BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Timoun Bondye te pwomèt la
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Yon mwa gentan pase, e kounye a Jezi gen 40 jou depi l fèt. Ki kote paran l yo ap mennen l kounye a? Y ap monte nan tanp lan nan Jerizalèm, ki gen kèk kilomèt sèlman ki separe l ak kote yo rete a. Selon Lwa Bondye te bay la, 40 jou apre yon fi fin fè yon pitit gason, manman an dwe pote yon ofrann nan tanp lan pou l ka pirifye. — Levitik 12:4-8.

      Se sa Mari fè. Kòm ofrann, li pote de ti zwazo. Sa montre nan ki sitiyasyon ekonomik Jozèf ak Mari ye. Selon Lwa Bondye te bay la, se yon jenn mal mouton oswa yon zwazo yo te dwe bay kòm ofrann. Donk, si manman pitit la pa gen mwayen pou l ofri yon jenn mal mouton, li ka annik bay yon pè toutrèl oubyen de pijon. Se nan sitiyasyon sa a Mari ye, e se sa li bay.

      “JOU POU YO PIRIFYE TÈT YO A RIVE”

      Jozèf ak Mari pote Jezi ki tibebe nan tanp lan pou sakrifis k ap fè moun vin pwòp la.

      Ann Izrayèl, lè yon fi te fè yon pitit, yo te konn konsidere l kòm yon moun ki pa pwòp pandan yon tan. Nan fen peryòd sa a, yo te dwe prezante yon sakrifis yo boule nèt kòm sakrifis ki pèmèt moun sa a vin pwòp. Konsa, tout moun te ka sonje se paran yo ki te transmèt yo peche. Jezi ki te tibebe te pafè e li te sen (Lik 1:35). Malgre sa, Mari ak Jozèf “mennen l” nan tanp lan “pou yo pirifye tèt yo”, jan Lalwa te mande sa. — Lik 2:22.

  • Timoun Bondye te pwomèt la
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje