-
Se pou nou “konnen lanmou Kris demontre a”Annou pwoche bò kote Jewova
-
-
“Papa, padone yo”
16. Lè Jezi te sou poto soufrans lan, ki sa l te di ki montre aklè li te dispoze padone?
16 Gen yon lòt fason ankò Jezi te byen imite lanmou Papa l genyen an: li te “dispoze padone”. (Sòm 86:5.) Sa parèt aklè menm lè li te sou poto soufrans lan. Byenke Jezi t apral mouri nan lawont, e li te gen klou ki t ap dechire men l ak pye l, ki sa l te di? Èske li te mande Jewova pou l pini moun ki t ap touye l yo? Se pa sa ditou Jezi te fè. Men youn nan dènye pawòl Jezi te di anvan l te mouri: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” — Lik 23:34b.
-
-
Se pou nou “konnen lanmou Kris demontre a”Annou pwoche bò kote Jewova
-
-
b Gen kèk ansyen maniskri ki retire premye pati ki nan Lik 23:34 la. Sepandan, etandone pawòl sa yo nan anpil maniskri ki fè otorite, yo mete yo nan Tradiksyon monn nouvo a, e yo mete yo nan anpil lòt tradiksyon ankò. Sa klè, Jezi t ap pale konsènan sòlda women yo ki te kloure l sou poto a. Yo pa t konnen sa yo t ap fè. Yo pa t konnen kiyès Jezi te ye toutbonvre. Natirèlman, pa t gen eskiz pou chèf relijye yo ki te patisipe nan fè touye Jezi, paske yo te byen konnen sa yo t ap fè. Pou anpil nan yo, pa t gen okenn padon. — Jan 11:45-53.
-