Twa moun nan 16yèm syèk la ki t ap chèche laverite — Ki sa yo te jwenn?
“SA K laverite a?” Se kesyon sa a Pons Pilat, ki t ap gouvène Jide nan premye syèk la, te poze Jezi lè l t ap jije Jezi devan tribinal li a (Jan 18:38). Natirèlman, Pilat pa t ap chèche konn laverite vre. Anfèt, kesyon l te poze a montre li te gen yon atitid negatif, li pa t kwè. Sanble pou Pilat, laverite se kèlkeswa sa yon moun te chwazi kwè oswa kèlkeswa sa yo te anseye yon moun epi l kwè ladan l. Pou Pilat, pa t gen okenn mwayen vre pou yon moun detèmine sa k laverite. Se menm bagay la anpil moun panse jodi a.
Nan 16yèm syèk la, gen kèk moun ann Ewòp ki te konn al legliz ki te twouve yo devan yon dilèm kote yo pa t konn ki sa pou yo kwè kòm verite. Lè moun sa yo t ap grandi, yo te anseye yo pou yo kwè nan sipremasi pap la ak nan lòt ansèyman legliz bay, tandiske Refòmatè yo te vin ak lòt ide ki te gaye nan tout Ewòp la nan epòk sa a. Nan ki sa yo te dwe kwè? Ki jan yo t ap rive deside sa k laverite?
Pandan epòk sa a, te gen twa gason pami anpil lòt ki te detèmine pou yo chèche laveritea. Ki jan yo te rive idantifye sa ki verite ak sa ki manti? E ki sa yo te jwenn? Ann li rès atik la.
“SE POU BIB LA [...] TOUJOU GEN OTORITE SIPRÈM”
Wolfgang Capiton se yon jèn gason ki te gen yon seri kwayans ki pwofon. Capiton te etidyan nan medsin, nan dwa ak nan teyoloji, e li te vin prèt nan yon pawas nan ane 1512. Apre sa, li te vin prèt nan vil Mayens bò kote achevèk la.
Okòmansman, Capiton te eseye tanpere Refòmantè yo ki t ap preche yon mesaj ki kontrè ak doktrin katolik yo. Sepandan, yon ti tan apre, Capiton te kòmanse vin patizan refòm nan. Ki sa l te fè? Dapre yon istoryen ki rele James M. Kittelson, lè Capiton t ap egzamine divès kalite ansèyman Legliz katolik bay, li te kwè “pi bon mwayen pou moun konnen si sa y ap preche yo bon se lè yo egzamine Bib la, paske se sèl liv ki gen verite a”. Konsa, Capiton te kwè ansèyman legliz bay ki fè konnen lè yon moun ap pran losti, losti a tounen kò Jezi e diven an tounen san Jezi, ak ansèyman sou afè venere sen yo se ansèyman ki kontrè ak sa Bib la di. (Gade kare ki gen tit: “Gade si se konsa bagay yo ye vre.”) Nan ane 1523, Capiton te kite bèl pozisyon li te genyen bò kote achevèk la, li t al abite nan vil Strasbourg, ki te youn nan sant refòm relijye ki te gen nan epòk la.
Kay kote Capiton te rete nan vil Strasbourg la te vin yon kay kote moun ki t ap pwoteste yo te konn rankontre, e pa gen dout nan sa, yo te konn pale sou anpil sijè relijye ak sou ansèyman Bib la bay. Byenke gen kèk Refòmatè ki te kontinye anseye doktrin Trinite a, dapre sa yon liv fè konnen, liv Capiton te ekri yo montre li te gen “rezèv sou doktrin Trinite a”. (The Radical Reformation.) Pou ki rezon? Se paske Capiton te enpresyone lè l te wè fason Michel Servet, yon teyolojyen espayòl, te konn sèvi ak Bib la pou l pwouve doktrin Trinite a pa laveriteb.
Etandone lè yon moun pa t kwè nan doktrin Trinite a sa te gen move konsekans pou li, Capiton te pran prekosyon pou l pa t bay opinyon l an piblik. Men, an prive, liv li te ekri yo montre li te gen dout sou doktrin Trinite a depi anvan l te rankontre Servet. Apre sa, nan yon liv yon prèt katolik te ekri, li te fè konnen Capiton ansanm ak patizan l yo te “konn pale an prive konsènan pi gwo mistè relijyon yo genyen [e] mesye yo te rejte doktrin Trè Sent Trinite a”. Yon syèk apre, yo te met Capiton nan tèt lis ekriven ki te kont doktrin Trinite a anpil.
Wolfgang Capiton te kwè pi gwo echèk legliz “se neglije yo neglije sa ki nan Ekriti yo”.
Capiton te kwè se Bib la ki bay laverite. Men sa l te di: “Se pou Bib la ak lwa Kris la toujou gen otorite siprèm nan teyoloji.” Dapre yon filozòf ki rele Kittelson, Capiton “te gen konviksyon pi gwo echèk ki gen nan ansèyman teyolojyen yo se neglije yo neglije sa ki nan Ekriti yo”.
Martin Cellarius (yo rele l Martin Borrhaus tou) se yon jèn gason ki te rete lakay Capiton nan ane 1526, e li te anvi konn laverite ki nan Pawòl Bondye a menm jan ak Capiton.
“KONESANS SOU VRÈ DYE A”
Paj tit liv ki rele Sou travay Bondye yo Martin Cellarius te ekri a kote l te konpare ansèyman legliz yo bay ak sa Bib la di.
Cellarius te fèt nan ane 1499. Li te etidye teyoloji ak filozofi anpil, e li te aksepte travay kòm anseyan nan vil Wittenberg, ann Almay. Etandone vil Wittenberg se baz mouvman refòm nan, byen vit, Cellarius te vin fè konesans ak Martin Luther ansanm ak lòt moun ki te vle fè refòm nan ansèyman legliz t ap bay yo. Ki jan Cellarius t ap rive fè diferans ant ide lèzòm ak verite ki nan Bib la?
Dapre sa yon liv fè konnen, Cellarius te kwè pou yon moun gen bonjan konpreyansyon sou Bib la, li bezwen “li Ekriti yo toutan, li dwe pran abitid konpare vèsè yo youn ak lòt, li dwe priye e li dwe repanti”. (Teaching the Reformation.) Ki sa Cellarius te jwenn nan rechèch li t ap fè nan Bib la?
Nan mwa jiyè 1527, Cellarius te pibliye sa l te jwenn nan rechèch li yo nan yon liv ki rele Sou travay Bondye yo (laten). Nan liv la, li te di bagay Legliz rele sakreman yo tankou ansèyman ki fè konnen lè yon moun ap pran losti, losti a tounen kò Jezi e diven an tounen san Jezi, se sèlman senbòl bagay sa yo ye. Selon Pwofesè Robin Barnes, liv Cellarius la te “bay yon entèpretasyon sou kèk pwofesi ki nan Bib la ki pale de yon peryòd kote pral gen kalamite ak soufrans toupatou sou tè a, apre sa, tout bagay ap vin tounèf epi tout moun ap satisfè”. — 2 Pyè 3:10-13.
Yon bagay ki vrèman remakab se kèk kòmantè tou kout Cellarius te fè sou kiyès Jezi ye toutbonvre. Byenke Cellarius pa t kontredi doktrin Trinite a yon fason dirèk, li te fè diferans ant “Papa a ki nan syèl” ak “Pitit li a, Jezi Kris”. Li te ekri Jezi se youn pami anpil lòt dye ak anpil lòt pitit Bondye Toupisan an genyen. — Jan 10:34, 35.
Nan yon liv Robert Wallace te ekri ki rele Byografi moun ki kont Trinite a (1850, anglè), li te fè remake liv Cellarius yo pa t apiye doktrin Trinite a, yon doktrin anpil moun te kwè ladan l nan 16yèm syèk lac. Konsa, plizyè biblis fè konnen Cellarius dwe te rejte doktrin Trinite a. Yo pale de li kòm youn nan enstriman Bondye itilize “pou fè moun gen konesans sou vrè Dye a ak sou Kris”.
LI TE GEN ESPWA Y AP RETABLI LAVERITE
Ozanviwon ane 1527, vil Wittenberg te tounen vil Jean Campanus tou. Campanus te yon teyolojyen, e yo konsidere l kòm youn nan pi gran biblis ki te gen nan epòk li a. Byenke li te nan mitan yon refòm relijye, li pa t satisfè ak ansèyman Martin Luther yo. Pou ki rezon?
Campanus te kont ni ansèyman ki fè konnen pandan lamès la, losti a tounen kò Jezi e diven an tounen san Jezi, ni ansèyman ki fè konnen kò Jezi nan pen an e san Jezi nan diven an pandan selebrasyon Soupe Seyè ad. Dapre yon ekriven ki rele André Séguenny, Campanus te kwè “pen an toujou rete pen, men antanke sakreman, li reprezante kò Kris la”. Nan kolòk ki te fèt nan ane 1529 nan Marburg la, yon reyinyon yo te fè pou yo pale sou kesyon enpòtan sa yo, yo pa t kite Campanus pale de sa l te aprann nan Ekriti yo. Apre sa, Refòmatè parèy li yo te pran distans avè l.
Nan liv Restitisyon an, Jean Campanus te montre li gen dout sou doktrin Trinite a.
Bagay ki te sitou fè Refòmatè yo fache kont Campanus se kwayans li te genyen sou Papa a, Pitit la ak lespri sen an. Nan yon liv Campanus te ekri an 1532 ki rele Restitisyon (alman), li te fè konnen Jezi ak Papa a se de moun diferan. Li te fè konnen Papa a ak Pitit la “se youn”, menm jan Bib la di yon mari ak madanm li “vin yon sèl chè”, sa vle di yo ini, men yo toujou de moun (Jan 10:30; Matye 19:5). Campanus te remake Ekriti yo itilize menm egzanp lan pou l montre Papa a gen otorite sou Pitit la lè Bib la di: “Chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye.” — 1 Korentyen 11:3.
E lespri sen an menm? Yon lòt fwa ankò, Campanus te sèvi ak Bib la, men sa l te ekri: “Pa gen okenn vèsè nan Ekriti yo ki fè konnen lespri sen se yon twazyèm pèsòn li ye [...]. Lespri sen Bondye ap travay nan sans Bondye prepare tout bagay e li fè tout bagay grasa fòs espirityèl li a ansanm ak aksyon l.” — Jenèz 1:2.
Luther te di Campanus se yon moun k ap bay manti sou Pitit Bondye a e li se advèsè Pitit Bondye a. Gen yon lòt Refòmatè ki te mande pou yo egzekite Campanus. Poutan, Campanus pa t dekouraje. Dapre sa yon liv fè konnen, “Campanus te kwè sa ki lakòz Legliz tonbe se paske moun yo pèdi konpreyansyon yo te genyen sou Divinite Bondye ak sou lòm, yon konpreyansyon apot yo te genyen e ki soti nan Bib la.” — The Radical Reformation.
Campanus pa t janm gen entansyon fòme yon relijyon. Li te di li te chèche laverite anven nan “mitan yon pakèt sèk e pami tout moun yo te konsidere kòm moun ki kont ansèyman legliz yo”. Kidonk, li te swete Legliz katolik t ap rive retabli vrè ansèyman kretyen yo grasa yon restitisyon. Men finalman, otorite Legliz katolik yo te arete Campanus, e petèt, li te fè plis pase 20 an nan prizon. Istoryen yo panse li te mouri ozanviwon ane 1575.
“VERIFYE TOUT BAGAY”
Bonjan etid Capiton, Cellarius, Campanus ak lòt moun ankò te fè nan Bib la te ede yo fè diferans ant laverite ak manti. Byenke se pa tout bagay moun sa yo ki t ap chèche laverite te di ki te ann amoni ak sa ki nan Bib la, mesye sa yo ki gen imilite te fè rechèch nan Ekriti yo e yo te bay verite yo te aprann yo anpil valè.
Men konsèy apot Pòl te bay kretyen parèy li yo: “Verifye tout bagay, sa ki bon an, kenbe l fèm.” (1 Tesalonisyen 5:21). Pou Temwen Jewova yo ede w nan rechèch w ap fè pou w jwenn verite a, yo pibliye yon liv ki apwopriye pou sa ki rele Ki sa Labib anseye toutbonvre?
a Gade kare ki gen tit: “Laissez l’un et l’autre croître ensemble jusqu’à la moisson”, ki nan paj 44 nan liv Les Témoins de Jéhovah: Prédicateurs du Royaume de Dieu. Se Temwen Jewova ki pibliye l.
b Gade atik ki gen tit: “Michel Servet, seul dans sa quête de la vérité”, ki te parèt nan Réveillez-vous! me 2006. Se Temwen Jewova ki pibliye l.
c Men sa liv la di konsènan fason Cellarius te konn itilize mo “dye” a lè l ap pale de Kris: “Li ekri deus, li pa ekri Deus, li itilize dezyèm fason li ekri mo dye a sèlman lè l ap pale de Bondye Siprèm nan.”
d Se Luther ki te vin ak ansèyman ki fè konnen kò Jezi nan pen an e san Jezi nan diven an pandan selebrasyon Soupe Seyè a.
ÖNB/Wien, PORT_00018642_01
Bayerische Staatsbibliothek München, Res/Polem. 97, Beibd.8
Utrecht University Library E oct 31 dl 4