BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    • Yon mari ak madanm li k ap sèvi ak Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la pou yo preche yon mesye ki kanpe devan lakay li.

      Menm jan ak apot yo, nou preche “kay an kay”.

      16. Ki jan apot yo te demontre yo vle bay yon temwayaj ki konplè, e ki jan nou ka suiv metòd apot yo te itilize pou yo preche a?

      16 Apot yo pa t pèdi tan, yo te rekòmanse travay predikasyon an. San yo pa pè, “chak jou, yo te kontinye anseye san rete, ni nan tanp lan, ni kay an kay” e yo te kontinye “anonse bon nouvèl konsènan Kris la”d. (Tra. 5:42.) Pwoklamatè sa yo ki te zele te vle bay yon temwayaj ki konplè. Yon pwen li bon pou nou note, sèke yo te pote mesaj la lakay moun yo, jan Jezi Kris te di yo pou yo fè sa (Mat. 10:7, 11-14). Pa gen dout nan sa, se konsa yo te rive ranpli tout Jerizalèm ak ansèyman yo a. Jodi a, yo konnen Temwen Jewova yo kòm moun k ap suiv menm metòd apot yo te konn itilize pou yo preche. Lè nou chèche preche bon nouvèl la nan chak kay ki gen nan tèritwa nou, nou montre aklè, nou menm tou, nou vle bay yon temwayaj konplè, nou vle bay chak moun posiblite pou yo tande mesaj la. Èske Jewova beni travay predikasyon n ap fè kay an kay la? Wi, li beni l! Gen plizyè milyon moun ki aksepte mesaj Wayòm nan nan tan lafen an, e anpil nan moun sa yo te tande bon nouvèl la pou premye fwa lakay yo lè yon Temwen Jewova te vin frape pòt yo.

      NAN KI SANS YO TE PRECHE “KAY AN KAY”?

      Malgre Sanedren an te mete entèdiksyon sou travay predikasyon an, disip yo te kontinye preche “chak jou, yo te kontinye anseye san rete, ni nan tanp lan, ni kay an kay”. (Tra. 5:42.) Men anfèt, ki sa ekspresyon “kay an kay” la vle di?

      Nan lang grèk la, mo katoyikòn nan vle di mo pou mo “selon kay yo”. Selon anpil tradiktè, lefètke yo itilize mo kata a, sa montre disip yo te preche sot nan yon kay al nan yon lòt kay. Yon lòt kote yo itilize mo kata a nan sans sa a se nan Lik 8:1. Vèsè sa a di Jezi te preche “sot nan yon vil al nan yon lòt, sot nan yon bouk al nan yon lòt”.

      Mo katoyikòn nan bay katoyikous o pliryèl. Yo itilize mo katoyikous la nan Travay 20:20. Nan vèsè sa a, apot Pòl te di kèk ansyen: “Mwen pa t ezite anseye nou ni an piblik ni kay an kay.” Gen kèk moun ki panse Pòl te vle di li te konn anseye ansyen yo lakay yo, men an reyalite, se pa sa Pòl te vle di. Vèsè ki vin apre a ede n konprann sa. Men sa vèsè a di: “Mwen te bay ni Juif ni Grèk yon temwayaj konplè, mwen te fè yo konnen yo dwe repanti, yo dwe vin jwenn Bondye e yo dwe gen lafwa nan Seyè nou an, Jezi.” (Tra. 20:21). Ansyen sa yo Pòl t ap pale avèk yo a te deja repanti pou peche yo e yo te deja mete lafwa yo nan Jezi. Kidonk, li klè, lè disip yo te preche e yo te anseye kay an kay se temwayaj yo t al bay moun ki pa t kwayan yo lakay yo.

  • “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    • [Nòt anba paj]

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje