“ Suiv mwen nètale ”
1 Anpil moun santre vi yo sou fè tèt yo plezi, men byen souvan, kè yo pa kontan. Yon lòt bò, Jezi te konseye pou nou aprann bay san nou pa atann anyen anretou, e se sa ki bay vrè bonè (Tra. 20:35). Men sa li te di : “ Si yon moun vle vin suiv mwen, se pou l renye tèt li, [...] e se pou l suiv mwen nètale. ” (Mak 8:34). Sa mande plis pase refize kèk plezi detanzantan. Sa siyifi, se pou nou viv chak jou, non pa pou nou fè tèt nou plezi, men pou nou fè Jewova plezi. — Wom. 14:8 ; 15:3.
2 Konsidere egzanp apot Pòl. Akoz “ kokenn enpòtans konesans Jezi Kris ” genyen, Pòl te sispann kouri dèyè objektif pèsonèl li te genyen e li te vwe tèt li pou l fè enterè Wayòm nan avanse (Fil. 3:7, 8). Li te di : “ Bò kote pa m, m ap byen kontan depanse e m ap depanse m nèt ” pou sèvi lòt moun (2 Kor. 12:15). Nou chak nou ta dwe mande tèt nou : ‘ Ki fason mwen itilize tan m, enèji m, kapasite m ak resous mwen ? Èske mwen konsantre m sou fè enterè pa m avanse, oswa èske m ap chèche fè Jewova plezi ? ’
3 Okazyon pou nou bay : Chak ane, sèvitè Bondye yo konsakre plis pase yon milya èdtan nan travay predikasyon Wayòm nan, yon travay k ap sove lavi. Nan kongregasyon an, timoun kou granmoun akonpli tout kalite travay nan enterè lòt moun. Gen anpil travay ki fèt tou anrapò ak kongrè yo, anrapò ak konstriksyon ak antretyen lokal ki sèvi pou fè vrè adorasyon an avanse. Anplis de sa, reflechi sou èd chaje lanmou frè k ap sèvi nan komite lyezon ospitalye yo ak nan gwoup pou vizite malad yo ap bay. Tout efò sa yo, ki demontre espri sakrifis, se benediksyon pou fanmi nou fòme antanke kretyen an ! — Sòm 110:3.
4 Nou ka jwenn okazyon pou nou bay èd pa nou divès fason, tankou lè gen yon dezas oswa yon ijans. Men, pi souvan, se kapab yon kretyen menm jan avèk nou nou santi ki bezwen èd ak ankourajman (Pwo. 17:17). Lè nou dispoze fè tout sa nou kapab pou nou sèvi lòt moun e pou nou fè enterè Wayòm nan avanse, nou suiv egzanp Jezi (Fil. 2:5-8). Annou fè efò pou nou fè sa nètale.