CHAPIT 137
Plizyè santèn moun wè l anvan fèt Pannkòt la
MATYE 28:16-20 LIK 24:50-52 TRAVAY 1:1-12; 2:1-4
JEZI PARÈT DEVAN ANPIL MOUN
LI MONTE NAN SYÈL
JEZI VIDE LESPRI SEN SOU 120 DISIP
Apre Bondye fin resisite Jezi, Jezi pran dispozisyon pou 11 apot li yo rankontre avè l sou yon mòn nan Galile. Gen lòt disip ki vini tou, yo anviwon 500 konsa. Okòmansman, kèk nan yo te gen dout (Matye 28:17; 1 Korentyen 15:6). Men, sa Jezi di kounye a ede yo chak gen konviksyon Jezi vrèman vivan.
Jezi esplike Bondye ba l tout pouvwa ni nan syèl ni sou tè a. Men ki ankourajman li ba yo: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” (Matye 28:18-20). Vrèmanvre, Jezi pa sèlman vivan, men li toujou vle pou yo preche bon nouvèl la.
Tout disip Jezi yo, sa gen ladan l gason, fi ak timoun, resevwa menm misyon pou yo patisipe nan travay fè disip la. Opozan yo pral chèche bloke travay predikasyon ak travay ansèyman y ap fè a, men Jezi ba yo asirans sa a, li di yo: “Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a.” Ki sa sa vle di pou disip li yo? Men sa l di yo: “Gade! mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” Jezi pa vle di tout moun k ap patisipe nan travay preche bon nouvèl la ap kapab fè mirak. Men, y ap jwenn èd lespri sen nan travay y ap fè a.
Jezi parèt devan disip li yo “pandan 40 jou” apre rezirèksyon l. Li pran plizyè fòm kò moun, epi li te “ba yo yon pakèt prèv klè pou l montre yo li vivan”. Li ba yo enstriksyon “konsènan Wayòm Bondye a”. — Travay 1:3; 1 Korentyen 15:7.
Pandan apot yo toujou nan Galile, sanble Jezi ba yo lòd pou yo retounen Jerizalèm. Pandan l reyini ak yo nan vil la, li di yo: “Pa kite Jerizalèm. Kontinye ret tann sa Papa a pwomèt la, sa mwen te di nou an. Paske, Jan te batize moun nan dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, y ap batize nou ak lespri sen.” — Travay 1:4, 5.
Apre sa, Jezi reyini ak apot li yo ankò, li sot “deyò avèk yo, li mennen yo Betani” ki sou bò lès Mòn Oliv (Lik 24:50). Malgre tout sa li di konsènan ale li gen pou l ale nan syèl la, yo toujou kwè, nan yon sans, Wayòm li an pral etabli sou tè a. — Lik 22:16, 18, 30; Jan 14:2, 3.
Apot yo mande Jezi: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò?” Li jis reponn: “Nou pa gen pou nou konnen tan oswa epòk Papa a mete anba otorite l.” Apre sa, li ensiste ankò sou travay yo dwe fè a, li di: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” — Travay 1:6-8.
Apot yo sou Mòn Oliv lè Jezi ki resisite kòmanse monte nan syèl la. Epi vin gen yon nyaj ki bare l e yo pa wè l ankò. Apre Bondye te fin resisite l, li te konn pran fòm kò moun. Men, kounye a li kite kò lachè li te pran nan moman an e li monte nan syèl la antanke espri (1 Korentyen 15:44, 50; 1 Pyè 3:18). Pandan 11 apot yo kontinye ap fikse syèl la, gen “de mesye ak rad blan” ki parèt bò kote yo. Se zanj ki pran fòm kò moun, yo mande l: “Nou menm, moun Galile, poukisa nou ret ap gade syèl la? Jezi sa a ki sot nan mitan nou pou l al nan syèl la ap vini menm jan nou te wè l ale a.” — Travay 1:10, 11.
Menm jan Jezi kite tè a san fanfa e se disip fidèl li yo sèlman ki wè l, se “menm jan” an l ap retounen san fanfa, e se disip fidèl li yo sèlman k ap konprann li prezan antanke Wa nan Wayòm nan.
Apot yo retounen Jerizalèm. Nan jou ki vin annapre yo, yo reyini ak lòt disip yo, sa gen ladan l “Mari, manman Jezi, e [...] frè Jezi yo”. (Travay 1:14.) Yo t ap pèsevere nan lapriyè. Youn nan bagay yo t ap priye pou yo se pou yo chwazi yon lòt moun pou ranplase Jida Iskaryòt, e konsa, kantite apot yo t ap vin 12 ankò (Matye 19:28). Yo vle jwenn yon disip ki te wè aktivite Jezi yo ak rezirèksyon l. Se te dènye fwa yo pale nan Bib la de tiraj osò pou yo ka konnen volonte Bondye (Sòm 109:8; Pwovèb 16:33). Yo te chwazi Matyas, ki petèt te youn nan 70 disip Jezi te voye al preche yo, e yo te “mete l ansanm ak 11 apot yo”. — Travay 1:26.
Dis jou apre Jezi fin monte nan syèl la, nan fèt Pannkòt ane 33 epòk nou an, yon fèt juif, pandan 120 disip anviwon reyini nan yon chanmòt Jerizalèm, gen yon bri ki fèt tankou bri yon gwo van ki pase rapid, e yon sèl kou bri a gaye nan tout kay la. Yo wè yon bann lang ki tankou dife, youn al poze sou tèt chak moun ki la, e tout disip yo kòmanse pale divès lang. Se lespri sen Jezi te pwomèt yo a ki te vide sou yo. — Jan 14:26.