BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt p. 2
  • Lèt Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lèt Kolèj santral la
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Sou menm sijè a
  • “Rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Annou detèmine pou nou bay yon temwayaj konplè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Travay 1:8 — “N’a resevwa yon pouvwa”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt p. 2

Lèt Kolèj santral la

Frè ak sè nou k ap preche Wayòm nan,

Imajine ou se youn nan apot yo ki kanpe sou mòn Oliv la. Jezi parèt devan nou, epi anvan l kòmanse monte nan syèl la, li di: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” ​(Tra. 1:8). Ki jan w t ap reyaji?

Petèt ou t ap santi travay sa a twòp pou ou e w pa konn ki sa pou w fè. Ou ta gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki jan yon ti gwoup disip tankou nou ka rive bay temwayaj “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”?’ Anmenmtan, ou ta gendwa sonje avètisman Jezi te bay lannuit anvan l te mouri a, lè l te di: “Yon esklav pa plis pase mèt li. Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou. Si yo obeyi pawòl mwen, y ap obeyi pawòl nou tou. Men, yo pral fè nou tout bagay sa yo akoz non mwen, paske yo pa konnen sila a ki voye m nan.” ​(Jan 15:20, 21). Pandan w ap reflechi sou pawòl sa yo, ou gendwa ap mande tèt ou: ‘Ki jan m ka rive bay yon temwayaj konplè sou Wayòm nan anba opozisyon ak pèsekisyon konsa?’

Frè John Barr ak frè Theodore Jaracz, ki te de manm Kolèj santral la, ap gade yon kat monn nan. Frè Barr kenbe liv “‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’” nan men l.

Jodi a, nou gen pou n reponn yon seri kesyon konsa. Antanke Temwen Jewova, nou gen misyon pou nou bay “moun tout nasyon” yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Mat. 28:19, 20.) Ki jan nou ka rive fè travay sa a, sitou devan opozisyon Jezi te di n ap jwenn nan?

Liv Travay apot yo esplike nou fason apot yo ansanm ak lòt kretyen nan premye syèk la te rive fè travay Jezi te ba yo fè a grasa èd Jewova. Se yon istwa ki vrèman enteresan! Yo fè liv sa a w ap li kounye a pou ede w egzamine istwa sa a e pou ede w viv evènman enteresan ki gen nan bèl istwa sa a kòmsi w te la. Pa gen dout nan sa, w ap sezi wè pakèt resanblans ki genyen ant sèvitè Bondye nan premye syèk la ak pèp Bondye a jodi a. Anplis, w ap wè resanblans sa yo pa gen rapò ak travay n ap fè a sèlman, men tou yo gen rapò ak fason nou òganize nou pou nou fè travay sa a. Lè w reflechi sou resanblans sa yo, sa pap manke pa fòtifye lafwa w, w ap gen plis asirans Jewova Dye ap kontinye dirije pati òganizasyon l lan ki sou tè a.

Nou espere lè w egzamine liv Travay la, sa ap fè w gen plis konfyans Jewova ap ede w e l ap soutni w pa mwayen lespri sen l, e n ap priye pou sa tou. Kidonk, nou swete liv Travay la ap ankouraje w pou w kontinye ‘bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’ e pou w kontinye ede lòt moun mache sou chemen k ap fè yo jwenn delivrans lan! — Tra. 28:23; 1 Tim. 4:16.

Frè w yo,

Kolèj santral Temwen Jewova yo

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje