BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp16 no 3 p. 9
  • Èske w te konnen?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te konnen?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Sou menm sijè a
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Li te pwoteje yo, li te ba yo sa yo bezwen, li te pèsevere
    Annou imite lafwa yo
  • Li te pwoteje fanmi l, li te ba yo sa yo gen bezwen, li te pèsevere
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • “Èske mwen nan plas Bondye?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
wp16 no 3 p. 9

Èske w te konnen?

Kiyès ki te papa Jozèf?

Jozèf ap fòme Jezi pou l vin yon bòs chapant

Jozèf, bòs chapant ki t ap viv Nazarèt la, se te papa adoptif Jezi. Men, kiyès ki te papa Jozèf? Nan liy fanmi Jezi yo bay nan Evanjil Matye a, yo site non yon sèten Jakòb, alòske nan Evanjil Lik la, yo di Jozèf se te “pitit Eli”. Poukisa gen diferans sa a? — Lik 3:23; Matye 1:16.

Men sa nou li nan istwa ki nan liv Matye a: “Jakòb se te papa Jozèf.” Matye itilize yon mo grèk ki montre byen klè Jakòb se te bonjan papa Jozèf. Donk, Matye t ap bay liy fanmi natirèl Jozèf sot ladan l lan, liy fanmi David kote wa yo te soti. Se pa mwayen liy fanmi sa a ki fè Jezi, antanke pitit adoptif Jozèf, te gen dwa legal pou l resevwa twòn nan.

Yon lòt bò, men sa nou li nan istwa ki nan liv Lik la: “Jozèf se te pitit Eli.” Ekspresyon “se te pitit” la kapab vle di “bofis”. Nou jwenn yon lòt ka konsa nan Lik 3:27, kote yo di Cheyaltyèl “se te pitit Neri”, alòske bonjan papa Cheyaltyèl se te Jekónyas (1 Kwonik 3:17; Matye 1:12). Sanble Cheyaltyèl te marye ak yon pitit fi Neri yo pa site non l, se sa k fè li te vin bofis Neri. Se menm jan an pou Jozèf, li “te pitit” Eli paske l te marye ak Mari, pitit fi Eli. Donk, Lik pale de liy fanmi Jezi “selon lachè”, fanmi kote manman l, Mari, te soti (Women 1:3). Konsa, Labib ban nou enfòmasyon ki itil sou de liy fanmi diferan pou Jezi.

Ki kalite twal ak tenti ki te genyen nan epòk yo t ap ekri Bib la?

Twal lenn yo mete tenti sou li yo jwenn nan yon gwòt toupre Lanmè Mòt, li la depi anvan 135 epòk nou an.

Twal lenn yo mete tenti sou li ki nan yon gwòt toupre Lanmè Mòt, li la depi anvan 135 epòk nou an.

Nan tan lontan, yo te konn sèvi anpil ak lenn mouton pou yo fè twal nan Moyenn Oryan, menm jan yo te konn sèvi ak plim kabrit ak chamo. Kalite twal moun te plis itilize se te lenn, e souvan, Labib pale de mouton, li pale de tonn mouton e li pale de twal ki fèt ak lenn mouton (1 Samyèl 25:2; 2 Wa 3:4; Jòb 31:20). Plant ki rele len yo te konn itilize pou yo fè twal len an te leve ann Ejip ak ann Izrayèl (Jenèz 41:42; Jozye 2:6). Petèt, Izrayelit ki t ap viv nan epòk yo t ap ekri Bib la pa t konn plante pye koton, men Bib la pale de twal koton ki te gen nan peyi Pès (Estè 1:6). Twal swa a se te yon twal deliks ki te koute chè. Se komèsan sèlman ki te konn al chèche l nan Ekstrèm Oryan pou yo ka vann li. — Revelasyon 18:11, 12.

Men sa yon liv ki gen tit Jezi ak monn li t ap viv ladan l lan (anglè) fè konnen: “Lenn te konn gen yon kantite koulè natirèl, soti blan rive mawon fonse, e te konn gen anpil ti diferans ant koulè yo.” Epitou, souvan, yo te mete tenti sou yo. Te gen yon tenti koulè vyolèt ki te vann byen chè yo te pran nan yon seri ti bèt yo rele zuit e yo te konn sèvi ak divès kalite plant, rasin pyebwa, fèy ak ensèk pou yo fè tenti wouj, jón, ble ak nwa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje