-
Se pou nou gen kè kontan pou travay di nou fè“Rete nan lanmou Bondye”
-
-
6, 7. Ki sa k montre Jezi ap travay di depi lontan?
6 Jezi tou ap travay di depi byen lontan. Anvan li te vin sou tè a, li te konn travay ak Bondye antanke “yon moun ki konn travay byen” e li te patisipe nan kreyasyon tout bagay, ‘ni sa ki nan syèl la, ni sa ki sou tè a’. (Pwovèb 8:22-31; Kolosyen 1:15-17.) Lè Jezi te vin sou tè a, li te kontinye travay di. Lè l te jèn, li te aprann yon metye ki gen rapò ak konstriksyon kay, e yo te vin konnen l kòm yon “bòs chapant”a. (Mak 6:3.) Metye sa a te mande pou Jezi travay di e pou l abil nan plizyè domèn, sitou nan epòk sa a, paske pa t gen ni kote pou moun al bay siye bwa, ni magazen kote yo vann materyo konstriksyon, ni zouti elektrik. Èske w imajine Jezi ki pati al chèche bwa pou l fè yon travay? Petèt li te oblije koupe pyebwa epi transpòte bwa a kote li t ap travay la. Èske w imajine l k ap fè yon kay, k ap prepare travès pou twati kay la e k ap enstale yo, k ap fè pòt yo e petèt menm k ap fè kèk mèb pou kay la? Sandout, Jezi te konnen satisfaksyon yon moun jwenn lè l travay di e li fè travay li byen.
-
-
Se pou nou gen kè kontan pou travay di nou fè“Rete nan lanmou Bondye”
-
-
a Mo grèk lè yo tradui l yo mete “bòs chapant” pou li a se yon “mo yo itilize nan yon sans jeneral pou yo pale de moun ki travay ak bwa pou fè kay, mèb oswa nenpòt lòt kalite bagay ki fèt an bwa”.
-