BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 131 p. 298-p. 299 par. 3
  • Yon wa ki inosan k ap soufri sou yon poto

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon wa ki inosan k ap soufri sou yon poto
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li nan gwo soufrans sou poto a
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Rezon ki fè nou dwe renmen Jezi
    Koute gran Anseyan an
  • Jezi mouri Gòlgota
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li remèt yo Jezi e y al avè l pou yo touye l
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 131 p. 298-p. 299 par. 3
Jezi fè kriminèl ki bò kote l la pwomès sa a: “W ap avè m nan Paradi a.”

CHAPIT 131

Yon wa ki inosan k ap soufri sou yon poto

MATYE 27:33-44 MAK 15:22-32 LIK 23:32-43 JAN 19:17-24

  • YO KLOURE JEZI SOU YON POTO SOUFRANS

  • SA YO EKRI SOU PANKAT KI ANLÈ TÈT JEZI A FÈ Y AP PASE L NAN RIZIB

  • JEZI PWOMÈT LAVI NAN PARADI SOU TÈ A

Yo mennen Jezi yon kote ki pa lwen vil la, kote yo pral egzekite li menm ak de bandi. Yo rele kote sa a Gòlgota oubyen Plas Zo Tèt, se yon kote yon moun te ka “ret nan yon distans ap gade”. — Mak 15:40.

Yo retire rad sou toule twa mesye sa yo ki kondane. Apre sa, yo ba yo diven ki melanje ak yon dwòg ki rele lami e ki melanje ak myèl. Sanble, se medam Jerizalèm yo ki prepare l, e Women yo pa gen pwoblèm pou yo bay moun yo pral egzekite yo bwason sa a ki kalme doulè. Men, lè Jezi goute l, li refize bwè l. Poukisa? Sandout se paske li vle rete ak tout bonsans li diran gwo eprèv sa a epi li vle rete fidèl jiskaske l mouri.

Yo mete Jezi kouche sou poto a (Mak 15:25). Sòlda yo kloure men l ak pye l. Piske klou yo pèse chè l ak ligaman yo sa lakòz li nan gwo soufrans. Lè yo met poto a kanpe, doulè a ap koupe souf li, paske pwa kò l fè klou yo chire kote yo antre a. Epoutan, olye Jezi menase sòlda women yo, li priye pito, li di: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” — Lik 23:34.

Women yo gen abitid mete yon pankat ki ekri krim kriminèl la te fè a. Fwa sa a, Pilat mete yon pankat sou poto a ki ekri: “Jezi, moun Nazarèt la, Wa Juif yo.” Yo ekri pankat sa a ann ebre, an laten e an grèk yon fason pou tout moun ka li l. Pilat fè sa paske li pa kontan poutèt Juif yo fòse l kondane Jezi amò. Prèt an chèf yo santi yo kontrarye, y ap plede di: “Pa ekri: ‘Wa Juif yo’, men ekri pito li di: ‘Mwen se Wa Juif yo.’” Sepandan, Pilat pa vle yo fè l sèvi maryonèt ankò, li reponn yo: “Sa m ekri a m ekri l nèt.” — Jan 19:19-22.

Prèt yo ki fache anpil retounen ak fo temwayaj yo te bay nan moman Sanedren an t ap jije Jezi a. Se pa etonan lè moun k ap pase yo kòmanse ap manke l dega, y ap souke tèt yo pou yo pase l nan rizib, yo di: “Woy! Ou menm ki t apral kraze tanp lan pou w rebati l nan twa jou, se pou w desann poto soufrans lan pou w sove tèt ou.” Menm jan an tou, prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo di youn lòt: “Se pou Kris la, Wa Izrayèl la, desann poto soufrans lan kounye a, pou nou ka wè pou nou kwè.” ​(Mak 15:29-32). Ata bandi yo ki te sou bò goch li a ak sa k te sou bò dwat li a ap manke l dega, malgre se sèl Jezi ki inosan.

Kat sòlda women yo tonbe pran plezi sou Jezi tou. Petèt yo t ap bwè vinèg, se sa k fè sanble pou yo pase l nan rizib yo lonje l bay Jezi. Li klè, Jezi pa t ap ka rive pran l pou l ta bwè menm yon ti gout ladan l. Women yo sèvi ak sa ki ekri sou pankat ki anlè tèt Jezi a pou yo pase l nan rizib, yo di: “Si w se wa Juif yo, se pou w sove tèt ou.” ​(Lik 23:36, 37). Imajine sa! Moun ki te pwouve li se chemen an, verite a ak lavi a kounye a ap sibi move tretman e y ap pase l nan rizib. Malgre sa, li aksepte tout soufrans sa yo san l pa blame Juif k ap gade l yo, sòlda women yo k ap pase l nan rizib yo ak de bandi ki bò kote l yo.

Sòlda yo k ap fè tiraj osò ak rad ki pa anba rad ki te sou Jezi a.

Kat sòlda yo pran rad ki te sou Jezi yo, yo separe yo fè kat moso. Yo fè tiraj osò ak yo pou yo wè pou kiyès y ap ye. Men, rad li te gen pa anba rad ki te sou li yo, se yon rad bon kalite, “rad sa a te san kouti, se te yon sèl pyès, soti anwo rive anba”. Men ki rezònman sòlda yo fè: “Nou pap chire l. Annou fè tiraj osò avè l pito pou nou wè pou kiyès l ap ye.” Konsa, yo akonpli yon pasaj nan ekriti yo ki di: “Yo separe rad mwen yo antre yo, e yo fè tiraj osò pou rad mwen an.” — Jan 19:23, 24; Sòm 22:18.

Rive yon moman, youn nan bandi yo vin rann li kont genlè Jezi se yon wa vre. Se sa k fè li reprimande bandi parèy li a, li di l: “Ou pa krenn Bondye ditou ou menm, alòske w resevwa menm santans avè l? Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa egzakteman sa nou merite pou sa nou fè, men mesye sa a pa fè anyen ki mal.” Apre sa, li sipliye Jezi, li di: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” — Lik 23:40-42.

Jezi reponn: “Anverite m ap di w sa jodi a: W ap avè m nan Paradi a.” Jezi pa t di l li t ap avè l nan Wayòm nan, men “nan Paradi a”. (Lik 23:43.) Pwomès sa a pa menm ak pwomès li te fè apot yo kote yo t ap gen pou yo chita sou twòn avè l nan Wayòm nan (Matye 19:28; Lik 22:29, 30). Sepandan, etandone kriminèl sa a se yon Juif petèt li te deja tande pale konsènan Paradi sou tè a Jewova te vle depi okòmansman pou Adan, Èv ak pitit pitit yo viv ladan l lan. Kounye a, bandi sa a mèt mouri ak esperans li vin genyen an.

  • Poukisa Jezi refize bwè diven yo ofri l la?

  • Ki pankat yo met anlè tèt Jezi, e ki jan Juif yo reyaji lè yo wè l?

  • Ki jan sa yo fè ak rad Jezi yo akonpli yon pwofesi?

  • Ki bèl avni Jezi mete devan youn nan kriminèl yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje