BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
    Toudegad — 2009 | 1ye avril
    • Remake ki jan Jezi te montre nouvèl nesans lan enpòtan nan konvèsasyon li te gen ak Nikodèm nan. Men sa Jezi te di: “Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li pa kapab wè wayòm Bondye a.” ​(Jan 3:3, Bib Kreyòl La). Mo “si” a ak ekspresyon “pa kapab” la montre nouvèl nesans lan enpòtan anpil. Ann pran yon egzanp. Si yon moun di: “Si solèy la pa klere, yon moun pa kapab wè limyè l”, moun sa a vle di li vrèman nesesè pou solèy la klere pou yon moun ka wè limyè l. Nan menm sans lan, Jezi te vle di li vrèman nesesè pou yon moun fèt yon lòt fwa pou li kapab wè Wayòm Bondye a.

  • Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?
    Toudegad — 2009 | 1ye avril
    • Si nou li pawòl Jezi yo avèk atansyon, n ap remake yo pa montre se lèzòm ki pou chwazi si y ap jwenn nouvèl nesans lan oswa si yo pap jwenn li. Poukisa nou di sa? Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “fèt yon lòt fwa” pou li a, yo kapab tradui l konsa tou: “Nou dwe jwenn yon nesans ki soti anwoa.” Donk, dapre dezyèm fason yo kapab tradui l la, nouvèl nesans lan “soti anwo”, sa vle di “li soti nan syèl la” oswa “nan men Papa a”. (Jan 19:11; nòt anba paj, NW; Jak 1:17, NW.) Kidonk, se Bondye ki kapab fè yon moun jwenn li. —1 Jan 3:9.

  • Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?
    Toudegad — 2009 | 1ye avril
    • a Se konsa plizyè tradiksyon Labib tradui Jan 3:3. Men yon egzanp: “Si yon moun pa resevwa yon nesans ki soti anwo, li pa kapab wè wayòm Bondye a.” —A Literal Translation of the Bible.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje