BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 103 p. 240-p. 241 par. 2
  • Li pirifye tanp lan ankò

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li pirifye tanp lan ankò
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • L al vizite tanp lan ankò
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi pwòpte tanp lan
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li sèvi ak yon pye fig frans pou l anseye yon leson sou lafwa
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yon jounen trèzenpòtan kòmanse
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 103 p. 240-p. 241 par. 2
Jezi chavire tab moun ki konn chanje lajan yo.

CHAPIT 103

Li pirifye tanp lan ankò

MATYE 21:12, 13, 18, 19 MAK 11:12-18 LIK 19:45-48 JAN 12:20-27

  • JEZI MODI YON PYE FIG FRANS E LI PIRIFYE TANP LAN

  • JEZI DWE MOURI POU ANPIL MOUN KA JWENN LAVI

Jezi ak disip li yo fèk pase twazyèm nuit yo nan Betani depi lè yo sot Jeriko. Kounye a, nan lendi maten 10 Nizan an, kou l jou, yo deja nan wout pou y al Jerizalèm. Jezi grangou. Se sa k fè lè l wè yon pye fig frans, l al ladan l. Èske l ap jwenn fig?

Pye fig frans lan pouse fèy anvan lè, etandone sezon fig se jis nan mwa jen, e kounye a yo sèlman nan fen mwa mas. Se sa k fè, Jezi panse pye fig frans lan gentan ap bay fig anvan lè. Men, li pa jwenn anyen. Fèy yo fè moun panse pye fig la gen fig. Men sa Jezi di annapre: “Pèsonn pa gendwa janm manje fwi ki soti nan ou ankò.” ​(Mak 11:14). Menm kote a pye fig frans lan kòmanse seche, se nan demen maten, disip yo wè rezilta pawòl Jezi a ak sa l vle di.

Jezi ak disip li yo kontinye wout yo, e nan yon ti moman yo rive Jerizalèm. Li antre nan tanp lan li te enspekte nan lavèy nan aprèmidi. Men jodi a, Jezi fè plis pase yon enspeksyon, li aji menm jan li te fè sa sa gen twazan, lè l te vin nan fèt Pak ane 30 epòk nou an (Jan 2:14-16). Fwa sa a, Jezi mete “moun ki t ap vann nan tanp lan ak moun ki t ap achte yo deyò”. Apre sa, li chavire “tab kanbis yo ak ban moun ki t ap vann pijon yo”. (Mak 11:15.) Li pa kite okenn moun k ap pote yon bagay pou al nan vil la fè chemen dekoupe nan lakou tanp lan.

Poukisa Jezi fè gwo aksyon sa a kont moun ki t ap chanje lajan e ki t ap vann bèt nan tanp lan? Men sa Jezi di: “Èske sa pa ekri: ‘Y ap rele kay mwen an yon kay pou tout nasyon vin lapriyè’? Men nou menm, nou fè l tounen yon gwòt ki chaje ak vòlè.” ​(Mak 11:17). Rezon ki fè li di yo vòlè se paske yo mande moun ki oblije achte bèt yo bezwen pou fè sakrifis yo yon pri egzajere. Se sa k fè, Jezi konsidere aktivite komès sa yo kòm yon mwayen pou yo dechèpiye moun oswa pou yo vòlè yo.

Nòmalman, lè prèt an chèf yo, espè nan Lalwa yo ak chèf yo ki t ap dirije pèp la tande sa Jezi fè a, yon lòt fwa ankò, yo chèche yon mwayen pou yo fè touye l. Men, yo gen yon pwoblèm. Yo pa konn ki jan pou yo elimine Jezi, etandone tout pèp la te ret la anba bouch li ap koute l.

Apa Juif yo, gen moun lòt nasyon ki vin nan fèt Pak la tou. Moun sa yo se moun ki konvèti nan relijyon Juif yo. Pami yo, gen kèk Grèk ki vin adore Bondye nan fèt la. Yo pwoche kot Filip, petèt akoz non grèk li genyen an, e yo mande pou yo wè Jezi. Filip al kot Andre, petèt paske li pa fin sèten si se yon bon moman pou moun yo rankontre Jezi. Yo toude al fè Jezi konn sa. Sanble Jezi te toujou nan tanp lan.

Jezi konnen se sèlman kèk jou li rete anvan l mouri. Donk, se pa moman pou l ap chèche fè tout moun wè l, jan moun yo swaf sa. Se sa k fè, li bay apot yo yon egzanp. Li di: “Lè a rive pou Pitit lòm nan jwenn glwa. Anverite m ap di nou sa: Si yon grenn ble pa tonbe nan tè a e li pa mouri, li rete yon sèl grenn. Men, si li mouri, lè sa a, l ap pwodui anpil fwi.” — Jan 12:23, 24.

Yon grenn ble ka sanble pa gen anpil valè. Men, si yo mete l nan tè epi li “mouri”, l ap jèmen e rive yon lè l ap pouse, l ap vin yon pye ble k ap bay anpil grenn ble. Menm jan an tou, se sèl Jezi ki pafè sou tè a. Men, si l mouri fidèl devan Bondye, grasa li, moun ki fidèl ki dispoze fè sakrifis menm jan avè l yo ap jwenn lavi ki pap janm fini an. Se sa k fè Jezi di: “Yon moun ki twò renmen lavi l ap detwi l, men yon moun ki rayi lavi l nan monn sa a ap prezève l pou lavi ki pap janm fini an.” — Jan 12:25.

Jezi pap pale de tèt li sèlman, paske apre sa li di: “Si yon moun vle sèvi m, se pou l suiv mwen, e kote mwen ye, se la sèvitè m nan ap ye tou. Si yon moun vle sèvi m, Papa a ap onore l.” ​(Jan 12:26). Ala yon bèl rekonpans! Moun Papa a onore yo pral ansanm ak Kris nan Wayòm nan.

Pandan Jezi ap panse ak gwo soufrans ak lanmò terib k ap tann li, men sa l di: “Kounye a, mwen boulvèse. Men, ki sa pou m di? Papa, sove m anba sa k pral rive a.” Men, Jezi pa t vle pa fè volonte Bondye. Men sa li di: “Epoutan, rezon ki fè m vini se pou m andire moman sa a.” ​(Jan 12:27). Jezi dakò ak tout dispozisyon Bondye pran, san wete lanmò li kòm sakrifis.

  • Poukisa Jezi panse l ap jwenn fig nan pye fig frans lan byenke se pa sezon yo?

  • Poukisa se nòmal pou Jezi rele moun k ap vann nan tanp lan “vòlè”?

  • Nan ki sans Jezi sanble ak yon grenn ble ki mouri, e ki jan l santi l devan soufrans ak lanmò k ap tann li?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje