Nou gen trezò ki gen anpil valè pou nou pataje
1 Pawòl Bondye a chaje ak trezò espirityèl ki gen anpil valè pou nou (Sòm 12:6 ; 119:11, 14). Yon lè, Jezi te sèvi ak plizyè egzanp pou l te montre diferan aspè Wayòm Bondye a genyen, apre sa, li mande disip li yo : “ Èske nou konprann sans tout bagay sa yo ? ” Lè yo fin reponn li wi, li di yo : “ Si se konsa, chak anseyan, lè yo fin anseye l anrapò ak wayòm ki nan syèl la, li tankou yon moun, yon mèt mezon ki retire nan trezò l bagay ki nèf ak bagay ki la lontan. ” — Mat. 13:1-52.
2 Nou ka konsidere verite nou te aprann nan Bib la lè nou te fèk kòmanse etidye kòm trezò ki la lontan. Epi ofiramezi, grasa etid pèsonèl nou fè, kote nou fouye pi fon nan bagay ki nan Pawòl Bondye a, nou vin jwenn lòt verite biblik. Pou nou, verite sa yo vin trezò ki tounèf nou jwenn (1 Kor. 2:7). Anplis de sa, grasa “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, nou rive konprann trezò ki tounèf yo. — Mat. 24:45.
3 Nou bay trezò espirityèl sa yo anpil enpòtans, kit yo la lontan kit yo tounèf. Sa pouse nou chèche jwenn fòmasyon e sa pouse nou chèche gen eksperyans antanke moun k ap anseye Pawòl Bondye a, e avèk jenewozite, nou pataje verite sa yo nou aprann ak lòt moun, verite ki gen anpil valè.
4 Ann aprann nan egzanp Jezi : Pou Jezi te montre jan l te santi l parapò ak trezò sa yo, li te fè anpil efò pou l pataje yo ak lòt moun. Menm lè li te fatige, li pa t sispann retire trezò nan “ depo ” l. — Jan 4:6-14.
5 Lanmou Jezi te gen pou moun ki pòv nan domèn espirityèl yo te pouse l pataje verite ki nan Pawòl Bondye a avèk yo, verite ki tankou trezò k ap bay lavi (Sòm 72:13). Li te gen pitye pou moun ki grangou espirityèlman e sa te pouse l “ anseye yo anpil bagay ”. — Mak 6:34.
6 Ann imite Jezi : Lè nou bay trezò nou genyen yo anpil enpòtans, menm jan Jezi te fè sa, n ap anvi montre moun yo bèl bijou espirityèl yo e n ap montre yo l dirèkteman nan Bib la (Pwo. 2:1-5). Menmsi pafwa nou fatige, n ap pale sou verite biblik yo avèk antouzyas e ak tout kè nou (Mak 6:34). Kokenn apresyasyon nou gen pou trezò nou posede yo ap pouse nou fè tout sa nou kapab nan ministè a, sa ap fè nou toujou chèche mwayen pou nou patisipe plis ladan l.