BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr18 no 2 p. 1-7
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
  • Soutit
  • 5-11 FEVRIYE
  • 12-18 FEVRIYE
  • 19-25 FEVRIYE
  • 26 FEVRIYE–4 MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
mwbr18 no 2 p. 1-7

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

5-11 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 12-13

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mt 12:20

mèch lanp kap bay lafimen: Nòmalman, lanp yo te konn itilize nan kay yo se te yon seri ti veso ki fèt ann ajil e ki plen ak luil doliv. Gen yon mèch ki fèt ak len ki anndan veso a e ki rale luil la monte, sa ki fè dife a ret limen. Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “mèch lanp k ap bay lafimen” an kapab gen rapò ak yon mèch k ap bay ti lafimen akoz li gen ti dife toujou ki ret ladan l byenke yo etenn gwo dife a. Pwofesi ki nan Ezayi 42:3 a te pale sou jan Jezi t ap gen konpasyon. Li pa t ap janm etenn dènye ti espwa moun ki gen imilite, oswa moun y ap toupizi yo, ta genyen toujou.

12-18 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 14-15

“Li sèvi ak yon ti gwoup moun pou l bay anpil moun manje”

nwtsty nòt etid pou Mt 14:21

san konte fi ak timoun: Se sèlman Matye ki pale de fi ak timoun lè l ap rakonte mirak sa a. Nan seri mirak Jezi te fè pou bay moun manje yo, li posib pou kantite moun ki te manje yo te plis pase 15 000.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mt 15:7

ipokrit: Mo grèk ipokritès la fè referans ak aktè ki konn jwe sèn e ki konn mete yon mas sou yo pou fè vwa yo vin pi fò. Yo itilize ekspresyon sa a pou yo pale de nenpòt moun k ap kache vrè entansyon yo oswa kiyès yo ye vre lè yo pretann yon bagay ki pa sa oswa lè y ap fè komedi. Nan vèsè sa a, Jezi rele prèt relijye Juif yo “ipokrit”. — Mt 6:5, 16.

nwtsty nòt etid pou Mt 15:26

timoun yo [...] ti chen: Se vre selon Lwa Moyiz la chen se yon bèt ki pa pwòp, men byen souvan Ekriti yo sèvi ak mo chen an nan yon sans negatif (Le 11:27; Mt 7:6; Fp 3:2; Re 22:15). Men, ni Matye ni Mak (7:27) rapòte konvèsasyon Jezi te fè a menm jan, yo mete “ti” devan chen, sa k fè moun panse ak “ti chen” oswa “chen moun konn gen lakay yo”, e konsa konparezon Jezi fè a pa t choke pèsonn. Petèt, konparezon Jezi te fè a montre afeksyon moun ki pa Juif yo konn genyen pou bèt lakay yo. Lefètke Jezi te konpare Izrayelit yo ak “timoun” e moun ki pa Juif yo ak “ti chen”, li klè Jezi te vle montre sa k pi enpòtan an: Nan kay ki gen ni timoun ni chen, nòmalman se timoun yo y ap bay manje anvan chen yo.

19-25 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 16-17

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mt 16:18

Ou se Pyè, e se sou mas wòch sa a: Mo grèk petwòs la lè li nan fòm maskilen li vle di “yon mas wòch; yon wòch”. Nan vèsè sa a, yo itilize l tankou yon non pwòp (Pyè) ki se fòm grèk non Jezi te bay Simon an (Jan 1:42). Yo mete “wòch” pou yo tradui fòm feminen petwa a, e li ka fè referans ak karyann, falèz ki bò lanmè oswa yon mas wòch. Nou jwenn mo grèk sa a tou nan Mt 7:24, 25; 27:60; Lk 6:48; 8:6; Wm 9:33; 1Ko 10:4; 1P 2:8. Li klè apot Pyè pa t wè tèt li kòm mas wòch Jezi t apral bati kongregasyon an, paske nan 1P 2:4-8 li te di se Jezi depi lontan yo te anonse ki se “wòch ki nan kwen fondasyon an”, e se Bondye ki te chwazi l. Menm jan an tou, apot Pòl pale de Jezi kòm “fondasyon” ak “mas wòch Bondye te bay la”. (1Ko 3:11; 10:4.) Donk, sanble Jezi te sèvi ak mo sa a yon fason ki vrèman bèl, ki ta ka parèt konsa: ‘Ou menm mwen rele Pyè (yon mas wòch) ki rive idantifye Kris la, “mas wòch sa a”, li menm ki t ap vin fondasyon kongregasyon an.’

kongregasyon: Se premye kote mo grèk eklezya a parèt. Li soti nan de mo grèk, ek, ki vle di “soti” ak kalewo, ki vle di “reyini”. Li fè referans ak yon gwoup moun ki reyini ansanm pou menm objektif la oswa pou yo fè yon aktivite ansanm. (Gade Lis mo yo esplike yo.) Nan kontèks sa a, Jezi te anonse fòmasyon kongregasyon kretyen an. Se kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo ki t ap fòme kongregasyon sa a, e se yo ki se yon “wòch vivan” e ki se “yon kay lespri Bondye ap bati”. (1P 2:4, 5.) Yo itilize mo grèk sa a souvan nan Septant lan, e li se menm mo ak mo ebre lè yo tradui l yo mete “kongregasyon” pou li a, ki souvan fè referans ak tout pèp Bondye a (Dt 23:3; 31:30). Nan Tr 7:38, yo pale de Izrayelit ki t ap soti kite peyi Ejip yo kòm yon “kongregasyon”. Menm jan an tou, kretyen yo “te rele [...] sot nan fènwa” e yo te “chwazi [...] nan monn nan” vin fòme “kongregasyon Bondye” a. — 1P 2:9; Jan 15:19; 1Ko 1:2.

nwtsty nòt etid pou Mt 16:19

kle Wayòm syèl la: Nan Bib la, moun yo bay kle, kit se kle toutbon kit se kle nan sans senbolik, se moun yo fè konfyans e nan yon sans ki gen otorite (1Kw 9:26, 27; Eza 22:20-22). Donk, mo “kle” a gen rapò ak otorite oswa responsablite. Pyè te sèvi ak “kle” yo te ba li yo pou l ouvri posiblite pou Juif yo (Tr 2:22-41), Samariten yo (Tr 8:14-17), ak moun lòt nasyon yo (Tr 10:34-38) antre nan Wayòm syèl la lè yo resevwa lespri Bondye.

26 FEVRIYE–4 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 18-19

“Veye pou w pa bite oswa lakòz lòt moun bite”

nwtsty nòt etid pou Mt 18:6, 7

wòch moulen bourik yo konn vire a: Oswa “yon gwo wòch moulen”. Lit.: “wòch moulen bourik”. Yon wòch moulen konsa sanble te gen 1,2 a 1,5 mèt dyamèt. Li te tèlman lou se yon bourik ki te konn vire l.

obstak [...] pou fè moun bite: Yo panse premye sans mo grèk skandalon lè yo tradui l yo mete “obstak [...] pou fè moun bite” pou li a fè referans ak yon pyèj, e gen kèk moun ki panse li fè referans ak lè yon bèt pran nan pèlen. Nan yon sans pi laj, li fè referans ak kèlkeswa obstak ki ta lakòz yon moun bite oswa tonbe. Nan yon sans senbolik, li fè referans ak yon aksyon oswa yon sikonstans ki lakòz yon moun pran yon move direksyon, ki fè l bite, ki fè l vin dekouraje anpil oubyen ki ka menm fè l tonbe nan peche. Nan Mt 18:8, 9, yo mete “fè peche” pou tradui vèb skandalizo a, e yo te ka mete tou “vin yon pyèj; lakòz peche”.

nwtsty foto/videyo

Wòch moulen

Yo te konn itilize wòch moulen pou kraze manje angren pou fè farin oswa pou kraze grenn doliv pou fè luil doliv. Gen kèk wòch moulen ki te piti e yon moun te ka jis vire l ak men l, men gen lòt ki te tèlman gwo yo te bezwen yon bèt pou vire l. Sanble se yon wòch moulen ki gwo konsa moun Filisti yo te fòse Samson vire pou yo (Jj 16:21). Se pa sèlman ann Izrayèl yo te konn sèvi ak fòs bèt yo genyen pou yo kraze manje, men yo te konn fè sa tou nan yon bon pati nan Anpi Women an.

Wòch moulen ki anlè ak wòch moulen ki anba

Te gen yon bèt ki te konn vire yon gwo wòch moulen ki sanble ak wòch moulen n ap gade nan foto a, e bèt sa a te gendwa yon bourik. Yo te konn sèvi ak wòch moulen sa a pou kraze manje angren oswa grenn doliv. Wòch moulen ki anlè a te ka plis pase 1,5 mèt dyamèt e yo te ka vire l sou yon wòch moulen ki anba ki ka menm pi gwo toujou.

nwtsty nòt etid pou Mt 18:9

Jeyèn: Mo sa a soti nan mo ebre jeyinòm nan ki vle di “Vale Inon an”, yon vale ki nan lwès ak nan sid ansyen Jerizalèm nan. (Gade Apendis B12, kat “Jerizalèm ak zòn ki toupre l yo”.) Rive nan epòk Jezi a, vale a te vin tounen yon kote yo boule fatra, donk mo “Jeyèn” nan te vin yon bon mo pou pale de destriksyon total.

nwtstg Lis mo yo esplike

Jeyèn

Nan lang grèk, se non Vale pitit gason Inon an ki te nan sidwès ansyen vil Jerizalèm nan (Jer 7:31). Selon yon pwofesi, yo te konn pale de zòn sa a kòm yon kote yo jete kadav (Jer 7:32; 19:6). Pa gen okenn prèv ki montre yo te lage bèt oswa moun nan Jeyèn nan pou yo boule yo tou vivan oswa pou yo toumante yo. Donk, kote sa a pa ka yon kote envizib pou nanm moun al toumante pou toutan nan dife. Olye de sa, Jezi ak disip li yo te sèvi ak mo Jeyèn nan kòm yon senbòl pou pale de “dezyèm lanmò a”, sa vle di destriksyon oswa eliminasyon total. — Re 20:14; Mt 5:22; 10:28.

nwtsty nòt etid pou Mt 18:10

la devan Papa m: Oswa “gen aksè bò kote Papa m”. Kòm se vrèman bò kote Bondye yo gen aksè, se sèlman kreyati espirityèl yo ki ka wè fas Bondye. — Eg 33:20.

w10-F 1/11 16

Fason kreyati espirityèl yo gen efè sou nou

Jezi te fè konnen zanj yo gen responsablite pou yo veye sou byennèt espirityèl sèvitè Bondye yo. Donk, Lè Jezi t ap bay disip li yo avètisman pou yo pa lakòz lòt moun bite, li te di: “Fè atansyon pou nou pa meprize youn nan tipiti sa yo. Paske, m ap di nou sa: Yo gen zanj yo nan syèl la ki toujou la devan Papa m ki nan syèl la.” (Matye 18:10). Lè Jezi te di sa, li pa t vle di chak disip li yo gen yon zanj ki la pou pwoteje yo. Men, li te montre zanj yo k ap travay kòtakòt ak Bondye vrèman enterese nan moun ki fè pati kongregasyon an.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Mt 18:22

77 fwa: Lit.: “swasandis fwa sèt”. Ekspresyon grèk sa a ka vle di “70 plis 7” (77 fwa) oubyen “70 fwa 7” (490 fwa). Yo jwenn menm mo sa a nan Septant lan nan Jen 4:24 kote yo mete “77 fwa” pou yo tradui ekspresyon ebre a, sa ki kore tradiksyon “77 fwa” yo mete nan Mt 18:22 a. Kèlkeswa jan moun ta konprann li, chif 7 la bay ide yon bagay ki “fèt pou tan endefini” oswa “ki fèt san limit”. Lefètke Jezi te chanje 7 fwa Pyè te di a an 77 fwa, li te montre disip li yo pa dwe mete yon limit sou kantite fwa yo dwe padone. Yon lòt bò, men sa Talmid Babilónyen an (Yoma 86b) di: “Si yon moun fè yon erè yon premye fwa, yon dezyèm fwa, yon twazyèm fwa, yo mèt padone l, men yo pap padone l si l fè l yon katriyèm fwa.”

nwtsty nòt etid pou Mt 19:7

papye divòs: Oswa “sètifika divòs”. Lefètke Lalwa te mande yon gason pou l prepare yon dokiman legal bay ansyen yo si toutfwa li ta vle divòse, sa te ba l tan pou l byen reflechi anvan l pran yon gwo desizyon konsa. Sandout, lwa sa a te la pou anpeche moun divòse pou dan ri e nan yon sans li te pwoteje medam yo (Dt 24:1). Men, nan epòk Jezi a, chèf relijye yo te fè li fasil pou moun divòse. Jozèf, yon istoryen nan premye syèk la ki te yon Farizyen ki divòse, te fè konnen yon moun ka divòse “pou ti krik ti krak (e se mesye yo ki te konn vin ak pifò nan rezon sa yo)”.

nwtsty foto/videyo

Papye divòs

Papye divòs sa a la depi ane 71 oswa 72 epòk nou an e li te ekri nan lang arameyen. Yo te jwenn li nan pati nò ravin Murabbaat, yon ravin ki pa gen dlo ki nan dezè Jide. Yo fè konnen nan sizyèm ane revòlt Juif yo, Joseph, pitit gason Naqsan, te divòse ak Miriam, pitit fi Jonathan ki t ap viv nan vil Masada.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje