TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 4-5
Leson nou aprann nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan
Èske w konsyan ou bezwen Bondye?
Ekspresyon “moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye” a vle di literalman “moun k ap sipliye Bondye pou l ba yo lespri a”. (Mt 5:3, nòt.) Nou ka montre jan nou swaf jwenn èd nan men Bondye lè nou . . .
li Bib la chak jou
prepare reyinyon yo epi asiste yo
li piblikasyon yo, e lè sa posib, li sa ki sou sit Entènèt nou an
gade emisyon Tele JW yo chak mwa
Ki jan m ka amelyore abitid mwen genyen pou m manje manje espirityèl la?