-
Chèche touche kè manm fanmi w ki pa kwayanToudegad — 2014 | 15 mas
-
-
Nan premye syèk la, Andre te pami premye moun ki te idantifye Jezi antanke Mesi a. Ki moun li te kouri fè konn sa san pèdi tan? Bib la di: “Dabò, li [Andre] jwenn frè li, Simon, e li di l: ‘Nou jwenn Mesi a’ (ki vle di Kris).” Andre te mennen Pyè kot Jezi, e konsa, Pyè te gen posiblite pou l vin youn nan disip Jezi yo. — Jan 1:35-42.
-
-
Chèche touche kè manm fanmi w ki pa kwayanToudegad — 2014 | 15 mas
-
-
Ki sa nou ka aprann nan fason Andre ak Kònèy te aji ak manm fanmi yo a?
Andre ak Kònèy te kite bagay yo fèt poukont yo. Andre te mennen Pyè bay Jezi, e Kònèy te fè aranjman yon fason pou manm fanmi l te koute sa Pyè te gen pou l di yo. Men, ni Andre, ni Kònèy pa t fè presyon sou fanmi yo, ni yo pa t eseye yon seri taktik anba anba pou pouse yo vin disip Kris. Ki leson w ka aprann nan sa? L ap bon pou n aji menm jan an. Nou gendwa vle pataje kèk panse ak manm fanmi nou, nou gendwa vle ba yo opòtinite pou yo vin konn verite ki nan Bib la e pou yo vin konn kwayan parèy nou yo tou. Sepandan, nou dwe respekte libète yo genyen pou yo chwazi a, e nou dwe evite fè presyon sou yo, alòske sa pap itil anyen. Pou n montre fason nou ka ede manm fanmi nou, nou pral konsidere egzanp Jürgen ak Petra, yon koup marye k ap viv nan peyi Almay.
-