BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 58
  • Jewova bay fidelite w anpil valè!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova bay fidelite w anpil valè!
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Ki jan fo relijyon fè moun mal wè Bondye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • “Se ou sèl ki fidèl”
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Rete lwen fo adorasyon !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki bon nouvèl ki genyen konsènan relijyon?
    Bon nouvèl Bondye bay la!
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 58
Leson 58. Yon fanmi k ap pase byen kalm bò kote yon gwoup aposta k ap rele byen fò e k ap di move pawòl devan moun k ap vin nan yon kongrè Temwen Jewova.

LESON 58

Jewova bay fidelite w anpil valè!

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Vrè kretyen yo pran detèminasyon pou yo pa kite anyen, ni pèsonn anpeche yo adore Jewova. Sandout, se detèminasyon sa a ou pran tou. Jewova bay fidelite w anpil valè. (Li 1 Kwonik 28:9.) Ki sa k ka fè l difisil pou w ret fidèl ak Jewova e ki sa k ka ede w?

1. Ki jan lòt moun ka eseye fè w sispann ret fidèl ak Jewova?

Gen moun k ap eseye fè nou sispann sèvi Jewova. Kiyès ki ka eseye fè yon bagay konsa? Gen kèk moun ki kite laverite k ap bay yon seri manti sou òganizasyon Jewova a yon fason pou yo kraze lafwa nou. Yo rele moun sa yo aposta. Mete sou sa, gen kèk chèf relijye k ap gaye fo enfòmasyon sou nou pou fè kèk moun ki pap veye kite laverite. Se yon danje sa ye si n ap eseye defann tèt nou devan moun sa yo, si n al li liv yo fè oubyen li sa yo ekri sou Entènèt, oubyen al sou sit yo oswa gade videyo yo fè. Men sa Jezi te di sou moun sa yo k ap eseye anpeche lòt moun sèvi Jewova avèk fidelite: “Pinga nou okipe yo. Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.”— Matye 15:14.

Men, e si yon moun nou konnen deside li pap Temwen Jewova ankò? Sa ka fè nou mal anpil si yon moun nou te pwòch avè l ta fè yon bagay konsa. Se kòmsi moun sa a fòse nou chwazi ant li menm ak Jewova. Nou dwe pran detèminasyon pou nou ret fidèl ak Bondye anvan tout moun (Matye 10:37). Donk, nou obeyi lòd Jewova ban nou pou nou pa frekante moun konsa.— Li 1 Korentyen 5:11.

2. Ki jan desizyon n ap pran kapab montre si nou fidèl ak Jewova?

Lefètke nou renmen Jewova, sa pouse nou pou n pa mele ak fo relijyon nan anyen. Nou bezwen veye pou travay nou, òganizasyon n ap pran pa avèk yo oubyen kèlkeswa aktivite n ap fè pa gen okenn rapò ak fo relijyon. Men sa Jewova di nou fè: “Sot [nan Gran Babilòn nan], pèp mwen.”— Revelasyon 18:2, 4.

FOUYE PLIS

Aprann ki sa w ka fè pou w pa kite okenn moun fè w pa fidèl ak Jewova. Mete sou sa, gade ki jan w ka montre w fidèl lè w soti nan Gran Babilòn nan.

3. Fè atansyon ak fo anseyan

Ki sa nou ta dwe fè si n ta tande move pawòl sou òganizasyon Jewova a? Li Pwovèb 14:15, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa nou veye pou n pa kouri kwè tout sa nou tande?

Li 2 Jan 10, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan nou dwe aji avèk aposta yo?

  • Menmsi nou pa pale ak yon aposta dirèkteman, ki jan nou kapab vin an kontak avèk sa y ap anseye?

  • Ki jan w panse Jewova t ap santi l si nou ta koute move pawòl y ap di sou li oubyen sou òganizasyon l lan?

4. Ret fidèl ak Jewova lè yon frè oswa yon sè peche

Ki sa nou dwe fè si nou aprann gen yon moun nan kongregasyon an ki fè yon peche grav? Gade yon prensip ki nan lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la nan tan lontan. Li Levitik 5:1.

Jan nou wè sa nan vèsè sa a, si nou ta aprann yon moun fè yon peche grav, nou dwe fè ansyen yo konn sa. Men, anvan nou fè sa, l ap bon pou nou pale ak moun ki fè peche a pou n ankouraje l pale ak ansyen yo pou l fè yo konnen peche l fè a. Si l pa fè sa, n ap di ansyen yo sa, konsa, n ap montre nou fidèl ak Jewova. Lè nou fè bagay yo konsa, ki jan sa montre nou fidèl ak . . .

  • Jewova?

  • moun ki peche a?

  • lòt moun nan kongregasyon an?

Foto ki ansanm: Yon frè k ap ede yon lòt frè ki te fè yon bagay mal. 1. Frè a sezi poutèt sa l wè nan telefòn li. 2. Frè a montre lòt frè a sa l wè nan telefòn li an, men lòt frè a pa aksepte sa l vin di l la. 3. Frè a montre de ansyen telefòn li an epi l pale avèk yo.

Si yon lòt sèvitè Jewova nan pwoblèm, ede l!

5. Rete lwen Gran Babilòn nan

Gade VIDEYO a.

VIDEYO: Sot nan Gran Babilòn nan! (5:06)

Yon sèn ki sot nan videyo ‘Sot nan Gran Babilòn nan!’ Yon dam k ap etidye Labib ki fè yon prèt konnen li kite travay li nan legliz la, apre sa, li ale.

Li Lik 4:8 ak Revelasyon 18:4, 5, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske non m toujou nan lis manm yon fo relijyon?

  • Èske m fè pati yon òganizasyon ki gen rapò ak lòt relijyon?

  • Èske travay m ap fè kore fo relijyon nan yon domèn oswa yon lòt?

  • Èske gen lòt domèn nan lavi m kote mwen bezwen separe ak fo relijyon?

  • Si m reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, ki chanjman m ta dwe fè?

Nan kèlkeswa sitiyasyon an, pran desizyon k ap pèmèt konsyans ou rete klè e k ap montre w fidèl ak Jewova.

Yon sè ak tipitit gason l k ap sot nan yon makèt. Yo pase bò kot yon dam k ap fè kèt pou yon legliz ka fè charite.

Ki sa w ta dwe fè si yo ta mande w bay kòb pou w soutni aktivite yon lòt relijyon?

GEN MOUN KI DI: “Fò m konnen sa aposta yo ap di sou Temwen Jewova yo yon fason pou m ka defann laverite.”

  • Èske li saj pou yon moun reflechi konsa? Poukisa?

SA W TE APRANN

Pou nou ret fidèl ak Jewova, nou pa dwe frekante moun ki pa fidèl avè l. Mete sou sa, nou dwe separe nèt ak fo relijyon.

Revizyon

  • Poukisa nou pa dwe ni gade, ni li, ni koute sa aposta yo ap di?

  • Ki jan nou ta dwe aji avèk moun ki pa vle rete Temwen Jewova ankò?

  • Ki jan nou montre nou koute lòd Bondye bay pou nou soti nan fo relijyon an?

Objektif

APRANN PLIS

Aprann ki jan pou w reyaji lè lòt moun ap gaye manti sou Temwen Jewova yo.

“Èske w gen tout enfòmasyon yo?” (Toudegad out 2018)

Ki jan w ka rekonèt òganizasyon oubyen aktivite k ap kore Gran Babilòn nan?

“Ann kontinye ret okipe nan dènye pati ‘dènye jou yo’” (Toudegad oktòb 2019, paragraf 16-18)

Ki sa kèk opozan fè pou yo eseye kraze lafwa nou?

Veye pou yo pa twonpe nou (9:32)

Nan istwa sa a ki gen tit: “Mwen t ap chèche Bondye depi m toupiti”, gade ki jan yon prèt chintoyis te kite fo relijyon.

“Labib chanje lavi moun” (Toudegad 1ye oktòb 2011)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje