BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 2 p. 12-p. 13 par. 10
  • Yo onore Jezi anvan l fèt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo onore Jezi anvan l fèt
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Yo onore l anvan l fèt
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Gabriyèl al wè Mari
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon zanj vizite Mari
    Liv istwa biblik mwen an
  • “Mwen se esklav Jewova!”
    Annou imite lafwa yo
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 2 p. 12-p. 13 par. 10
Mari monte yon bourik. Lè Mari antre nan kay la. Elizabèt santi timoun ki nan vant li an sote tèlman l kontan. Mari ede Elizabèt ak responsablite ki gen nan kay la.

CHAPIT 2

Yo onore Jezi anvan l fèt

LIK 1:34-56

  • MARI VIZITE YON FANMI L KI RELE ELIZABÈT

Apre zanj Gabriyèl fin di yon jèn fi ki rele Mari li pral fè yon pitit gason k ap rele Jezi e k ap wa pou toutan, Mari mande l: “Kòman sa ap fè rive, piske mwen pa gen relasyon seksyèl ak okenn gason?” — Lik 1:34.

Gabriyèl reponn li: “Lespri sen ap vin sou ou e pisans Sila a ki nan pi gwo pozisyon an ap kouvri w. Se pou rezon sa a, y ap rele timoun k ap fèt la sen e y ap rele l Pitit Bondye.” — Lik 1:35.

Petèt, pou Gabriyèl ede Mari aksepte mesaj li a, li di l: “Gade! Elizabèt, fanmi w, moun te di ki pa ka fè pitit la ansent yon tigason tou, pandan l tou granmoun nan. Kounye a, li sou sizyèm mwa li. Paske, pa gen yon pawòl Bondye di ki enposib pou l reyalize.” — Lik 1:36, 37.

Mari aksepte sa Gabriyèl di l la jan n ka wè sa nan repons li bay ki vin annapre a: “Mwen se esklav Jewova! Se pou sa rive m jan w di a.” — Lik 1:38.

Tousuit apre zanj Gabriyèl fin ale, Mari prepare l pou l al vizite Elizabèt, k ap viv ak mari l, Zakari, toupre Jerizalèm nan yon zòn nan Jide ki gen mòn. Kòm Mari abite Nazarèt, l ap gen pou l fè yon vwayaj k ap dire petèt twa oswa kat jou.

Finalman, lè Mari rive lakay Zakari, li antre e li salye Elizabèt. Nan moman sa a, Elizabèt vin ranpli ak lespri sen, e li di Mari: “Pami tout fi ki genyen, ou se yon fi ki beni, e pitit ki nan vant ou an beni tou! Kòman m fè gen kalite privilèj sa a, pou manman Seyè m nan vin wè m? Paske, ou wè, lè m tande salitasyon w lan, tibebe ki nan vant mwen an sote tèlman l kontan.” — Lik 1:42-44.

Apre sa, men sa Mari reponn pou l montre rekonesans li gen nan kè l: “Nanm mwen ap fè louwanj pou Jewova e kè m pa ka pa kontan anpil grasa Bondye, Sovè m nan. Paske li voye je l gade esklav li a ki nan yon kondisyon ki ba. Paske, depi kounye a, tout jenerasyon pral deklare m byennere. Paske Toupisan an fè gwo bagay pou mwen.” Nou ka remake, byenke Mari jwenn gwo onè sa a, se Bondye li bay tout glwa a. Li di: “Non li se yon non ki sen. E jenerasyon apre jenerasyon, li fè moun ki gen lakrentif pou li yo mizèrikòd.” — Lik 1:46-50.

Mari kontinye louwe Bondye ak yon chan ki gen yon pwofesi Jewova enspire l pou l chante. Men sa l di: “Li aji ak fòs ponyèt li. Li gaye moun ki montre yo gen ògèy nan entansyon yo gen nan kè yo. Li desann moun ki gen pouvwa yo sou twòn yo e li leve moun ki ba yo. Li bay moun ki nan grangou yo bon bagay jis yo satisfè nèt e li voye moun ki rich yo ale ak men yo vid. Li vin ede Izrayèl, sèvitè l la, pou l montre li sonje pwomès li te fè pou l demontre mizèrikòd pou Abraram ak desandan l yo pou toutan, jan li te di zansèt nou yo sa.” — Lik 1:51-55.

Mari ede Elizabèt ak responsablite ki gen nan kay la.

Mari rete ak Elizabèt pandan anviwon twa mwa, e sanble li ede Elizabèt anpil pandan dènye semèn ki rete pou Elizabèt akouche yo. Se vrèman yon bon bagay lefètke de medam fidèl sa yo, ki ansent grasa èd Bondye, te ansanm nan epòk sa a nan lavi yo!

Remake jan yo te onore Jezi anvan menm li fèt. Elizabèt te rele l “Seyè m nan”, epi tibebe ki te nan vant Elizabèt la te “sote tèlman l kontan” lè Mari te parèt la. Jan nou pral wè sa, sa vrèman diferan parapò ak fason lòt moun te trete Mari ak pitit li a ki pral fèt la.

  • Ki sa zanj Gabriyèl di pou l ede Mari konprann fason l ap vin ansent?

  • Ki jan yo te onore Jezi anvan l fèt?

  • Pandan konbyen tan Mari rete ak Elizabèt, e poukisa li fè sa?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje