BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 55 p. 134-p. 135 par. 10
  • Pawòl Jezi yo choke anpil moun

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pawòl Jezi yo choke anpil moun
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Anpil disip sispann suiv Jezi
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Ki sa w bezwen fè pou w viv pou toutan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Jezi se “pen ki bay lavi a”
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • “Bonjan pen ki sot nan syèl la”
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 55 p. 134-p. 135 par. 10
Pandan Jezi ap pale ak 12 apot yo, Jida vire tèt li yon lòt kote paske l gen dout; lòt disip k ap plenyen e yo ale.

CHAPIT 55

Pawòl Jezi yo choke anpil moun

JAN 6:48-71

  • MANJE CHÈ L EPI BWÈ SAN L

  • ANPIL MOUN ESTOMAKE E YO SISPANN SUIV LI

Pandan Jezi nan yon sinagòg nan Kapènawòm, l ap pale de tèt li antanke bonjan pen ki sot nan syèl la. Sandout, pawòl l ap di kounye a vin ajoute sou sa l te di moun ki te retounen sot sou kot lès Lanmè Galile a, yon seri moun ki te manje nan pen ak pwason li te bay nan zòn sa a.

Jezi kontinye pale, li di: “Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, epoutan yo te mouri.” Yon lòt bò, men sa l esplike: “Mwen se pen vivan ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou toutan. Anfèt, pen m ap bay pou moun nan monn nan ka gen lavi a se chè m.” — Jan 6:48-51.

Nan prentan ane 30 epòk nou an, Jezi te di Nikodèm, Bondye tèlman renmen monn nan, li bay Pitit li a kòm yon Sovè. Kounye a, Jezi montre li enpòtan pou yon moun manje nan chè l lè moun sa a demontre lafwa nan sakrifis li pral fè a. Se konsa yon moun ap kapab jwenn lavi ki pap janm fini an.

Sepandan, moun yo pa dakò ak sa Jezi di a. Yo di: “Kòman mesye sa a ap fè ban nou chè l pou nou manje?” ​(Jan 6:52). Jezi vle pou moun k ap koute l yo konprann li pa t vle di moun t ap gen pou manje chè l toutbon. Sa l di annapre yo montre ki sa pawòl li yo vle di.

Men sa l di: “Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi. Yon moun ki manje chè m e ki bwè san m ap gen lavi ki pap janm fini an [...]. Paske, chè m se bonjan manje, e san m se bonjan bwason. Yon moun ki manje chè m e ki bwè san m ap ret ann inyon avè m.” — Jan 6:53-56.

Nou pa bezwen mande jan sa Jezi te di yo te sonnen dwòl nan zòrèy Juif ki t ap koute l yo! Yo te ka ap panse Jezi ap ankouraje yo fè zak kanibal epi pou yo vyole lwa Bondye bay pou moun evite san an (Jenèz 9:4; Levitik 17:10, 11). Men, Jezi pa t ap pale de manje chè oswa bwè san toutbon. Li vle fè konnen tout moun ki vle resevwa lavi ki pap janm fini an dwe demontre lafwa nan sakrifis li pral fè lè l ap ofri kò moun pafè li genyen an e lè l ap vèse san l ki reprezante lavi li. Epoutan, menm pami disip li yo, gen anpil ki pa konprann sa l anseye a, yo di: “Pawòl sa yo chokan, kiyès ki ka koute yo?” — Jan 6:60.

Piske Jezi rann li kont anpil nan disip li yo ap plenyen, li di: “Èske sa fè nou estomake? Bon, e si nou ta wè Pitit lòm nan k ap monte al kote l te ye anvan an? [...] Pawòl mwen di nou yo soti nan lespri sen e yo bay lavi. Men, gen kèk nan nou ki pa kwè.” Lè sa a, anpil nan disip li yo kite l epi yo sispann suiv li. — Jan 6:61-64.

Se sa k fè Jezi mande 12 apot li yo: “E nou menm, nou pa vle ale tou?” Pyè reponn: “Seyè, kiyès pou n al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an. Nonsèlman nou kwè, men nou vin konnen tou ou se Sila a ki sen Bondye voye a.” ​(Jan 6:67-69). Menm lè Pyè ak lòt apot yo pa t fin rive twò byen konprann sa Jezi anseye sou kesyon sa a, yo montre yo fidèl. Sa a se yon bèl egzanp!

Byenke fason Pyè reponn nan fè Jezi plezi, men sa l fè remake: “Mwen te chwazi nou 12 la, pa vre? Poutan, youn nan nou se yon medizan.” ​(Jan 6:70). Jezi t ap pale konsènan Jida Iskaryòt. Li posib nan moman sa a, Jezi te kòmanse wè Jida gen yon move panchan.

Men, se sèten, Jezi kontan lefètke li konnen Pyè ak lòt apot yo pap sispann suiv li e yo pap sispann patisipe nan travay sove lavi l ap fè a.

  • Nan ki sans Jezi te bay moun yo chè l, e ki jan yon moun ka ‘manje chè Jezi’?

  • Poukisa moun yo choke akoz pawòl Jezi di anrapò ak chè l ak san l lan, men sou ki sa Jezi t ap mete aksan?

  • Ki jan Pyè te reyaji lè anpil moun te sispann suiv Jezi?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje