BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp17 no 5 p. 5
  • Èske w gen yon anj gadyen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w gen yon anj gadyen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Kiyès oswa ki sa zanj yo ye?
    Repons Bib la bay
  • Zanj yo : Ki wòl yo anrapò ak nou ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Zanj yo ‘se yon bann lespri Bondye voye pou ede moun’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Fason zanj yo ka ede w
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
wp17 no 5 p. 5

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BIB LA DI SOU ZANJ?

Èske w gen yon anj gadyen?

Labib pa anseye chak moun sou tè a gen yon zanj ki la avè l k ap pwoteje l. Se vre, yon lè Jezi te di: “Fè atansyon pou nou pa meprize youn nan tipiti sa yo [disip Kris yo]. Paske, m ap di nou sa: Yo gen zanj yo nan syèl la ki toujou la devan Papa m ki nan syèl la.” (Matye 18:10). Sepandan, Jezi pa t vle di chak moun gen yon zanj ki la avè l k ap pwoteje l, men li te jis di zanj yo enterese anpil nan chak disip li yo. Vrè sèvitè Bondye yo montre yo saj lè yo pa riske lavi yo paske yo panse Bondye ap voye zanj pou pwoteje yo.

Èske sa vle di zanj yo pa konn ede moun? Non, se pa sa (Sòm 91:11). Gen kèk moun ki kwè toutbon Bondye te voye zanj pou pwoteje yo oswa gide yo. Kenneth, nou te pale de li nan premye atik la, te youn nan moun ki te santi l konsa. Nou pa ka kont li, petèt li gen rezon. Se toutan Temwen Jewova yo wè prèv ki montre aklè zanj yo ap ede yo nan travay predikasyon an. Men, piske nou pa ka wè zanj yo, nou pa ka di jis nan ki pwen Bondye itilize yo pou ede nou chak nan diferan domèn. Yon lòt bò, se pa yon bagay ki mal pou nou di Toupisan an mèsi pou kèlkeswa fason nou santi li te ede nou. — Kolosyen 3:15; Jak 1:17, 18.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje