BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 64 p. 152-p. 153 par. 2
  • Li enpòtan pou nou padone

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li enpòtan pou nou padone
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Yon leson sou padon
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Rezon ki fè nou dwe padone
    Koute gran Anseyan an
  • “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yo kontinye “ mache dèyè ti Mouton an ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 64 p. 152-p. 153 par. 2
Yon esklav ki soti pou l toufe yon esklav parèy li.

CHAPIT 64

Li enpòtan pou nou padone

MATYE 18:21-35

  • ÈSKE SE SÈT FWA NOU DWE PADONE YON MOUN?

  • EGZANP ESKLAV SAN PITYE A

Pyè sot tande konsèy Jezi bay sou fason pou yon frè rezoud pwoblèm li genyen ak yon lòt frè poukont yo. Sepandan, sanble Pyè vle konnen kantite fwa yon moun dwe fè yon efò konsa.

Men sa Pyè mande: “Seyè, konbyen fwa pou yon frè m peche kont mwen pou m padone l? Jiska sèt fwa?” Gen kèk chèf relijye ki fè konnen yon moun dwe padone jiska twa fwa. Donk, petèt Pyè panse li bon nèt si l padone yon frè “jiska sèt fwa”. — Matye 18:21.

Sepandan, zafè konte konbyen fwa yon moun fè yon bagay ki pa bon an pa ann amoni ak ansèyman Jezi a. Se sa k fè, men sa l di Pyè: “M ap di w sa, se pa jiska sèt fwa, men, jiska 77 fwa.” ​(Matye 18:22). Se yon fason pou di: nou dwe toujou padone. Donk, Pyè pa dwe mete okenn limit nan kantite fwa pou l padone yon frè l.

Wa a anile dèt yon esklav.

Apre sa, Jezi bay Pyè ansanm ak lòt moun ki te la yo yon egzanp pou montre se yon obligasyon sa ye pou yo padone. Egzanp sa a konsène yon esklav ki pa t montre li gen mizèrikòd menm jan ak mèt li. Gen yon wa ki te vle regle zafè dèt ak esklav li yo. Gen youn nan esklav li yo ki te gen yon gwo dèt pou wa a, li te dwe l 10 000 talan [60 000 000 denye]. Yo mennen esklav sa a bay wa a. Esklav la pa ka fè anyen pou l peye dèt li a. Se sa k fè, wa a mande pou yo vann esklav la, madanm li ak pitit li yo pou l ka jwenn kòb li a. Lè sa a, esklav la met ajenou nan pye mèt la e li sipliye l, li di: “Pran pasyans pou mwen, e m ap remèt ou tout sa m dwe w la.” — Matye 18:26.

Yon esklav ki fè yo mete yon esklav parèy li nan prizon.

Wa a vin pran pitye pou esklav la e li anile gwo dèt li gen pou li a pou l montre mizèrikòd li gen pou li. Yonfwa wa a fin fè sa, esklav la ale e li rankontre yon esklav parèy li ki dwe l 100 denye. Li met men sou esklav parèy li a e li soti pou l toufe l epi li di l: “Remèt mwen sa w dwe m nan.” Men, esklav parèy li a met ajenou nan pye l epi li sipliye l, li di: “Pran pasyans pou mwen, e m ap remèt ou kòb la.” ​(Matye 18:28, 29). Men, esklav wa a te anile dèt la pou li a pa imite mèt la. Li mete esklav parèy li a, ki dwe l mwens kòb la, nan prizon pou jiskaske l peye l lajan li dwe l la.

Wa a fè mete esklav ki san pitye a nan prizon.

Jezi di, lè lòt esklav yo wè fason esklav ki pa gen pitye a trete esklav parèy li a, yo ale epi yo di mèt la sa. Mèt la fache anpil sou esklav la epi li di l: “Esklav mechan! Mwen te anile tout dèt ou a pou ou lè w te sipliye m nan. Èske ou menm tou, ou pa t dwe gen pitye pou esklav parèy ou a, menm jan mwen menm mwen te gen pitye pou ou a?” Wa a lage esklav ki pa gen pitye a nan men gadyen prizon yo pou jiskaske li peye l tout sa l dwe l la. Men sa Jezi di pou l fini: “Se konsa Papa m ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou.” — Matye 18:32-35.

Ala yon bèl leson istwa sa a aprann nou sou padon! Bondye padone anpil peche nou fè. Kèlkeswa peche yon frè fè kont nou parèt piti lè nou konpare yo ak peche nou fè kont Bondye. E se pa yon fwa sèlman Jewova padone nou men li padone nou plizyè milye fwa. Èske nou pa ka padone frè nou an yon pakèt fwa, menm si n ta gen rezon pou n plenyen? Jan Jezi te anseye sa nan Diskou sou mòn nan, Bondye ap “padone peche nou, menm jan nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou”. — Matye 6:12.

  • Sa k fè Pyè poze kesyon sou padon, e poukisa li ka panse se yon bagay ki bon nèt pou yo padone yon moun sèt fwa?

  • Ki jan fason wa a reyaji anvè esklav ki sipliye l pou l gen pitye pou li a pa menm ak fason esklav sa a reyaji anvè yon esklav parèy li?

  • Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi bay la?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje