BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Wa a rafine pèp li a nan domèn espirityèl
    Wayòm Bondye a ap dirije!
    • 1-3. Ki sa Jezi te fè lè l te jwenn kèk moun ki pa t montre respè pou tanp lan?

      JEZI te gen anpil respè pou tanp ki Jerizalèm nan paske l te konnen sa tanp sa a te reprezante. Pandan lontan, se nan tanp lan vrè adoratè Jewova yo te konn vin adore l. Sepandan, adorasyon sa a, anpalan de adorasyon Jewova a, yon Dye ki sen, te dwe yon adorasyon ki pwòp. Konsa, imajine jan Jezi dwe te santi l lè l te rive nan tanp lan nan dat 10 Nizan ane 33 epòk nou an epi l te wè jan moun yo pa t montre yo gen respè pou tanp lan. Ki sa k te pase lè sa a? — Li Matye 21:12, 13.

      2 Nan Lakou moun nasyon yo, te gen yon pakèt machann ava ansanm ak kèk kanbis ki t ap chèche fè kòb sou tèt moun ki te vin ofri Jewova sakrifis yoa. Jezi te “mete tout moun ki t ap vann nan tanp lan ak tout moun ki t ap achte ladan l yo deyò, e li chavire tab kanbis yo”. (Konpare ak Neyemya 13:7-9.) Li te fè konnen mesye sa yo, ki te wè tèt yo sèlman, te fè kay Papa l la tounen yon “gwòt ki chaje ak vòlè”. Konsa, Jezi te montre jan l gen respè pou tanp lan ak sa tanp lan te reprezante a. Adorasyon y ap bay Papa l la dwe ret pwòp!

  • Wa a rafine pèp li a nan domèn espirityèl
    Wayòm Bondye a ap dirije!
    • a Juif ki t ap vizite Jerizalèm yo te dwe sèvi ak lajan yo itilize nan zòn nan pou yo te ka peye taks yo te gen pou peye nan tanp lan chak ane, e kanbis yo te konn egzije moun yo peye yon kòb pou yo chanje lajan an pou yo. Anplis de sa, Juif sa yo te gendwa bezwen achte bèt pou yo ofri kòm sakrifis. Petèt se paske machann sa yo te konn koupe kou moun yo ak pri yo te konn mande yo ki fè Jezi te rele yo “vòlè”.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje