BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Èske w te konnen?
    Toudegad — 2010 | 1ye janvye
    • De ki kalite tablo yo pale nan Lik 1:63 a?

      ▪ Nan Evanjil Lik la, yo rakonte zanmi Zekarya yo te mande l ki non li t ap bay tipitit gason l ki te fèk fèt la. Zekarya “mande yo yon ti tablo, epi li ekri: Se Jan ki non li.” ​(Lik 1:63). Selon yon ouvraj yon biblis ekri, mo grèk lè yo tradui l ki bay “ti tablo” a fè referans ak “yon ti tablo pou moun ekri ki fèt an jeneral avèk bwa e ki gen yon sifas ki fèt ak lasi yo byen prepare ki sou yon sèl bò tablo a”. Pou yo prepare tablo sa yo, yo pran de ti moso planch epi yo mete kouplè sou yo pou yo kenbe yo ansanm. Yo fouye planch yo, men yo pa fouye yo twòp, epi yo mete lasi ki fèt ak gato myèl sou yo epi yo fè lasi a byen lis. Yon moun te ka itilize yon bagay ki pwenti pou l ekri sou sifas sa a. Annapre, yo te ka efase sa ki ekri sou li a epi yo refè l byen lis pou yo ka ekri sou li ankò.

      Gen yon liv (Reading and Writing in the Time of Jesus) ki di: “Tablo pent ki soti nan vil Ponpeyi, eskilti ki soti nan divès zòn nan anpi women an ak egzanp tablo yo jwenn nan fouy ki fèt toupatou soti ann Ejip pou rive nan mi Adriyen [nan nò Grann Bretay] montre yo te konn sèvi ak ti tablo sa yo anpil.” Tout kategori moun te ka gen jan de ti tablo sa yo: komèsan, otorite nan gouvènman yo, e petèt menm kèk kretyen nan premye syèk la.

  • Èske w te konnen?
    Toudegad — 2010 | 1ye janvye
    • [Foto nan paj 9]

      Yon ti tablo ki te fèt pou elèv lekòl, nan 2yèm syèk nan epòk nou an.

      [Liy kredi]

      Avèk otorizasyon British Library

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje