak fidelite yo pou Wayòm li an.
8 Asireman, sèvis misyonè se youn nan fason jodi a pèp Jewova a demontre lanmou l pou Bondye ak fidelite l pou Wayòm li an. Menm jan ak komèsan nan parabòl Jezi a, moun ki rantre nan sèvis sa a dispoze vwayaje nan zòn ki lwen pou koz Wayòm nan. Natirèlman, misyonè sa yo pap vwayaje pou y al chèche bon nouvèl Wayòm nan, men pito y al pote l bay moun k ap viv jis nan dènye bout tè a, yo anseye moun sa yo e yo ede yo vin disip Jezi Kris (Matye 28:19, 20). Nan anpil peyi, yo andire difikilte ki estrawòdinè. Men yo jwenn anpil benediksyon pou andirans yo.
9, 10. Ki bèl eksperyans misyonè yo fè nan zòn ki lwen, tankou Repiblik Santrafrikèn pa egzanp ?
9 Nan Repiblik Santrafrikèn, pa egzanp, ane pase te gen 16 184 moun ki te asiste Memoryal lanmò Kris, sa reprezante anviwon sèt fwa kantite pwoklamatè Wayòm ki genyen nan peyi sa a. Piske gen anpil kote nan peyi sa a ki pa gen elektrisite, an jeneral se deyò, nan lonbray anba pyebwa moun yo fè tout aktivite yo. Konsa, li vin toutafè natirèl pou misyonè yo fè travay predikasyon an menm jan an tou, yo kondui etid biblik deyò, nan lonbray anba pyebwa. Non sèlman deyò a fè pi klè, li fè pi fre, men sa gen yon lòt avantaj ankò. Moun Repiblik Santrafrikèn yo renmen Labib anpil tou natirèlman. Anfèt, pale de relijyon se konvèsasyon ki kouran menm jan li kouran nan kèk lòt kilti pou moun pale de spò oubyen de meteyo. Byen souvan, moun k ap pase konn remake sa k ap fèt la e yo konn tou vin asiste etid la.
10 Se konsa, yon jou pandan yon frè misyonè te deyò, li t ap kondui yon etid, gen yon jèn gason ki rete lòt bò lari a ki te travèse vin di l, etandone pa t gen moun ki vin vizite l, se pou l vini lakay li pou l etidye Labib avè l tou. Natirèlman, misyonè a te byen kontan aksepte, e jèn gason sa a te fè pwogrè byen rapid. Nan peyi sa a, souvan, lè polisye rete Temwen yo nan lari, se pa pou fè yo peye amann ni pou ba yo kontravansyon, men se pou yo mande yo dènye nimewo Toudegad ak Réveillez-vous ! oubyen pou yo remèsye yo pou yon atik yo te renmen an patikilye.
11. Malgre eprèv, ki sa kèk misyonè ki la lontan panse konsènan sèvis yo ?
11 Anpil nan moun ki te rantre nan sèvis misyonè depi 40 oubyen 50 an toujou fidèl nan sèvis yo. Ala yon bèl egzanp lafwa ak pèseverans moun sa yo ye pou nou tout ! Pandan 42 ane ki sòt pase yo, gen yon koup ki te sèvi kòm misyonè nan twa peyi. Men sa mari a esplike : “ Se pa de pwoblèm nou rankontre. Pa egzanp, n ap lite kont malarya depi 35 an. Sepandan, nou pa t janm regrèt desizyon nou te pran pou nou misyonè. ” Madanm li ajoute : “ Toujou gen anpil rezon pou nou montre nou rekonesan. Travay predikasyon an tèlman bay kè kontan, e li fasil pou nou kòmanse etid biblik. Lè nou wè etidyan yo vin nan reyinyon e y ap fè konesans youn ak lòt, w a di chak fwa se yon rasanbleman familyal. ”
Yo “ konsidere tout bagay tankou yon pèt ”
12. Ki jan yon moun ka montre li vrèman apresye valè Wayòm nan genyen ?
12 Lè komèsan k ap pwonmennen an te jwenn yon pèl ki gen anpil valè, “ li te ale e byen vit li vann tout sa l te genyen epi li achte l ”. (Matye 13:46.) Dispozisyon sa a moun sa yo genyen pou yo abandone sa anpil lòt moun konsidere kòm bagay ki gen valè, se karakteristik moun ki vrèman apresye valè Wayòm nan. Men sa apot Pòl, youn nan moun ki t apral patisipe ansanm ak Kris nan glwa Wayòm nan, te di : “ Mwen konsidere tout bagay tankou yon pèt poutèt kokenn enpòtans konesans Jezi Kris, Seyè m nan, genyen an. Poutèt li menm, mwen aksepte pèdi tout bagay e m konsidere yo tankou yon pil fatra, yon fason pou m ka gen Kris. ” — Filipyen 3:8.
13. Ki jan yon mesye nan Repiblik Tchèk te montre lanmou li pou Wayòm nan ?
13 Nan menm sans lan, gen anpil moun jodi a ki dispoze fè gwo chanjman nan lavi yo yon fason pou yo jwenn benediksyon Wayòm nan. Pa egzanp, ann oktòb 2003, gen yon direktè lekòl nan Repiblik Tchèk, ki gen 60 an, ki te li liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, yon liv yo itilize pou fè etid biblik. Lè li te fin li liv sa a, imedyatman li te pran kontak ak Temwen Jewova ki nan zòn nan pou l mande yo yon etid biblik. Li te fè bèl pwogrè espirityèl e li pa t pran tan pou l asiste tout reyinyon yo. Sepandan, li te gen pwojè pou l vin majistra e pou l antre nan kous elektoral pou l vin senatè. Ki sa l te fè ak tout pwojè sa yo ? Li te deside patisipe nan yon lòt kous pito : kous pou lavi a, antanke pwoklamatè Wayòm nan. Li di : “ Mwen te gen posiblite plase elèv mwen yo yon pakèt piblikasyon biblik. ” Nan yon kongrè distri ki te fèt an jiyè 2004, li te batize nan dlo pou l montre li te vwe lavi li bay Jewova.
14. a) Ki sa bon nouvèl Wayòm nan pouse plizyè milyon moun fè ? b) Ki kesyon enpòtan nou chak ta dwe poze tèt nou ?
14 Gen plizyè milyon moun toupatou nan monn nan ki reyaji menm jan an lè yo aprann bon nouvèl Wayòm nan. Yo soti nan monn mechan an, yo abandone ansyen pèsonalite yo te genyen, yo kite moun yo te konn frekante anvan yo e yo sispann chèche fè karyè nan monn nan (Jan 15:19 ; Efezyen 4:22-24 ; Jak 4:4 ; 1 Jan 2:15-17). Poukisa yo fè tout bagay sa yo ? Paske yo estime byenfè Wayòm Bondye a ap pote yo gen plis valè lontan pase nenpòt bagay sistèm sa a ka ofri. Èske se konsa w santi w tou anrapò ak bon nouvèl Wayòm nan ? Èske li motive w pou w fè chanjman ki nesesè dekwa pou lavi w, prensip ou ak objektif ou ka vin ann amoni ak sa Jewova mande ? Si w fè sa, w ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e alavni.
Rekòt la rive nan faz final li
15. Selon pwofesi yo, ki sa pèp Bondye a t apral fè nan dènye jou yo ?
15 Salmis la te ekri : “ Pèp ou a ap dispoze ofri tèt li nan jou fòs militè w. ” Pami moun ki ofri tèt yo, gen ‘ gwoup jèn ou yo ki tankou gout lawouze ’ e gen ‘ yon gwo lame medam k ap anonse bon nouvèl la ’. (Sòm 68:11 ; 110:3.) Ki rezilta dilijans ansanm ak espri sakrifis pèp Jewova a, gason kou fi, timoun kou granmoun, manifeste a genyen nan dènye jou sa yo ?
16. Bay yon egzanp ki montre jan sèvitè Bondye yo fè efò pou yo pataje bon nouvèl Wayòm nan ak lòt moun.
16 Nan peyi End, gen yon sè ki pyonye, sa vle di ki nan sèvis a plen tan, ki t ap mande tèt li ki jan y ap fè pataje bon nouvèl Wayòm nan ak plis pase de milyon moun ki soud ki gen nan peyi sa a (Izayi 35:5). Li te deside enskri nan yon lekòl pou l al aprann lang siy. Konsa, li te vin anmezi pou l pataje esperans Wayòm nan ak anpil moun soud, e te gen plizyè gwoup ki te fòme pou fè etid biblik. Apre kèk semèn, te gen plis pase yon douzèn moun ki te kòmanse asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Yon ti tan apre sa, nan yon resepsyon maryaj, pyonye a te rankontre yon jèn gason ki soud, ki moun Kalkita. Li te gen anpil kesyon e li te montre l enterese anpil pou l konnen plis bagay sou Jewova. Sepandan, te gen yon pwoblèm. Jèn gason an te gen pou l retounen Kalkita, ki nan yon distans 1 600 kilomèt, pou l al rantre nan inivèsite, e pa t gen okenn Temwen ki konnen lang siy nan zòn nan. Avèk anpil efò, li te rive konvenk papa li pou l kite l enskri nan inivèsite ki nan Bangalò a pito, konsa li t ap kapab kontinye etid biblik la. Li te fè bèl pwogrè espirityèl e apre yon ane anviwon, li te vwe lavi l bay Jewova. E bò kote pa l, li te etidye Labib ak anpil moun soud. Pami yo, te gen yon zanmi danfans li. Kounye a, nan peyi End, filyal la pran dispozisyon pou pyonye yo aprann lang siy pou yo ka ede nan tèritwa sa a.
17. Di sa w twouve ki patikilyèman ankourajan pou ou nan rapò pou ane sèvis 2004 la ki nan paj 24 a 27.
17 Nan peryodik sa a, nan paj 24 a 27, n ap jwenn rapò mondyal sou aktivite Temwen Jewova yo te fè nan predikasyon pou ane sèvis 2004 la. Pran yon ti tan pou nou egzamine l, e n ap konstate ak pwòp je nou prèv klè ki montre jan pèp Jewova a, toupatou sou tè a, mete tout yo menm pou yo chèche “ pèl ki gen anpil valè ” a jodi a.
“ Kontinye chèche Wayòm nan an premye ”
18. Ki enfòmasyon Jezi pa t bay nan parabòl sou komèsan k ap pwonmennen an, e poukisa li pa t bay enfòmasyon sa a ?
18 Annou fè yon ti retounen yon lòt fwa ankò nan parabòl Jezi te bay sou komèsan k ap pwonmennen an. N ap remake Jezi pa t di anyen sou sa komèsan an t apral fè pou l viv apre li te fin vann tout sa l te genyen. Lojikman, yon moun te ka mande : ‘ Kòman komèsan an t apral fè jwenn manje, rad ak kote pou l rete, piske kounye a li pa ret anyen ankò ? Ki sa pèl presye sa a t apral itil li ? ’ Si n ap gade jan lòm gade, se kesyon nòmal pou moun poze. Men, èske Jezi pa t ankouraje disip li yo pou yo ‘ kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou yo ’ ? (Matye 6:31-33.) Ide prensipal ki gen nan parabòl la se nesesite pou moun demontre yo atache ak Bondye ak tout kè yo e pou yo demontre yo zele pou Wayòm nan. Èske gen yon leson pou nou nan sa ?
19. Ki leson enpòtan nou ka aprann nan parabòl Jezi te bay sou pèl ki gen anpil valè a ?
19 Kit nou fèk kòmanse gen konesans sou bon nouvèl la, kit depi plizyè dizèn ane n ap chèche Wayòm nan e n ap pale ak lòt moun konsènan byenfè li pral pote, se Wayòm nan ki dwe toujou sant enterè nou e se li ki dwe gen tout atansyon nou. Byenke n ap viv nan tan ki difisil, nou gen rezon valab pou nou kwè sa n ap chèche a reyèl e li gen yon valè nou pa ka konpare ak okenn lòt bagay, menm jan ak pèl komèsan k ap pwonmennen an te jwenn nan. Evènman k ap pase nan monn nan ansanm ak akonplisman pwofesi ki nan Bib la se prèv konvenkan ki montre n ap viv “ nan fen sistèm de choz la ”. (Matye 24:3.) Tankou komèsan k ap pwonmennen an, ak tout kè nou, annou demontre nou zele pou Wayòm Bondye a, annou rejwi nan privilèj nou genyen pou nou pwoklame bon nouvèl la. — Sòm 9:1, 2.
-