BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ‘ Moun ki mande Jewova lespri sen, l ap ba yo l ’
    Toudegad — 2007 | 1ye janvye
    • 11. Nan kesyon lapriyè, kòman Jezi te aplike egzanp papa a ak pitit li a ?

      11 Egzanp Jezi te bay sou mesye pèsistan an dekri atitid moun k ap priye a, sètadi kwayan an. Egzanp ki vin annapre a dekri atitid moun k ap koute priyè a, sètadi Jewova Dye. Jezi te poze kesyon sa a : “ Annefè, ki papa pami nou, si pitit li mande l yon pwason, k ap kapab lonje yon sèpan ba li olye l ba l yon pwason ? Oubyen, si l mande l yon ze tou, ki pral lonje yon eskòpyon ba li ? ” Jezi te fè aplikasyon an, lè l te di : “ Kidonk, si nou menm, malgre nou mechan, nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la, moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l ! ” — Lik 11:11-13.

      12. Kòman egzanp papa ki koute demann pitit li a montre dispozisyon Jewova genyen pou l reponn priyè nou yo ?

      12 Avèk egzanp sa a Jezi te bay sou jan yon papa reponn demann pitit li, li te revele fason Jewova santi l anrapò ak moun ki pwoche bò kote l pa mwayen lapriyè (Lik 10:22). Toudabò, remake gen yon kontras ant de egzanp sa yo. Kontrèman ak mesye nan premye egzanp lan ki pa t dispoze bay èd yo t ap mande l la, Jewova tankou yon papa ki gen afeksyon e ki chofe pou l reponn demann pitit li fè l (Sòm 50:15). Anplis, Jezi revele bon dispozisyon Jewova genyen anvè nou nan konparezon li te fè ant yon papa sou tè a ak papa nou ki nan syèl la. Li di, si yon papa imen, malgre li “ mechan ” akoz enpèfeksyon li eritye, ap bay pitit li bon kado, alewè pou Papa nou ki nan syèl la ki donan, nou ka espere l ap bay tout pitit li yo, anpalan de adoratè l yo, lespri sen ! — Jak 1:17.

  • ‘ Moun ki mande Jewova lespri sen, l ap ba yo l ’
    Toudegad — 2007 | 1ye janvye
    • 14. a) Ki move panse ki konn twouble anpil moun k ap rankontre eprèv ? b) Lè n ap rankontre eprèv, poukisa nou bezwen priye Jewova avèk konfyans ?

      14 Egzanp Jezi te bay sou papa ki gen afeksyon an montre tou bonte Jewova pi gran lontan pase bonte nenpòt paran imen demontre. Kidonk, okenn nan nou pa ta dwe konsidere eprèv l ap rankontre kòm yon siy ki montre li pa gen apwobasyon Bondye. Se Satan, pi gwo ènmi nou an, ki vle nou reflechi konsa (Jòb 4:1, 7, 8 ; Jan 8:44). Pa gen okenn kote nan Ekriti yo ki ankouraje refleksyon konsa, kote moun ap kondane tèt yo. Jewova pa pase nou anba eprèv “ ak bagay ki mal ”. (Jak 1:13.) Li pap mete devan nou yon eprèv ki tankou yon sèpan oswa ki tankou yon eskòpyon. Papa nou ki nan syèl la bay “ moun ki mande l yo bon bagay ”. (Matye 7:11; Lik 11:13.) An reyalite, plis nou konprann bonte Jewova ak bon dispozisyon li genyen pou l ede nou, se plis n ap santi nou pouse pou nou priye avèk konfyans. Pandan n ap fè sa, n ap vin anmezi tou pou nou eksprime menm santiman ak yon salmis ki te ekri pawòl sa yo : “ Vrèman Bondye tande. Li prete atansyon ak vwa priyè m. ” — Sòm 10:17 ; 66:19.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje