BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • De egzanp ki gen rapò ak jaden rezen
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi bay yon lòt egzanp. Fwa sa a, li montre se pa sèlman paske chèf relijye yo pa sèvi Bondye ki fè yo antò, men se paske yo mechan. Men sa Jezi di: “Gen yon mesye ki fè yon jaden rezen, li fè yon lantouray pou bare l, li fouye yon basen pou près diven an e li bati yon gerit. Apre sa, li kite jaden an nan men kèk kiltivatè pou travay li, epi li vwayaje al nan peyi etranje. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon esklav kot kiltivatè yo, yon fason pou yo ka ba l kèk nan fwi jaden rezen an fè. Men, yo pran esklav la, yo bat li, epi yo voye l ale de men vid. Li voye yon lòt esklav kote yo ankò. Sa a menm, yo frape l nan tèt e yo imilye l. Epi, li voye yon lòt esklav, men li menm yo touye l. Li voye anpil lòt ankò, genyen yo bat e genyen yo touye.” — Mak 12:1-5.

      Èske moun k ap koute Jezi yo ap rive konprann egzanp li bay la? Bon, petèt yo sonje pawòl Ezayi te di pou kritike yo, li te di: “Jaden rezen Jewova, Chèf lame yo, se pèp Izrayèl la. Moun Jida yo se plantasyon li renmen an. Li t ap tann jistis, Men, gade! Se enjistis ki genyen.” ​(Ezayi 5:7). Egzanp Jezi a sanble ak pawòl sa yo. Mèt tè a se Jewova, e jaden rezen an se nasyon Izrayèl la, ki te gen Lwa Bondye a tankou yon lantouray pou pwoteje yo. Jewova te voye pwofèt yo pou bay pèp li a enstriksyon e pou ede yo pwodui bon fwi.

  • De egzanp ki gen rapò ak jaden rezen
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Konsa, yo jije tèt yo san yo pa rann yo kont, etandone yo fè pati “kiltivatè” Jewova mete pou travay “jaden rezen” l lan ki se nasyon Izrayèl la. Fwi Jewova atann toutbon pou l jwenn nan men kiltivatè sa yo gen ladan l lafwa nan Pitit li a, ki se Mesi a. Jezi gade chèf relijye yo fiks epi li di: “Èske nou pa t janm li sa yon pasaj nan Ekriti yo di? Li di: ‘Wòch moun k ap bati yo te jete a, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an. Se Jewova ki fè sa rive, e se yon bèl bagay sa ye nan je nou.’” ​(Mak 12:10, 11). Pou l esplike sa l sot di a, li di: “Se poutèt sa, men sa m ap di nou: Y ap retire Wayòm Bondye a nan men nou, e se yon nasyon k ap pwodui fwi Wayòm nan y ap bay li.” — Matye 21:43.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje