CHAPIT 11
“ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa ”
1, 2. a) Poukisa ofisye yo te voye al arete Jezi yo te retounen de men vid ? b) Ki sa k te fè Jezi te yon anseyan san parèy ?
FARIZYEN yo fache anpil. Jezi nan tanp lan, l ap anseye konsènan Papa l. Moun k ap koute yo pa antann yo : anpil ladan yo mete lafwa yo nan Jezi, tandiske lòt yo menm, yo vle yo arete l. Piske chèf relijye yo pa kapab kenbe kòlè yo, yo voye kèk ofisye al arete Jezi. Sepandan, ofisye yo retounen san li. Prèt an chèf yo avèk Farizyen yo mande yon esplikasyon. Yo di : “ Poukisa menm nou pa vin avè l ? ” Ofisye yo reponn : “ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa. ” Yo te tèlman enpresyone devan ansèyman Jezi a, yo pa t gen kouraj pou yo arete la. — Jan 7:45, 46.
2 Se pa t ofisye yo sèlman ansèyman Jezi a te enpresyone. Moun te konn rasanble pa pakèt jis pou yo tande l k ap anseye (Mak 3:7, 9 ; 4:1 ; Lik 5:1-3). Sa k fè Jezi te yon anseyan san parèy konsa ? Jan nou te wè sa nan chapit 8 la, li te renmen verite li t ap transmèt yo, e li te renmen moun li t ap anseye yo. Epitou, li te byen metrize metòd ansèyman li te konn itilize yo. Annou egzamine twa nan metòd efikas li te konn itilize, e annou wè ki jan nou ka imite metòd sa yo.
Li te toujou anseye yon fason senp
3, 4. a) Poukisa Jezi te konn sèvi ak yon langaj ki senp nan ansèyman li ? b) Nan ki sans Sèmon sou montay la se yon egzanp ki montre ak ki senplisite Jezi te konn anseye ?
3 Èske w ka imajine kantite vokabilè Jezi te genyen a dispozisyon l ? Sepandan, lè l t ap anseye, li pa t janm pale bagay ki twò difisil pou moun k ap koute l yo konprann, e vrèman anpil ladan yo se te “ moun ki san enstriksyon, moun òdinè ”. (Travay 4:13.) Li te pran limit moun yo an konsiderasyon, e li pa t janm chaje yo ak twòp enfòmasyon (Jan 16:12). Pawòl li yo te senp, men verite pawòl sa yo te transmèt yo te trè pwofon.
4 Ann pran pa egzanp Sèmon sou montay la ki parèt nan Matye 5:3-7:27. Nan sèmon sa a, Jezi te bay konsèy ki trè pwofon, e li ale nan kè bagay yo. Pa gen okenn ide oswa okenn fraz konplike nan sèmon sa a. Se pa fasil pou w jwenn yon mo menm yon timoun piti pa ta ka konprann tousuit ! Kidonk, se pa etonan pou lè Jezi te fini diskou l la, foul yo, ki te gen ladan yo kiltivatè, gadyen mouton ak pechè pwason, “ te rete bouch ouvè devan fason li anseye ”. — Matye 7:28.
5. Bay egzanp pawòl Jezi te di ki te senp, men ki te gen anpil sans.
5 Lè Jezi t ap anseye, souvan li te konn sèvi avèk fraz ki senp, ki kout, e li te konn di pawòl ki gen anpil sans. Grasa metòd efikas sa a, Jezi, nan yon epòk kote potko gen liv ki enprime, te grave mesaj li a nan lespri e nan kè moun ki t ap koute l yo yon fason pou mesaj la pa t efase. Annou pran kèk egzanp : “ Sispann jije dekwa pou yo pa jije nou. ” “ Se pa moun ki an sante ki bezwen medsen, men se moun ki malad. ” “ Lespri a vif, men lachè a fèb. ” “ Remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye. ” “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ”b (Matye 7:1 ; 9:12 ; 26:41 ; Mak 12:17 ; Travay 20:35). Prèske 2 000 an gentan pase depi l te di pawòl sa yo, e yo toujou grave nan memwa nou.
6, 7. a) Pou nou anseye avèk senplisite, poukisa li enpòtan pou nou itilize yon langaj ki senp ? b) Ki jan nou ka evite chaje tèt etidyan an ak twòp enfòmasyon ?
6 Ki jan nou ka anseye avèk senplisite ? Yon bagay ki nesesè, se pou nou itilize yon langaj ki senp pifò moun ka konprann tousuit. Verite de baz ki nan Pawòl Bondye yo pa konplike. Jewova revele objektif li yo bay moun ki gen senserite ak imilite nan kè yo (1 Korentyen 1:26-28). Yon seri mo ki senp yo chwazi avèk swen ka itil pou moun transmèt verite ki nan Pawòl Bondye a yon fason efikas.
Lè w ap anseye, toujou fè sa yon fason senp.
7 Pou nou anseye avèk senplisite, nou dwe fè atansyon pou nou pa chaje tèt moun n ap etidye Labib avèk yo ak twòp enfòmasyon. Kidonk, lè n ap kondui yon etid biblik, nou pa bezwen esplike chak detay, ni nonplis, li pa nesesè pou n kouri nan etid la, kòmsi sa k pi enpòtan an se reyisi fè yon sèten kantite paj avèk moun nan. Okontrè, li saj pou nou kite se bezwen ak kapasite etidyan an ki pou detèmine vitès n ap fè etid la. Objektif nou se ede etidyan an vin yon disip Kris e yon adoratè Jewova. Pou n atenn objektif sa a, nou bezwen pran kantite tan ki nesesè pou etidyan an gen yon konpreyansyon rezonab sou sa l ap aprann nan. Se sèlman lè sa a verite biblik yo ap touche kè etidyan an e sa ap pouse l aplike sa l aprann nan. — Women 12:2.
Li te konn poze kesyon ki apwopriye
8, 9. a) Poukisa Jezi te konn poze kesyon ? b) Ki jan Jezi te sèvi ak kesyon pou l ede Pyè rive nan konklizyon ki kòrèk la sou kesyon peye taks pou tanp lan ?
8 Jezi te konn sèvi ak kesyon yon fason ki estrawòdinè, menm lè sa t ap pran l mwens tan pou l annik di moun k ap koute l yo sa l te vle di yo a. Men, poukisa li te konn poze kesyon ? Gende fwa, pou l devwale move entansyon opozan l yo, li konn sèvi ak kesyon ki ka penetre yo dekwa pou l fè yo fèmen bouch yo (Matye 21:23-27 ; 22:41-46). Sepandan, nan anpil ka, li te konn sèvi ak kesyon pou l fè disip li yo di sa ki nan panse yo, pou l pouse yo reflechi e pou l fòme kapasite yo genyen pou yo panse. Nan sans sa a, li te konn poze kesyon tankou : “ Sa nou panse ? ” oswa : ‘ Èske nou kwè sa ? ’ (Matye 18:12 ; Jan 11:26). Kesyon sa yo te pèmèt Jezi touche kè disip li yo. Annou pran yon egzanp.
9 Yon lè, pèseptè yo te mande Pyè si Jezi abitye peye taks pou tanp lanc. Lapoula, Pyè reponn : “ Wi. ” Annapre, Jezi rezone ansanm avè l. Li di l : “ Sa w panse Simon ? Nan men kiyès wa ki sou latè yo resevwa enpo oubyen taks sou tèt chak moun ? Nan men pitit pa yo oubyen nan men etranje ? ” Pyè reponn : “ Nan men etranje. ” Jezi di : “ Vrèman donk, pitit yo pa peye taks. ” (Matye 17:24-27). Sandout, objektif kesyon yo te evidan pou Pyè, paske tout moun te konnen manm fanmi wa yo pa gen pou yo peye taks. Donk, Jezi, antanke sèl Pitit Gason Wa selès yo t ap adore nan tanp lan pa t oblije peye taks. N ap note olye pou Jezi annik bay Pyè repons kòrèk la, avèk tak, li sèvi ak kesyon pou l ede Pyè rive nan konklizyon ki kòrèk la, e petèt pou l wè nesesite alavni pou l pi byen reflechi anvan l reponn.
Poze kesyon ki adapte ak sa ki enterese moun ki nan kay la.
10. Ki jan nou ka sèvi ak kesyon yon fason ki efikas lè n ap preche kay an kay ?
10 Ki jan nou ka sèvi ak kesyon yon fason ki efikas nan ministè nou ? Lè n ap preche kay an kay, nou ka sèvi ak kesyon pou nou eveye enterè moun yo, petèt pou nou ouvri chemen pou nou pataje bon nouvèl la avèk yo. Pa egzanp, si yon moun ki aje parèt nan pòt la, avèk respè, nou ta kapab poze kesyon sa a : “ Depi w toupiti pou jis rive jodi a, ki chanjman w remake ki fèt nan monn nan ? ” Apre nou fin pèmèt moun nan reponn, nou ta ka mande l : “ Dapre ou menm, ki sa k ta ka nesesè pou n fè monn sa a tounen yon kote ki pi bon pou moun viv ? ” (Matye 6:9, 10). Si se yon manman ki gen timoun piti ki parèt, nou ta ka mande l : “ Èske w janm mande tèt ou ki jan monn sa a ap ye lè pitit ou vin gran ? ” (Sòm 37:10, 11). Si nou montre nou se bon obsèvatè pandan n ap pwoche bò kote yon kay, sa ap pèmèt nou chwazi yon kesyon ki adapte ak sa ki enterese moun ki nan kay la.
11. Ki jan nou ka byen sèvi ak kesyon lè n ap kondui yon etid biblik ?
11 Ki jan nou ka byen sèvi ak kesyon lè n ap kondui yon etid biblik ? Kesyon nou chwazi avèk swen kapab ede nou konnen santiman ki nan kè yon etidyan (Pwovèb 20:5). Pa egzanp, ann sipoze n ap etidye chapit “ Annou viv yon fason ki fè Bondye plezi ” nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? ad. Chapit la esplike pwennvi Bondye sou yon seri bagay tankou imoralite seksyèl, bwè pou w sou, epi bay manti. Selon repons etidyan an, nou ka rann nou kont li konprann sa Labib anseye, men èske l dakò ak sa l ap aprann nan ? Nou ta ka mande l : “ Èske pou ou, pwennvi Bondye genyen sou bagay sa yo sanble rezonab ? ” Oubyen tou nou ta ka mande l : “ Ki jan w ka aplike enfòmasyon sa a nan lavi pa w ? ” Sepandan, n ap sonje nou bezwen montre nou gen tak anrapò ak diyite etidyan an. Nou pa ta janm renmen poze l kesyon ki ta ka anbarase l initilman. — Pwovèb 12:18.
Li te konn sèvi ak rezònman lojik ki frapan
12-14. a) Ki jan Jezi te konn sèvi ak kapasite l genyen pou l fè rezònman lojik ? b) Ki rezònman lojik ki frapan Jezi te itilize lè Farizyen yo te fè konnen pouvwa l genyen an se nan Satan l soti ?
12 Jezi, ki te gen yon lespri pafè, te gen anpil ladrès nan fason l te konn rezone ak lòt moun. Gende fwa li te konn sèvi ak rezònman lojik ki frapan pou l repouse fo akizasyon opozan l yo te konn fè kont li. Anpil fwa, li te konn sèvi ak rezònman konvenkan pou l anseye disip li yo yon seri leson ki gen anpil enpòtans. Annou egzamine kèk egzanp.
13 Apre Jezi te fin geri yon mesye ki te avèg e ki pa t ka pale, yon mesye demon te posede, Farizyen yo te lanse akizasyon sa a : “ Se sèlman pa mwayen Beyèlzeboub [Satan], chèf demon yo, mesye sa a chase demon. ” Yo te oblije rekonèt li te nesesè pou yon moun gen yon pouvwa ki depase pouvwa lèzòm pou moun sa a te ka chase demon. Sepandan, yo te fè konnen pouvwa Jezi a se Satan ki te ba li l. Nonsèlman akizasyon sa a te fo, men tou, li pa t lojik. Pou Jezi devwale erè ki genyen nan fason yo panse a, li reponn yo : “ Tout wayòm ki divize kont tèt li tonbe an dezolasyon, e tout vil oswa tout kay ki divize kont tèt li pap ret kanpe. Menm jan an tou, si Satan chase Satan, li vin divize kont tèt li. Donk, ki jan wayòm li an ap fè ret kanpe ? ” (Matye 12:22-26). Anfèt, se kòmsi Jezi te di : “ Si mwen te yon ajan Satan, k ap defèt sa Satan te fè, lè sa a, se kòmsi Satan t ap travay kont pwòp enterè pa l e lè sa a, li t ap sanlè tonbe. ” Ki jan yo ta kapab kontrekare yon lojik konvenkan konsa ?
14 Jezi potko fin rezone ansanm avèk yo. Piske li konnen gen kèk nan pwòp disip Farizyen yo ki konn chase demon, li poze yo yon kesyon ki senp, men ki pisan : “ Si se grasa Beyèlzeboub m ap chase demon, grasa kiyès pitit nou yo chase yo ? ” (Matye 12:27). Nan yon sans, men rezònman Jezi te fè : “ Si se pa mwayen pouvwa Satan m ap chase demon, ebyen, siman disip pa nou yo se ak menm pouvwa sa a yo sèvi. ” Ki sa Farizyen yo ta ka di ? Yo pa t ap janm admèt disip pa yo ap aji anba pouvwa Satan. Kidonk, Jezi te pousuiv move rezònman yo a jis li fè yo rive nan yon konklizyon ki t apral mete yo malalèz. Èske sa pa vrèman pasyonan, menmsi se sèlman li nou li fason Jezi te rezone ak Farizyen yo ? Kounye a, eseye mete nou nan plas foul moun yo ki te tande Jezi pèsonèlman, paske sandout, prezans li ak ton vwa l te ogmante fòs pawòl li yo.
15-17. Bay yon egzanp ki montre jan Jezi te konn sèvi ak fòm rezònman ki gen “ alewè pou ” a ladan l pou l anseye verite ki touchan konsènan Papa l.
15 Jezi te konn sèvi tou ak rezònman lojik, rezònman konvenkan pou l anseye yon seri verite ki rekonfòtan e ki touchan konsènan Papa l. Byen souvan, li te konn fè sa lè l anplwaye yon fòm rezònman ki gen “ alewè pou ” ladan l, kote li ede moun k ap koute l yo vin gen yon konviksyon ki pi solid toujou apati yon verite yo abitye avè l. Jan de rezònman sa a ki baze sou diferans ki genyen ant de bagay ka fè gwo efè sou moun. Annou egzamine de egzanp sèlman.
16 Lè Jezi t ap reponn disip li yo ki te mande l pou l anseye yo ki jan pou yo priye, li te dekri dispozisyon paran yo genyen pou yo ‘ bay pitit yo bonjan kado ’. Apre sa, li fè konklizyon sa a : “ Si nou menm, malgre nou mechan, nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la, moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l ! ” (Lik 11:1-13). Rezònman Jezi a baze sou opozisyon. Si paran imen ki pechè sousye yo de bezwen pitit yo, alewè pou Papa nou ki nan syèl la, li menm ki pafè e ki jis nan tout domèn, pou l pa ta bay adoratè fidèl li yo lespri sen l, yo menm k ap pwoche bò kote l avèk imilite nan lapriyè !
17 Jezi te sèvi ak rezònman konsa tou lè l t ap bay konsèy pou l ede moun yo fè fas ak enkyetid. Li te di : “ Kaw yo [...] pa ni simen grenn, ni rekòlte, yo pa gen ni grenye ni depo manje, e malgre sa Bondye ba yo manje. Alewè pou nou, èske nou pa gen plis valè lontan pase zwazo ? Gade byen ki jan lis yo grandi : yo pa ni travay di e yo pa fè fil. [...] Kidonk, si se konsa Bondye abiye plant ki nan savann, ki egziste jodi a epi demen yo jete yo nan fou, alewè pou nou menm, pou l pa ta abiye nou, nou menm ki gen tikras lafwa ! ” (Lik 12:24, 27, 28). Si Jewova pran swen zwazo yo ak flè yo, alewè pou moun ki renmen l e k ap adore l, pou l pa ta pran swen yo ! Avèk yon rezònman konsa, sandout Jezi te touche kè moun ki t ap koute l yo.
18, 19. Ki jan nou ta ka rezone ak yon moun ki di li pa kwè nan yon Bondye li pa ka wè ?
18 Nan ministè nou, nou vle sèvi ak rezònman solid pou nou kontrekare fo kwayans. Epitou, nou vle sèvi ak rezònman konvenkan pou nou anseye verite pozitif konsènan Jewova (Travay 19:8 ; 28:23, 24). Èske nou dwe sèvi ak yon rezònman lojik ki konplike ? Non, pa ditou. Leson nou aprann nan men Jezi, sèke rezònman lojik ki pi efikas yo se sa nou prezante yon fason ki senp.
19 Pa egzanp, ki jan nou ta ka reponn si yon moun di nou li pa kwè nan yon Bondye li pa ka wè ? Nou ta ka rezone sou lwa natirèl ki fè konnen tout rezilta gen yon koz. Lè nou obsève yon rezilta, nou rann nou kont dwe gen yon koz. Nou ta ka di : ‘ Si w ta nan yon zòn ki izole e ou ta tonbe sou yon bèl kay ki chaje ak manje (rezilta), èske w pa t ap dakò byen fasil gen yon moun (yon koz) ki fè tousa ? Menm jan an tou, lè nou gade jan lanati byen fèt ak tout kantite manje ki genyen nan “ bifèt ” tè a (rezilta), èske li pa lojik pou nou rekonèt gen yon Moun (yon Koz) ki fè yo la ? ’ Bib la li menm tou fè yon rezònman menm jan an : “ Nenpòt kay se yon moun ki bati l, men sila ki bati tout bagay se Bondye. ” (Ebre 3:4). Natirèlman, kèlkeswa solid rezònman nou an kapab solid, se pa tout moun l ap konvenk. — 2 Tesalonisyen 3:2.
Sèvi ak rezònman k ap touche kè moun nan.
20, 21. a) Ki jan nou kapab sèvi ak rezònman ki baze sou “ alewè pou ” a pou nou mete aksan sou kalite Jewova e sou fason l aji ? b) Sou ki sa nou pral pale nan chapit ki vin apre a ?
20 Nan ansèyman nou, kit se nan predikasyon, kit se nan kongregasyon an, nou kapab sèvi tou ak yon fòm rezònman ki gen “ alewè pou ” ladan l pou nou mete aksan sou kalite Jewova e sou fason l aji. Pa egzanp, pou nou montre doktrin touman etènèl nan dife a se yon doktrin anfèt ki dezonore Jewova, nou ta ka di : “ Ki papa ki gen lanmou ki ta kenbe men pitit li nan yon dife pou l pini l ? Alewè pou Papa selès nou an ki renmen nou ! Nou pa bezwen mande jan menm lide yon dife lanfè dwe repiyan pou li ! ” (Jeremi 7:31). Pou nou rasire yon konpayon kretyen nou, ki deprime, Jewova gen lanmou pou li, nou ta kapab di l : “ Si Jewova konsidere menm yon ti kit ki toupiti gen enpòtans, alewè pou nou menm ! Nou pa bezwen mande jan l pran swen chak adoratè l ki sou tè a plis toujou, e jan li renmen yo, san wete ou menm ! ” (Matye 10:29-31). Rezònman konsa kapab ede nou touche kè lòt moun !
21 Apre nou fin egzamine sèlman twa nan metòd ansèyman Jezi te itilize yo, li fasil pou nou konprann, ofisye sa yo ki pa t reyisi arete l la pa t egzajere lè yo te di : “ Pa janm gen yon lòt moun ki pale konsa. ” Nan chapit ki vin apre a nou pral analize yon lòt metòd ansèyman Jezi te konn itilize, petèt se metòd sa a ki te fè moun yo plis konnen l, nou vle pale de egzanp li te konn itilize.
a Sandout, ofisye sa yo t ap travay pou Sanedren an anba otorite prèt an chèf yo.
b Dènye fraz sa a, nou jwenn li nan Travay 20:35, e se sèl apot Pòl ki rapòte l. Petèt li te resevwa l aloral (swa pa mwayen yon moun ki te tande Jezi di sa, swa se Jezi, apre l fin resisite, ki te fè l konn sa) oubyen Bondye te fè l yon revelasyon.
c Yo te mande Juif yo pou yo peye de drak, ki te vo de jou travay, kòm taks pou tanp lan chak ane. Gen yon ouvraj referans ki di : “ Yo te konn sèvi ak taks sa a prensipalman pou ede peye olokos yo e pou yo peye tout sakrifis an jeneral ki te konn fèt nan non pèp la. ”
d Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.