BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 48 p. 120-p. 121 par. 8
  • Li fè mirak, men yo pa byen akeyi l menm nan Nazarèt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li fè mirak, men yo pa byen akeyi l menm nan Nazarèt
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Lè l kite kay Jayiris, l al revizite Nazarèt
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Mirak Jezi yo : Yo te fèt vre oswa se envansyon ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ki kote l jwenn pouvwa pou l fè mirak?
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi nan sinagòg ki nan Nazarèt la
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 48 p. 120-p. 121 par. 8
Yon foul moun ap suiv Jezi pandan l ap sot lakay Jayiris.

CHAPIT 48

Li fè mirak, men yo pa byen akeyi l menm nan Nazarèt

MATYE 9:27-34; 13:54-58 MAK 6:1-6

  • JEZI GERI YON AVÈG AK YON BÈBÈ

  • MOUN NAN NAZARÈT PA BYEN AKEYI L

Jezi gen anpil aktivite nan jounen an. Apre l sot nan zòn Dekapòl la, li geri fi ki te gen san k ap koule sou li a e li resisite pitit fi Jayiris la. Men, jounen an poko fini. Nan moman Jezi ap sot lakay Jayiris, gen de mesye avèg ki vin ap suiv li, y ap di byen fò: “Gen pitye pou nou, Pitit David!” — Matye 9:27.

Lefètke mesye sa yo rele Jezi “Pitit David”, yo fè konnen yo kwè Jezi se eritye twòn David la, e konsa li se Mesi Bondye te pwomèt la. Sanble Jezi fè kòmsi li pa tande y ap rele l, petèt l ap gade pou l wè si y ap pèsiste e yo fè sa vre. Pandan Jezi antre nan yon kay, de mesye yo suiv li rive jis anndan an. Jezi di yo: “Èske nou kwè mwen ka ouvri je nou?” Yo reponn li avèk konfyans: “Wi, Seyè.” Lè sa a, li manyen je yo, li di: “Se pou sa fèt pou nou selon lafwa nou.” — Matye 9:28, 29.

E la menm yo vin wè! Menm jan li te deja bay lòt moun lòd, Jezi ba yo lòd pou yo pa fè moun konnen sa l sot fè a. Men, yo tèlman kontan, yo pale de li nan tout zòn nan.

Kou de mesye yo ale, gen moun ki mennen yon mesye ki gen demon sou li bay Jezi. Demon an te fè mesye a bèbè. Jezi chase demon an, e lamenm mesye a kòmanse pale. Foul moun yo sezi lè yo wè sa, yo di: “Moun pa t janm wè yon bagay konsa ann Izrayèl.” Farizyen yo la nan moman an tou. Yo pa ka di mirak yo pa t fèt vre, yo retounen fè menm akizasyon yo te fè konsènan kote Jezi jwenn pouvwa pou l fè mirak, yo di: “Se chèf demon yo ki ba l pouvwa pou l chase demon.” — Matye 9:33, 34.

Yon ti tan apre sa, Jezi retounen nan peyi l Nazarèt, men fwa sa a disip li yo akonpaye l. Anviwon ennan anvan sa, li te vizite sinagòg la e li te anseye moun ki te la yo. Byenke okòmansman moun yo te rete bouch ouvè devan bèl pawòl li t ap di yo, annapre yo te vekse lè yo te tande sa l t ap anseye yo e yo te eseye touye l. Kounye a, avèk konpasyon, Jezi ap eseye ede ansyen vwazen l yo ankò.

Se poutèt sa, nan jou saba a, li ale nan sinagòg la ankò pou l anseye moun yo. Pifò moun k ap koute l yo sezi, yo menm mande: “Ki kote misye jwenn sajès sa a ak pouvwa pou l fè mirak sa yo?” Yo di: “Èske se pa pitit bòs chapant lan? Èske se pa Mari ki manman l? Èske se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jida li ye? E sè l yo, èske yo tout pa ansanm avèk nou? Ebyen, ki kote misye jwenn tout bagay sa yo?” — Matye 13:54-56.

Moun yo konprann Jezi se jis yon moun nan zòn nan. Men rezònman yo fè: ‘Li te grandi devan je nou la, kòman fè l se Mesi a?’ Donk, yo rejte Jezi malgre tout prèv yo wè, sa gen ladan l pakèt sajès li ak pouvwa yo wè l genyen pou l fè mirak. Lefètke yo te abitye ak Jezi, sa te fè menm fanmi l te refize kwè nan li. Se poutèt sa Jezi di: “Yo onore yon pwofèt tout kote, sof nan peyi l ak lakay li.” — Matye 13:57.

Jezi vrèman sezi wè jan moun yo manke lafwa! Se poutèt sa, li pa fè okenn mirak nan zòn nan, “eksepte kèk moun malad li te poze men sou yo pou l geri yo”. — Mak 6:5, 6.

  • Lè avèg yo rele Jezi “Pitit David”, ki sa yo montre yo kwè?

  • Ki esplikasyon Farizyen yo chwazi bay sou mirak Jezi yo?

  • Ki jan moun Nazarèt yo akeyi Jezi, e poukisa?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje