BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Poukisa kretyen yo pa mele nan politik e yo pa patisipe nan lagè?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Leson 45. Yon jèn sè ki ret kanpe avèk respè pandan timoun nan klas li ap resite sèman pou montre y ap ret fidèl ak peyi yo, san l pa resite sèman an ni li pa mete men l sou kè l tankou lòt elèv yo.

      LESON 45

      Poukisa kretyen yo pa mele nan politik e yo pa patisipe nan lagè?

      Jezi te fè konnen disip li yo “pa fè pati monn nan”. (Jan 15:19.) Youn nan aspè ki genyen nan pa fè pati monn nan, sèke yo pa pran pozisyon nan zafè politik monn nan ak nan lagè. Sa pa toujou fasil. Petèt yo ka pase nou nan rizib poutèt sa. Ki fason nou ka montre nou pa mele nan zafè politik monn nan, nou pa patisipe nan lagè e nou ret fidèl ak Jewova?

      1. Ki jan vrè kretyen yo konsidere gouvènman lèzòm yo?

      Kretyen yo gen respè pou gouvènman yo. Antanke kretyen, nou fè sa Jezi te di nou fè a, nou “bay Seza sa k pou Seza”, sa vle di nou obeyi lwa gouvènman yo. Pa egzanp, nou peye taks yo mande yo (Mak 12:17). Bib la fè konnen sèl rezon ki fè gouvènman yo ap dirije jodi a se paske Jewova pèmèt sa (Women 13:1). Se sa k fè nou konprann otorite gouvènman yo genyen an se yon otorite ki limite. Nou mete espwa nou nan Bondye nou an ak nan Wayòm li an ki nan syèl la pou rezoud pwoblèm lèzòm yo.

      2. Ki jan nou ka montre nou pa mele nan politik e nou pa patisipe nan lagè?

      Menm jan ak Jezi nou pa mele nan politik. Gen yon seri moun ki te wè youn nan mirak Jezi te fè yo e ki te vle fè l vin wa yo, men li pa t kite yo fè sa (Jan 6:15). Poukisa? Li te bay rezon an lè l te di pi devan: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Jan 18:36). Antanke disip Jezi, nou montre nou pa mele nan zafè politik monn nan divès fason. Pa egzanp, nou pa al nan lagè. (Li Miche 4:3.) Nou respekte senbòl nasyonal yo, tankou drapo yo, men, nou pa adore yo (1 Jan 5:21). Epi nou pa pran pozisyon pou okenn pati politik ak okenn kandida, nitou nou pa kont yo. Nan fason sa yo ak nan lòt fason ankò nou montre jan nou fidèl ak gouvènman Bondye a, sa vle di Wayòm Bondye a.

      FOUYE PLIS

      Egzamine kèk sitiyasyon kote l ka difisil pou w pa mele nan politik e pou w pa patisipe nan lagè, epi gade fason w ka pran desizyon k ap fè Jewova plezi.

      Yon mesye ki pa mele nan politik. Li pa ret koute de kandida politik k ap pale ak foul moun yo.

      3. Vrè kretyen yo pa mele nan politik e yo pa patisipe nan lagè

      Jezi ak disip li yo kite yon bèl egzanp pou nou. Li Women 13:1, 5-7 ak 1 Pyè 2:13, 14. Epi, gade VIDEYO a, apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Vrè kretyen yo pa mele nan politik — 1ye pati (4:28)

      • Poukisa nou dwe respekte otorite yo?

      • Ki fason nou montre nou soumèt devan yo?

      Lè gen lagè gen kèk peyi ki fè konnen yo pa pran pozisyon pou yon kan oswa yon lòt, men yo ede toule de kan yo. Ki sa sa vle di pou nou pa mele nan politik e pou nou pa patisipe nan lagè? Li Jan 17:16. Epi, gade VIDEYO a apre sa reponn kesyon ki vin apre a.

      VIDEYO: Vrè kretyen yo pa mele nan politik — 2yèm pati (3:11)

      • Ki sa sa vle di pou nou pa mele nan politik e pou nou pa patisipe nan lagè?

      Ki sa nou ta dwe fè si otorite yo ta mande nou fè yon bagay ki pa ann amoni ak lwa Bondye yo? Li Travay 5:28, 29. Epi, gade VIDEYO a apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Vrè kretyen yo pa mele nan politik — 3yèm pati (1:18)

      • Si lèzòm bay yon lwa ki depaman ak lwa Bondye, lwa kiyès w ap suiv?

      • Nan ki sitiyasyon w panse kretyen yo pa ta dwe obeyi otorite yo?

      4. Ni nan panse kretyen yo, ni nan aksyon yo, yo pa mele nan politik ak lagè

      Li 1 Jan 5:21. Epi, gade VIDEYO a apre sa, reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Rezon ki fè vrè kretyen yo bezwen kouraj — Pou yo kenbe netralite yo (2:49)

      • Nan videyo a, poukisa Ayenge pa t antre nan pati politik la, ni li pa t patisipe nan seremoni nasyonal tankou salye drapo?

      • Èske w panse se te yon bon desizyon?

      Ki lòt sitiyasyon ki ka fè n santi li difisil pou nou pa mele nan zafè politik oswa patisipe nan lagè? Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

      VIDEYO: Leson nou ka aprann nan Toudegad yo — Pa antre nan zafè monn divize sa a (5:16)

      • Ki sa k ka ede nou pou nou pa mele nan zafè politik lè n ap gade konpetisyon entènasyonal?

      • Ki jan nou ka fè pou nou pa mele nan zafè politik e nan lagè, si desizyon politisyen yo pran yo gen efè sou nou menm pèsonèlman?

      • Ki jan nouvèl yo bay yo oswa moun nou pase tan avèk yo kapab gen efè sou nou nan kesyon pa mele nan politik oswa patisipe nan lagè?

      Foto ki ansanm: 1. Yon gwoup moun an kòlè ki kenbe pankat nan men yo e k ap manifeste. 2. Yon mesye ki kontan e ki kenbe yon drapo nan men l pandan yon match. 3. Yon elèv k ap resite sèman pou montre l ap fidèl ak peyi l la. 4. Yon sòlda ki gen yon gwo zam nan men l. 5. De kandida politik k ap fè deba. 6. Yon dam k ap vote.

      Nan ki sitiyasyon yon kretyen dwe veye pou l pa mele nan politik ni nan panse l, ni nan aksyon l?

      SI YON MOUN TA MANDE W: “Poukisa w pa salye drapo e w pa chante im nasyonal?”

      • Ki repons ou t ap bay?

      SA W TE APRANN

      Kretyen yo fè anpil efò pou yo pa mele nan politik ni nan panse yo, ni nan pawòl yo, ni nan aksyon yo.

      Revizyon

      • Ki sa nou dwe bay gouvènman yo?

      • Poukisa nou pa mele nan politik?

      • Nan ki sitiyasyon nou ka santi l difisil pou nou pa mele nan politik?

      Objektif

      APRANN PLIS

      Ki sakrifis nou ka bezwen fè pou nou pa mele nan politik?

      Jewova pa janm lage nou (3:14)

      Ki sa fanmi yo ka fè pou yo prepare yo pou lè yo nan sitiyasyon kote li ka difisil pou yo pa mele nan politik?

      Kenbe netralite w lè w an piblik (4:25)

      Poukisa lè yon moun defann peyi l se pa pi gwo onè ki genyen?

      “Pou Bondye, tout bagay posib” (5:19)

      Gade ki jan w ka pa fè pati monn nan lè w ap pran desizyon ki gen rapò ak ki travay w ap fè.

      “Chak moun ap pote pwòp chay pa l” (Toudegad 1ye avril 2006)

  • Ou kapab ret fidèl menm lè w jwenn opozisyon
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
    • Antanke kretyen, nou tout gen pou nou jwenn opozisyon yon lè kanmenm. Yo ka menm pèsekite nou. Èske sa ta dwe fè nou pè?

      1. Sa k fè nou konnen n ap jwenn pèsekisyon?

      Men sa Bib la di aklè: “Tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou.” (2 Timote 3:12). Yo te pèsekite Jezi paske l pa t fè pati monn Satan an. Nou menm tou nou pa fè pati monn nan, donk, nou pa sezi lè gouvènman ki nan monn sa a ak relijyon yo pèsekite nou.— Jan 15:18, 19.

      2. Ki jan n ka prepare n pou n fè fas ak pèsekisyon?

      Nou bezwen chèche gen plis konfyans nan Jewova depi kounye a. Rezève tan chak jou pou w priye l e pou w li yon pòsyon nan Pawòl li a. Asiste reyinyon yo regilyèman. Aktivite sa yo kapab ede w jwenn fòs ou bezwen pou w ret fidèl devan pèsekisyon, e pou w fè sa avèk kouraj, menmsi se fanmi w k ap pèsekite w. Apot Pòl, yon moun yo te pèsekite souvan, te ekri: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.”— Ebre 13:6.

      Yon lòt bagay k ap ede nou gen plis kouraj se lè nou preche regilyèman. Lè nou preche, sa ede n mete konfyans nou nan Jewova e sa ede n gen kran lè n devan lòt moun (Pwovèb 29:25). Si w chèche vin gen kouraj pou w preche kounye a, sa ap prepare w pou w kontinye preche menmsi gouvènman nan peyi kote w ye a ta vle bloke travay predikasyon nou an.— 1 Tesalonisyen 2:2.

      3. Ki byenfè n ap jwenn lè nou andire anba pèsekisyon?

      Nou pa renmen pèsekisyon, men, lè nou andire anba pèsekisyon e nou ret fidèl, lafwa nou vin pi solid. Lè nou santi nou pa ka sipòte ankò, men, nou wè jan Jewova ede nou, sa fè nou vin pi pwòch avè l. (Li Jak 1:2-4.) Sa fè Jewova mal lè l wè n ap soufri, e sa fè l plezi lè li wè nou andire anba pèsekisyon. Men sa Bib la di: “Si nou andire lè n ap soufri poutèt nou fè sa ki byen, se yon bagay ki fè Bondye plezi.” (1 Pyè 2:20). Rekonpans Jewova pral bay tout moun ki rete fidèl, se lavi ki pap janm fini an nan yon monn kote pa gen moun k ap anpeche nou adore Jewova jan l mande a.— Matye 24:13.

      FOUYE PLIS

      Gade sa k fè l posib pou nou ret fidèl ak Jewova lè nou jwenn pèsekisyon e gade fason Jewova ap rekonpanse nou.

      Yon fi ki pral fè etid li malgre paran l opoze avè l.

      4. Ou kapab ret fidèl menm lè fanmi w opoze avè w

      Jezi te montre moun nan fanmi nou gendwa pa dakò ak desizyon nou pran pou nou adore Jewova a. Li Matye 10:34-36, epi reponn kesyon sa a:

      • Ki sa lòt moun nan yon fanmi ka di oubyen fè lè yon moun nan fanmi an chwazi sèvi Jewova?

      Pou w kapab wè yon egzanp sou sa, gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

      VIDEYO: Jewova te ranmase nou (5:13)

      • Ki sa w t ap fè si yon moun nan fanmi w oubyen yon zanmi w ta eseye anpeche w sèvi Jewova?

      Li Sòm 27:10 ak Mak 10:29, 30. Lè w fin li chak vèsè, reponn kesyon sa a:

      • Ki jan pwomès sa a kapab ede w si moun nan fanmi w oswa zanmi w opoze avè w?

      5. Kontinye adore Jewova menm lè w jwenn pèsekisyon

      Sa mande anpil kouraj pou w sèvi Jewova lè lòt moun ap chèche anpeche w fè sa. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre a.

      VIDEYO: Yo montre yo gen kouraj malgre pèsekisyon (6:27)

      • Ki jan egzanp ki nan videyo sa a ede w gen plis kouraj?

      Li Travay 5:27-29 ak Ebre 10:24, 25. Lè w fin li chak pasaj, reponn kesyon sa a:

      • Sa k fè li enpòtan anpil pou w kontinye adore Jewova menm lè gouvènman kote w rete a ap eseye bloke travay predikasyon an oubyen reyinyon yo?

      6. Jewova ap ede w andire

      Toupatou sou tè a, Temwen Jewova tout laj kontinye sèvi Jewova fidèlman menm lè yo jwenn pèsekisyon. Gade VIDEYO a pou w ka wè ki sa k ede yo fè sa, epi reponn kesyon ki vin apre a.

      VIDEYO: Jewova Dye ap ban m fòs (3:40)

      • Nan videyo a, ki sa k te ede Temwen sa yo kontinye andire?

      Li Women 8:35, 37-39 ak Filipyen 4:13. Lè w fin li chak pasaj, reponn kesyon sa a:

      • Ki jan pasaj sa a fè w gen asirans ou kapab andire kèlkeswa eprèv la?

      Li Matye 5:10-12, epi reponn kesyon sa a:

      • Sa k fè w kapab gen kè kontan menm lè w jwenn pèsekisyon?

      Temwen Jewova nan epòk nou an ki te jwenn pèsekisyon e ki te pran prizon poutèt lafwa yo.

      Plizyè milyon sèvitè Jewova, ni anvan, ni jodi a, kontinye sèvi l fidèlman malgre opozisyon. Ou kapab fè sa tou!

      GEN MOUN KI DI: “M pap ka fè fas ak pèsekisyon.”

      • Ki vèsè ki ka ede moun sa yo gen konfyans yo bezwen an?

      SA W TE APRANN

      Jewova bay efò w fè pou w sèvi l anba pèsekisyon yo anpil valè. Grasa èd li, nou kapab andire e nou kapab rete fidèl.

      Revizyon

      • Sa k fè kretyen yo konnen y ap jwenn pèsekisyon?

      • Ki sa w kapab fè depi kounye a pou w prepare w pou pèsekisyon?

      • Ki sa k ka ede w gen konfyans ou kapab sèvi Jewova menm lè w jwenn pèsekisyon?

      Objektif

      APRANN PLIS

      Gade ki jan yon jèn frè ap esplike fason Jewova te ede l andire lè yo te mete l nan prizon paske l pa t vle mele nan bagay monn nan.

      Kontinye andire malgre pèsekisyon (2:34)

      Gade ki sa k te ede yon mari ak yon madanm sèvi Jewova fidèlman pandan yon pakèt ane menm lè yo te jwenn opozisyon.

      Nou te sèvi Jewova pandan yon peryòd gwo chanjman (7:11)

      Gade ki jan nou ka fè fas ak pèsekisyon avèk kouraj.

      “Ann prepare n pou pèsekisyon depi kounye a” (Toudegad jiyè 2019)

      Ki jan nou ta dwe konsidere opozisyon nou jwenn nan fanmi nou, e ki jan nou kapab fè fas ak difikilte nou jwenn yo?

      “Laverite pa pot lapè, li pot divizyon” (Toudegad oktòb 2017)

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje