BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 38 p. 96-p. 97 par. 7
  • Jan ta renmen konn sa Jezi di

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jan ta renmen konn sa Jezi di
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Èske Jan manke lafwa?
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Kiyès ki Jan ki te konn batize moun nan?
    Repons Bib la bay
  • Aktivite Jezi ogmante, aktivite Jan diminye
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jan ki te konn batize moun nan: Se yon egzanp k ap ede n kenbe jwa nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 38 p. 96-p. 97 par. 7
Jan ki konn batize moun nan poukont li nan prizon.

CHAPIT 38

Jan ta renmen konn sa Jezi di

MATYE 11:2-15 LIK 7:18-30

  • JAN KI KONN BATIZE MOUN NAN BEZWEN KONNEN WÒL JEZI JWE

  • JEZI PALE AN BYEN DE JAN

Jan ki konn batize moun nan gen anviwon ennan depi l nan prizon. Men, li tande pale de bèl mirak Jezi ap fè yo. Imajine fason Jan santi l lè disip li yo fè l konnen Jezi resisite pitit gason vèv Nayin nan. Men, Jan ta renmen se Jezi dirèkteman ki esplike l sa tout bagay sa yo vle di. Donk, li voye de nan disip li yo kot Jezi. Ki sa y al fè menm? Yo poze Jezi kesyon, yo di l: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?” — Lik 7:19.

Èske kesyon sa a pa sanble parèt dwòl? Sa gen anviwon dezan depi Jan ki te yon moun ki zele, te wè lespri Bondye desann sou Jezi e li te tande vwa Bondye ki te bay Jezi apwobasyon l nan moman li t ap batize Jezi a. Nou pa gen okenn rezon pou n ta panse lafwa Jan te vin febli. Si se ta sa, Jezi pa t ap pale an byen konsa de li, jan l te fè sa nan okazyon sa a. Men si Jan pa gen dout, poukisa l poze kesyon sa a?

Sanble Jan te sèlman vle se Jezi li menm ki pou ba l asirans se Li menm ki Mesi a. Sa t ap fòtifye Jan anpil pandan l ap pase mizè nan prizon. Men, sanble kesyon Jan an gen lòt bagay ki kache dèyè l. Li byen konnen pwofesi biblik ki pale konsènan Moun Bondye t apral chwazi pou l vin wa e pou l vin sovè a. Sepandan, plizyè mwa apre Jezi fin batize, yo mete Jan nan prizon. Donk, Jan ta renmen konnen si gen yon lòt moun k ap vini apre Jezi, yon lòt moun k ap fin akonpli tout bagay yo te anonse Mesi a t ap gen pou l fè.

Yon mesye ki te bwete nan pye ak yon fi ki te avèg kontan paske Jezi geri yo.

Jezi pa annik di disip Jan yo, ‘mèwi mwen se Moun ki te gen pou vini an’, okontrè, li bay prèv Bondye avè l paske li geri tout kalite maladi ak enfimite. Se sa k fè li di disip Jan yo: “Al rakonte Jan sa nou tande ak sa nou wè: Moun avèg wè kounye a, moun enfim mache, moun ki gen lèp geri, moun soud tande, moun mouri leve, e yo anonse pòv yo bon nouvèl la.” — Matye 11:4, 5.

Sanble kesyon Jan te poze a montre Jan t ap atann pou Jezi fè plis pase sa l te fè yo e petèt Jezi t apral libere l nan prizon an. Sepandan, Jezi te di Jan pou l pa atann li pral fè plis mirak pase sa l deja fè yo.

Lè disip Jan yo ale, Jezi bay foul moun yo asirans Jan plis pase yon pwofèt. Li se “mesaje” Jewova a yo te anonse nan Malachi 3:1 an. Li se pwofèt Eli te anonse nan Malachi 4:5, 6 la tou. Men sa Jezi esplike: “Anverite m ap di nou sa: Pami moun ki sot nan vant fi, pa gen youn nan moun yo te voye yo ki gen plis enpòtans pase Jan ki konn batize moun nan. Men, moun ki gen mwens enpòtans nan Wayòm syèl la gen plis enpòtans pase l.” — Matye 11:11.

Konsa, Jezi montre Jan pap nan Wayòm syèl la, piske moun ki gen mwens enpòtans nan Wayòm Bondye a gen plis enpòtans pase l. Jan te prepare chemen an pou Jezi, men li mouri anvan Kris fè alyans ak disip li yo pou yo dirije avè l nan Wayòm li an (Ebre 10:19, 20). Piske Jan se yon pwofèt Bondye ki fidèl, l ap pami moun ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm Bondye a.

  • Poukisa Jan mande si Jezi se Moun ki te gen pou vini an oubyen si l dwe tann yon lòt moun?

  • Ki pwofesi Jezi di Jan ki konn batize moun nan te akonpli?

  • Poukisa Jan ki konn batize moun nan pap nan syèl la ak Jezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje