BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w20 mas p. 31
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
w20 mas p. 31
Gad ki nan tanp lan arete de mesye opozan relijye yo lonje dwèt sou yo.

Kesyon lektè yo poze

Kiyès Juif ki te gad nan tanp lan te ye? Ki travay yo te konn fè?

Youn nan travay yo te konn bay moun nan tribi Levi a ki pa t prèt yo fè se te yon travay ki sanble ak travay lapolis. Se chèf gad ki t ap veye tanp lan ki te sipèvize travay sa a. Gen yon ekriven juif ki rele Filon ki te pale de travay gad sa yo te konn fè. Men sa l te di: “Kèk nan [Levit] sa yo te kanpe nan pòt ki bay sou deyò yo pou yo fè pòs, gen kèk ki te konn kanpe nan [zòn kote tanp lan ye a] devan kote ki sen an pou anpeche moun ki pa gendwa antre ladan l antre, kit yo ta fè espre kit yo pa ta fè espre. Gen lòt ki te konn fè patwouy toutotou tanp lan pa relèv, yo te konn travay lajounen kou lannuit, yo t ap veye.”

Sanedren an te gendwa sèvi ak gad sa yo lè yo bezwen. Yo se sèl gwoup Juif Women yo te pèmèt pote zam.

Selon yon biblis ki rele Joachim Jeremias, “nou vin pi byen konprann pawòl Jezi te di lè yo t ap arete l la, lè l te di chak jou li te konn anseye nan Tanp lan e yo pa t met men sou li (Mat. 26:55), si se te gad nan Tanp lan ki te vin arete l”. Menm ekriven sa a te kwè moun yo te voye al arete Jezi nan yon lòt okazyon anvan sa se te gad nan tanp lan tou (Jan 7:32, 45, 46). Annapre se yon seri gad ansanm ak chèf gad sa yo yo te voye al chèche disip Jezi yo pou yo mennen devan Sanedren an, petèt gad sa yo te patisipe nan trennen Pòl met deyò nan tanp lan. — Tra. 4:1-3; 5:17-27; 21:27-30.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje