BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 10
  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Poukisa nou dwe reyini ansanm pou n adore?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Sa ki pouse n asiste reyinyon yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Èske w jwe wòl pa w pou reyinyon yo ka ankourajan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Poukisa w dwe asiste reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm yo?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 10
Leson 10. Yon mesye ap gade vèsè yon Temwen ap montre l pandan yon reyinyon Temwen Jewova yo.

LESON 10

Ki jan reyinyon Temwen Jewova yo ka ede nou?

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Èske yo deja envite w nan yon reyinyon Temwen Jewova? Si w poko janm asiste yon reyinyon, ou kapab santi w malalèz pou w ale pou premye fwa. Ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki sa yo fè nan reyinyon sa yo? Ki enpòtans yo? Poukisa m oblije asiste reyinyon? Leson sa a pral ede w wè ki jan reyinyon sa yo ka ede w vin pi pwòch ak Bondye e ki jan yo kapab ede w nan lavi w ap mennen chak jou.

1. Ki pi gwo rezon nou genyen pou nou reyini ansanm?

Gade ki jan yon moun ki te patisipe nan ekri Bib la te fè konnen pi gwo rezon l genyen pou l reyini ak lòt moun: “M ap fè louwanj pou Jewova nan mitan gwo kongregasyon an.” (Sòm 26:12). Menm jan an tou, Temwen Jewova yo pran plezi reyini ansanm. Toupatou sou tè a, yo reyini chak semèn pou yo bay Bondye louwanj, pou yo chante e pou yo priye. Chak ane, plizyè fwa nan ane a, yo fè plizyè rasanbleman kote gen plis moun ki reyini pou yo adore Bondye.

2. Ki sa w ap jwenn nan reyinyon yo?

Nan reyinyon yo, nou anseye sa k soti nan Pawòl Bondye a, nou ‘esplike l byen klè pou fè moun konprann li’. (Li Neyemi 8:8.) Lè w asiste reyinyon yo, w ap aprann konn Jewova pi byen e w ap aprann konnen bèl kalite li genyen yo. Tank w ap aprann konnen jan l renmen w se tank w ap vin pi pwòch avè l. Mete sou sa, ou pral aprann ki jan li ka ede w pou w viv yon fason ki ba w satisfaksyon. — Ezayi 48:17, 18.

3. Ki jan moun ou rankontre nan reyinyon yo ka ede w?

Jewova mande nou pou nou “voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou”. (Ebre 10:24, 25.) Nan reyinyon yo, w ap rankontre moun ki vrèman renmen youn lòt e se moun ki enterese aprann konnen plis sou Bondye menm jan avèk ou. W ap kapab tande yo k ap pale sou yon seri panse ankourajan ki sot nan Bib la. (Li Women 1:11, 12.) Mete sou sa, ou pral rankontre moun ki selibatè ak moun ki marye ki gen kè kontan malgre pwoblèm yo genyen. Sa yo se kèk rezon sèlman ki fè Jewova vle pou nou toujou reyini ansanm!

FOUYE PLIS

W ap aprann ki jan yo fè reyinyon Temwen Jewova yo e sa k fè li bon pou w fè efò pou w asiste reyinyon sa yo.

4. Reyinyon Temwen Jewova yo

Nan premye syèk la, kretyen yo te konn reyini regilyèman pou yo adore Jewova (Women 16:3-5). Li Kolosyen 3:16, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan premye kretyen yo te konn adore Jewova?

Jodi a tou, Temwen Jewova yo reyini regilyèman nan lokal kote yo adore Bondye yo. Pou w ka wè ki jan reyinyon yo fèt, gade VIDEYO a. Apre sa, gade foto ki montre kote y ap fè yon reyinyon epi reponn kesyon ki vin apre yo.

VIDEYO: Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? (2:12)

  • Ki sa w wè ki sanble ant sa k ap fèt nan yon Sal Wayòm ak sa w te li nan Kolosyen 3:16 la?

  • Èske w te remake yon lòt bagay nan videyo a oswa nan foto a konsènan reyinyon yo ki enterese w?

Li 2 Korentyen 9:7, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa Temwen Jewova yo pa mande moun lajan nan reyinyon yo?

Moun k ap fè etid avè w la ap gade pwogram youn nan reyinyon k ap fèt nan semèn nan avè w e n ap fè yon ti pale sou li.

  • Ki pati nan reyinyon sa a ou twouve ki pi enteresan oubyen ou santi k ap plis itil ou?

Èske w te konnen?

Sou jw.org, ou ka jwenn ki kote y ap fè reyinyon yo toupatou sou tè a e a ki lè y ap fèt.

Foto: Plizyè sèn ki montre sa k ap pase nan yon Sal Wayòm anvan, pandan e apre yon reyinyon. Se menm sèn yo ki repete soti nan A rive nan D. A. Yon Temwen gason ki sou yon estrad pandan yon reyinyon k ap bay yon diskou ki baze sou Bib la. B. Yon Temwen fi nan asistans lan k ap fè kòmantè pandan yo poze kesyon nan reyinyon an. C. Yon Temwen gason k ap pale ak yon fanmi apre reyinyon an. D. Yon Temwen gason ki kenbe pòt pou yon granmoun gason k ap vin nan reyinyon an.
  1. Nan reyinyon nou yo gen diskou, demonstrasyon ak videyo. Reyinyon nou yo kòmanse e yo fini ak yon kantik e ak yon priyè.

  2. Gen kèk pati nan pwogram nan kote moun nan asistans lan ka patisipe.

  3. Nou kontan akeyi tout moun, ni fanmi yo, ni moun ki selibatè, ni granmoun, ni timoun.

  4. Reyinyon nou yo gratis. Temwen Jewova yo pa fè moun peye pou yo asiste reyinyon yo ni yo pa fè lakòlèt.

5. Sa mande efò pou nou asiste reyinyon yo

Fè yon ti reflechi sou egzanp fanmi Jezi. Pou yo te kapab asiste yon evènman ki te konn fèt chak ane, yo te oblije mache sou distans anviwon 100 km nan mòn soti Nazarèt rive Jerizalèm. Li Lik 2:39-42, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske w pa panse soti Nazarèt al Jerizalèm te mande efò?

  • Poukisa w bezwen fè efò pou w asiste reyinyon yo?

  • Èske w panse li bon pou w al nan reyinyon menm lè sa pa fasil? Poukisa?

Foto ki ansanm: Jozèf, Mari, Jezi ak yon ti frè Jezi k ap prepare pou yon vwayaj. 1. Jozèf ap chaje yon bourik e Mari ap prepare bagay pou manje. 2. Yon kat jeyografi ki montre wout ki soti Nazarèt rive Jerizalèm nan.

Bib la di li enpòtan anpil pou nou reyini pou nou adore Bondye. Li Ebre 10:24, 25, epi reponn kesyon sa a:

  • Poukisa nou dwe asiste reyinyon yo regilyèman?

GEN MOUN KI DI: “Ou pa bezwen reyini ak lòt moun. Ou ka annik etidye Bib la lakay ou.”

  • Ki vèsè oswa ki egzanp nan Bib la ki montre sa Jewova vle?

SA W TE APRANN

Lè w asiste reyinyon yo sa ap ede w aprann plis bagay sou Jewova, sa ap ede w vin pi bon zanmi avèk li e sa ap ede w adore l ansanm ak lòt moun.

Revizyon

  • Poukisa Jewova ankouraje nou pou nou reyini ansanm?

  • Ki sa w ap aprann nan reyinyon Temwen Jewova yo?

  • Ki lòt fason w panse ou ka jwenn byenfè nan reyinyon Temwen Jewova yo?

Objektif

APRANN PLIS

Ki sa w ka fè si w pè asiste reyinyon yo? Gade ki jan yon mesye te vin renmen reyinyon yo malgre l te pè asiste yo okòmansman.

Nou pap janm bliye fason yo te salye nou (4:16)

Gade ki jan yon jèn gason te kontan asiste reyinyon yo e gade sa l te fè pou l te ka kontinye asiste yo.

Mwen renmen reyinyon yo anpil! (4:33)

Gade ki jan kèk moun konsidere reyinyon yo.

“Poukisa w dwe asiste reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm yo?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki jan lavi yon mesye ki te nan yon gang te vin chanje nèt apre l te fin asiste reyinyon Temwen Jewova yo.

“Mwen pa t janm al pyès kote san zam mwen” (Toudegad 1ye jiyè 2014)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje