BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 55
  • Ede kongregasyon ou ladan l lan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede kongregasyon ou ladan l lan
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Nou di Jewova mèsi pou lanmou nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • “Fè Jewova kado kèk bagay”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Ki sa Bib la di sou travay ak lajan?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Poukisa pou n bay Moun ki gen tout bagay la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 55
Leson 55. Plizyè frè ak sè k ap fè travay pa deyò Sal Wayòm yo a e k ap pran swen lakou a.

LESON 55

Ede kongregasyon ou ladan l lan

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Toupatou sou tè a, gen plizyè milyon moun k ap sèvi Jewova ak kè kontan e yo fè pati plizyè milye kongregasyon. Yo gen rekonesans pou enstriksyon ak direksyon yo jwenn e yo chofe pou yo ede kongregasyon yo divès fason. Èske ou menm tou ou chofe pou w ede kongregasyon w ladan l lan?

1. Ki fason w kapab sèvi ak tan w ansanm ak fòs ou pou w ede kongregasyon an?

Nou tout ka bay èd nou nan kongregasyon an. Pa egzanp, èske gen moun ki granmoun oswa ki limite nan sa yo ka fè akoz pwoblèm sante? Èske l posib pou w ede yo ale nan reyinyon? Oswa èske w ka ede yo lòt fason, tankou lè w al achte pou yo oswa lè w fè kèk travay nan kay pou yo? (Li Jak 1:27.) Nou ka ede tou nan netwaye, pran swen epi repare Sal Wayòm nou an. Pa gen pèsonn ki fòse nou fè bagay sa yo. Se lanmou nou gen pou Bondye ak lanmou nou gen pou frè ak sè nou yo ki pouse nou “ofri tèt [nou] san fòse”.— Sòm 110:3.

Temwen ki batize yo kapab ede kongregasyon an lòt fason ankò. Frè ki ranpli kondisyon Bib la bay yo kapab ede kongregasyon an lè yo sèvi kòm sèvitè ministeryèl oswa kòm ansyen. Ni frè ni sè kapab soutni travay predikasyon an lè yo pran sèvis pyonye. Gen kèk Temwen ki ka ede nan konstwi lokal pou nou adore Bondye oswa ki ka deplase ale nan zòn ki gen kongregasyon ki bezwen èd.

2. Ki jan nou ka sèvi avèk kòb nou e ak sa nou posede pou nou soutni kongregasyon an?

Nou kapab “onore Jewova avèk sa [nou] genyen ki gen valè yo”. (Pwovèb 3:9.) Nou kontan sèvi ak kòb nou e ak lòt bagay materyèl nou genyen pou n soutni kongregasyon nou ladan l lan e pou n soutni travay predikasyon n ap fè nan lemonnantye a. (Li 2 Korentyen 9:7.) Epi, ofrann nou fè yo ede frè yo pote sekou lè gen katastwòf. Gen anpil moun ki chwazi toujou “mete yon ti bagay apa” pou yo fè ofrann. (Li 1 Korentyen 16:2.) Nou kapab mete ofrann nan bwat ofrann ki nan lokal kote nou adore Jewova yo oswa nou kapab fè ofrann sou Entènèt nan donate.jw.org. Jewova ban nou posiblite pou nou montre nou renmen l nan fason nou chwazi sèvi ak bagay materyèl nou genyen.

FOUYE PLIS

Gade kèk fason ou kapab ede kongregasyon an.

3. Nou kapab sèvi ak bagay materyèl nou genyen pou ede kongregasyon an

Jewova ak Jezi renmen moun ki bay ak kè kontan. Pa egzanp, Jezi te pale an byen de yon vèv ki pa t gen anpil mwayen, men ki te fè yon ofrann pou Jewova kanmenm. Li Lik 21:1-4, epi reponn kesyon sa yo:

  • Lè n ap fè ofrann, èske nou bezwen bay anpil kòb pou nou fè Jewova plezi?

  • Ki jan Jewova ak Jezi santi yo lè nou fè ofrann ak kè kontan?

Pou w aprann ki jan yo sèvi avèk ofrann nou bay yo, Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: ‘Yon kado nou bay Jewova’ (4:47)

  • Ki jan yo sèvi avèk ofrann yo pou ede kongregasyon yo toupatou sou tè a?

Yon sè aje k ap met ofrann nan yon bwat kontribisyon.

4. Nou ka bay èd nou

Nan epòk yo t ap ekri Bib la, moun ki t ap adore Jewova yo te konn travay pou pran swen lokal kote yo te konn adore l yo. Men, se pa kòb sèlman yo te bay. Li 2 Kwonik 34:9-11, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki jan chak Izrayelit te ede nan pran swen kay Jewova a, sa vle di lokal kote yo te konn adore l la?

Pou w wè ki jan Temwen Jewova yo suiv egzanp sa a ki nan Bib la, gade VIDEYO a. Epi reponn kesyon ki vin apre yo.

VIDEYO: Annou pran swen lokal kote nou adore Bondye yo (3:31)

Foto yon sèn nan videyo ‘Annou pran swen lokal kote nou adore Bondye yo’. Plizyè gason, fi ak timoun k ap fè netwayaj anndan Sal Wayòm yo a.
  • Sa k fè l enpòtan pou n kenbe Sal Wayòm nou an pwòp e an bon eta?

  • Bay kèk fason w kapab ede.

Yon gwoup Temwen k ap bay koutmen nan travay konstriksyon Sal Wayòm antanke volontè.

5. Frè yo kapab travay pou yo vin kalifye pou yo gen plis responsablite nan kongregasyon an

Labib ankouraje frè yo pou yo chèche vin kalifye e pou yo fè tout sa yo kapab pou yo ede kongregasyon an. Pou w wè yon egzanp, gade VIDEYO a epi reponn kesyon ki vin apre a.

VIDEYO: Nou menm frè— Chèche kalifye pou yon bèl travay (5:19)

  • Nan videyo a, ki jan Ryan te chèche vin kalifye pou l ede kongregasyon an pi plis toujou?

Labib bay kondisyon pou frè yo ranpli pou yo sèvi kòm sèvitè ministeryèl oswa ansyen. Li 1 Timote 3:1-13, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa yo atann pou frè k ap chèche ranpli kondisyon pou yo sèvi kòm sèvitè ministeryèl oswa ansyen yo fè?

  • Ki sa yo atann pou fanmi frè sa yo fè?— Gade vèsè 4 ak 11.

  • Lè frè yo fè efò pou yo ranpli kondisyon sa yo, nan ki sans sa bon pou tout kongregasyon an?

Yon jèn frè k ap pouse chèz yon frè ki granmoun pandan y ap preche kay an kay.

SI YON MOUN TA MANDE W: “Kote Temwen Jewova yo jwenn kòb pou yo fè travay y ap fè a?”

  • Ki jan w t ap reponn?

SA W TE APRANN

Jewova vrèman apresye lè nou bay tan nou, fòs nou ak bagay materyèl nou genyen pou nou ede kongregasyon an.

Revizyon

  • Ki jan nou ka sèvi ak tan nou ak fòs nou pou nou ede kongregasyon an?

  • Ki jan nou ka sèvi ak bagay materyèl nou genyen pou nou ede kongregasyon an?

  • Ki jan w ta renmen ede kongregasyon an?

Objektif

APRANN PLIS

Gade poukisa Bondye pa mande pou moun k ap adore l yo bay ladim ankò.

“Ki sa Bib la di konsènan ladim?” (Atik sou Entènèt)

Aprann ki sa chèche vin kalifye nan kongregasyon an vle di.

“Èske w ap ‘chèche’?” (Toudegad 15 septanm 2014)

Gade gwo sakrifis kèk Temwen ki gen anpil kran fè pou yo pote piblikasyon bay Temwen Jewova parèy yo.

Fason nou distribye piblikasyon yo nan peyi Kongo (4:25)

Gade ki jan fason nou jwenn kòb pou nou fè travay nou an vrèman diferan ak fason lòt relijyon yo jwenn kòb.

“Ki kote Temwen Jewova yo jwenn lajan pou yo fè travay y ap fè a?” (Atik sou Entènèt)

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje