BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sa nou ka aprann nan egzanp Mari
    Toudegad — 2009 | 1ye janvye
    • Labib montre nou Jozèf ak Mari te pòv. Kòman ? Evanjil yo, sètadi liv Matye a, liv Mak la, liv Lik la ak liv Jan an, aprann nou kèk bagay sou yo. E youn nan bagay yo aprann nou, sèke 40 jou apre Mari te fin akouche, li menm ak Jozèf t al nan tanp lan pou yo bay ofrann yo te dwe bay la. Sa yo te bay la se te “ yon pè toutrèl osinon de jenn pijon ”a. (Lik 2:22-24.) Se sèl moun ki te twò pòv pou yo te ofri yon jèn mouton mal ki te gen dwa bay yon sakrifis konsa. Donk, sa dwe te difisil anpil pou Jozèf ak Mari jwenn sa k nesesè pou yo viv. Malgre tou, nan fanmi yo, yo te rive kreye yon anviwònman ki plen lanmou. E asireman, se bagay espirityèl ki te vin an premye nan lavi yo. — Detewonòm 6:6, 7.

  • Sa nou ka aprann nan egzanp Mari
    Toudegad — 2009 | 1ye janvye
    • a Yo te ofri youn nan zwazo sa yo kòm yon ofrann pou peche yo (Levitik 12:6, 8). Lefètke Mari te bay ofrann sa a, sa montre li te rekonèt li te eritye peche nan men Adan, premye òm nan, menm jan ak tout moun enpafè. — Women 5:12.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje