BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • bt chap. 14 p. 108-115
  • “Nou tout vin tonbe dakò”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Nou tout vin tonbe dakò”
  • ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “Sa ann amoni ak pawòl pwofèt yo” (Travay 15:13-21)
  • Yo te “voye kèk mesye yo chwazi” (Travay 15:22-29)
  • “Yo kontan pou ankourajman yo jwenn nan” (Travay 15:30-35)
  • Ki jan Kolèj santral la fonksyone jodi a?
    Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?
  • Kiyès k ap dirije pèp Bondye a jodi a?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • “Sa te vin lakòz yon gwo diskisyon”
    ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
  • Ki wòl “esklav fidèl ki prevwayan an” jwe?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
bt chap. 14 p. 108-115

CHAPIT 14

“Nou tout vin tonbe dakò”

Fason kolèj santral la te pran yon desizyon ki te pèmèt gen inite nan kongregasyon yo

Travay 15:13-35

1, 2. a) Ki gwo kesyon kolèj santral kongregasyon kretyen premye syèk la dwe reponn? b) Ki èd frè sa yo te jwenn ki t ap pèmèt yo pran bon desizyon an?

TOUT moun sou sispenns, y ap tann desizyon yo pral pran an. Apot yo ak ansyen yo reyini nan yon pyès kay Jerizalèm, youn ap gade lòt, yo santi yo rive nan yon moman ki trèzenpòtan, kote yo dwe pran yon desizyon. Zafè sikonsizyon an mennen gwo kesyon: Èske kretyen yo dwe suiv Lwa Moyiz la? Èske ta dwe gen diferans ant kretyen ki Juif yo ak kretyen ki soti nan lòt nasyon yo?

2 Apot yo ak ansyen yo deja egzamine yon pakèt prèv. Yo egzamine yon seri pwofesi Bondye bay nan Ekriti yo e yo tande bonjan temwayaj yon seri moun bay konsènan kèk evènman yo te viv ki montre jan Jewova beni moun nasyon yo. Yo di tout sa yo konnen sou kesyon an. Yo tèlman jwenn prèv pou yo rezoud pwoblèm nan, sa montre byen klè lespri sen Jewova ap gide yo. Èske mesye sa yo ap dakò suiv direksyon l?

3. Poukisa li bon pou nou egzamine Travay chapit 15 lan?

3 Y ap bezwen anpil lafwa ak kouraj pou yo aksepte direksyon lespri sen nan sitiyasyon sa a. Paske chèf relijye juif yo ka rayi yo plis, e yo ka jwenn opozisyon nan men yon seri mesye nan kongregasyon an ki deside pou yo fè sèvitè Bondye yo retounen suiv Lwa Moyiz la ankò. Ki sa kolèj santral la ap fè nan yon sitiyasyon konsa? Annou wè ki sa yo te fè. Pandan n ap analize sa k te pase yo, n ap wè ki jan mesye sa yo kite yon modèl pou Kolèj santral Temwen Jewova yo jodi a. Se yon modèl nou menm tou nou dwe suiv antanke kretyen lè nou gen desizyon pou nou pran nan lavi nou e lè nou jwenn difikilte.

“Sa ann amoni ak pawòl pwofèt yo” (Travay 15:13-21)

4, 5. Ki sa Jak te di ki te soti nan pawòl pwofèt yo ki te ede tout moun ki te la yo pi byen konprann sijè yo t ap diskite a?

4 Disip Jak, yon frè Jezi kot manman, te pran lapawòla. Genlè se li menm ki te prezide reyinyon an nan okazyon sa a. Sanble pawòl li te di yo te rezime pwennvi gwoup frè sa yo te vin genyen apre yo te fin diskite sou kesyon an. Men sa Jak di mesye ki te la yo: “Simeyon rakonte an detay kòman, pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo. E sa ann amoni ak pawòl pwofèt yo.” — Tra. 15:14, 15.

5 Sanble diskou Simeyon (oswa Simon Pyè) te fè a ak prèv Banabas ak Pòl te bay yo te fè Jak sonje yon seri pasaj enpòtan nan Ekriti yo ki te gen rapò ak sijè yo t ap diskite a e ki te fè tout moun ki la yo pi byen konprann sijè a (Jan 14:26). Apre Jak te fin di “sa ann amoni ak pawòl pwofèt yo”, li te site pawòl ki nan Amòs 9:11, 12 yo. Liv sa a pami Liv ki te ekri ann ebre yo, nan pati yo te konn rele “pawòl pwofèt yo”. (Mat. 22:40; Tra. 15:16-18.) W ap remake pawòl Jak te site yo yon ti jan diferan ak pawòl nou jwenn nan liv Amòs la jodi a. Petèt Jak te site sa k te di nan Septant lan, yon tradiksyon Liv ki te ekri ann ebre yo nan lang grèk.

6. Ki jan Ekriti yo te ede frè yo nan diskisyon an?

6 Pa mwayen pwofèt Amòs, Jewova te fè konnen rive yon lè l ap rebati “kay David la”, e sa te gen rapò ak tabli li t apral tabli Wayòm Kris la (Eze. 21:26, 27). Èske sa te vle di se Juif yo Jewova t apral tounen konsidere kòm pèp li sèlman? Non. Pwofesi a te fè konnen y ap rasanble “moun nan tout nasyon yo” antanke “moun ki pote non [Bondye]”. Yon bagay nou pa dwe bliye, sèke Pyè te fèk fin fè moun yo sonje Bondye “pa t fè okenn diferans ant nou menm [kretyen ki Juif yo] avèk yo [kretyen ki soti nan lòt nasyon yo], men, piske yo te gen lafwa, li te pirifye kè yo”. (Tra. 15:9.) Sa vle di, Bondye vle pou ni Juif ni moun lòt nasyon jwenn posiblite pou yo eritye Wayòm nan (Wom. 8:17; Efe. 2:17-19). Pa gen okenn nan pwofesi sa yo ki te montre yon moun lòt nasyon ki te vin kretyen ta dwe sikonsi oswa l ta dwe konvèti nan relijyon juif la anvan l vin eritye Wayòm nan.

7, 8. a) Ki pwopozisyon Jak te fè? b) Ki jan nou ta dwe konprann pawòl li te di yo?

7 Apre Jak fin tande prèv sa yo ki soti nan Ekriti yo ansanm ak temwayaj ki gen anpil fòs lòt frè yo te bay yo, li te fè pwopozisyon ki vin annapre a: “Se sa k fè, selon opinyon pa m, nou pa dwe bay moun ki nan nasyon yo ki vin jwenn Bondye yo pwoblèm. Men, se pou n ekri yo pou yo evite ni bagay zidòl yo kontamine, ni imoralite seksyèl, ni bèt ki mouri toufe, ni san. Paske, depi lontan, gen moun k ap preche sa ki nan liv Moyiz yo nan yon vil apre yon lòt, piske yo li sa ki nan liv sa yo nan sinagòg yo awotvwa chak saba.” — Tra. 15:19-21.

8 Piske sanble se Jak ki t ap prezide reyinyon an, èske l te depase limit li lè l te di sa? Èske se deside li te annik deside ki sa k te dwe fèt nan sitiyasyon sa a? Non, se pa sa ditou! Jak te di “selon opinyon pa m”, sa montre li pa t ap chèche fè lalwa, okontrè se yon pwopozisyon li te fè ki t ap pèmèt gwoup frè ki te reyini yo pran yon desizyon ki te ann amoni ak prèv yo te tande yo e ak sa Ekriti yo di sou pwen yo t ap diskite a.

9. Ki avantaj pwopozisyon Jak la te genyen?

9 Èske pwopozisyon Jak te fè a se te yon bon pwopozisyon? Wi, e sa parèt klè, paske se pwopozisyon sa a ni apot yo ni ansyen yo te vin aksepte. Ki avantaj pwopozisyon sa a te genyen? Yon bò, desizyon yo te pran an pa t ap bay kretyen ki soti nan lòt nasyon yo “pwoblèm” oswa li ‘pa t ap fè bagay yo difisil pou’ yo, paske yo pa t mande yo pou yo obeyi Lwa Moyiz la (Tra. 15:19; Bib Kreyòl La). Yon lòt bò, li t ap pèmèt yo montre yo respekte konsyans kretyen ki Juif yo, paske se depi digdantan Juif sa yo tande y ap “li sa ki nan liv [Moyiz] yo nan sinagòg yo awotvwa chak saba”b. (Tra. 15:21.) Siman, desizyon sa a t apral fè gen yon pi bon relasyon ant kretyen ki Juif yo ak kretyen ki soti nan lòt nasyon yo. Men, sa ki pi enpòtan, sèke sa t ap fè Jewova plezi, piske desizyon an te ann amoni ak objektif li. Ala yon bon fason frè yo te rive rezoud pwoblèm sa a ki te reprezante yon menas pou inite ak byennèt tout pèp Bondye a! E ala yon bèl egzanp sa ye pou kongregasyon kretyen an jodi a!

Albert Schroeder, pandan l t ap fè yon diskou nan yon kongrè entènasyonal an 1998.

10. Ki jan Kolèj santral jodi a suiv egzanp kolèj santral premye syèk la?

10 Jan nou te di sa nan chapit anvan an, Kolèj santral Temwen Jewova yo jodi a suiv egzanp kolèj santral premye syèk la. Yo toujou chèche direksyon nan men Jewova, Souvren linivè a, e nan men Jezi Kris, Chèf kongregasyon an, pou yo rezoud kèlkeswa pwoblèm nanc (1 Kor. 11:3). Ki jan yo fè sa? Albert Schroeder, yon kretyen ki te gen esperans pou l al viv nan syèl e ki te fè pati Kolèj santral la soti 1974 pou rive nan dat li te mouri a nan mwa mas 2006, te fè konnen: “Kolèj santral la fè yon reyinyon chak mèkredi, yo kòmanse l ak lapriyè e yo mande direksyon lespri Jewova. Yo fè bonjan efò pou yo trete tout kesyon e pou yo pran tout desizyon ann amoni ak Labib, Pawòl Bondye a.” Nan menm sans lan, Milton Henschel, yon kretyen ki te gen esperans pou l al viv nan syèl e ki te mouri nan mwa mas 2003 apre l te fin fè yon bon bout tan kòm manm Kolèj santral la, te poze elèv ki t ap diplome nan 101yèm klas Lekòl Galaad la yon kesyon enpòtan. Li te mande yo: “Èske gen yon lòt òganizasyon sou tè a ki gen yon Kolèj santral ki egzamine Labib, Pawòl Bondye a, anvan l pran gwo desizyon?” Repons lan se non.

Yo te “voye kèk mesye yo chwazi” (Travay 15:22-29)

11. Ki jan kolèj santral la te fè kongregasyon yo konnen desizyon yo te pran an?

11 Kolèj santral ki te Jerizalèm nan te pran yon desizyon sou kesyon sikonsizyon an e yo te dakò sou desizyon sa a. Men, yo te dwe fè frè ki nan kongregasyon yo konnen desizyon an yon fason ki klè e ki ankourajan pou tout frè yo te ka suiv li. Ki pi bon fason yo te ka fè sa? Men sa Bib la fè nou konnen: “Apot yo ak ansyen yo ansanm ak tout kongregasyon an te deside voye kèk mesye yo chwazi pami yo al Antyòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo te voye Jida, ki rele Basabas tou, ak Silas, yo menm ki fè pati moun ki te alatèt pami frè yo.” Mete sou sa, yo te prepare yon lèt e yo te voye l pa mwayen mesye sa yo pou yo te ka li l nan tout kongregasyon ki te nan Antyòch, nan Siri ak nan Silisi. — Tra. 15:22-26.

12, 13. Sa k fè li te bon pou kolèj santral la voye: a) Jida ak Silas? b) yon lèt pou kongregasyon yo?

12 Jida ak Silas, “ki [te] fè pati moun ki te alatèt pami frè yo”, te vrèman kalifye pou yo reprezante kolèj santral la. Delegasyon an te gen kat moun. Lefètke kolèj santral la te voye kat mesye sa yo, sa t ap fè frè yo konprann byen klè se pa t solisyon pou pwoblèm ki te poze a yo te voye sèlman, men tou, yo te voye nouvo enstriksyon ba yo. E kòm Jida ak Silas, de “mesye yo [te] chwazi” yo, te la nan delegasyon ki t ap pase nan kongregasyon yo, sa t ap pèmèt vin gen pi bon relasyon ant kretyen ki Juif ki te Jerizalèm yo ak kretyen ki soti nan lòt nasyon yo. Ala yon dispozisyon ki saj e ki demontre lanmou kolèj santral la te genyen pou kongregasyon yo! Sandout, dispozisyon sa a te pèmèt gen lapè ak inite nan mitan pèp Bondye a.

FASON KOLÈJ SANTRAL LA ÒGANIZE JODI A

Menm jan sa te ye nan premye syèk la, gen yon Kolèj santral ki dirije Temwen Jewova yo jodi a. Moun ki ladan l yo se yon seri kretyen ki vwe lavi yo bay Bondye e ki gen esperans pou y al viv nan syèl la paske Bondye chwazi yo pa mwayen lespri sen l. Kolèj santral la reyini chak semèn. Li gen sis komite ladan l, e chak komite gen responsablite pa l. Men yo:

  • Komite kowòdonatè yo: Li sipèvize tout sa ki gen rapò ak lajistis e li sipèvize fason n sèvi ak medya yo lè sa nesesè pou ede moun yo byen konprann kwayans nou yo. Anplis, se li ki okipe yon seri sitiyasyon ijan, tankou pèsekisyon, dezas ak lòt ka ijan ki touche Temwen Jewova yo nan lemonnantye.

  • Komite pou pèsonèl la: Li sipèvize tout dispozisyon ki pran pou byennèt manm fanmi Betèl yo k ap travay nan biwo filyal yo sou tout tè a nan domèn materyèl ak nan domèn espirityèl. Anplis de sa, se komite sa a ki bay apwobasyon l lè filyal yo ap chwazi moun pou vin travay ladan yo.

  • Komite edisyon: Li sipèvize travay enprime, pibliye ak voye piblikasyon yo. Li sipèvize enprimri yo ak byen ki nan men divès asosyasyon Temwen Jewova yo itilize e li veye sou konstriksyon filyal yo e sou konstriksyon Sal Wayòm ak Sal asanble yo. Li veye tou sou fason yo itilize ofrann volontè ki fèt pou travay mondyal la.

  • Komite pou sèvis: Li gen responsablite pou l veye sou travay predikasyon an e sou sa ki konsène ansyen yo, siveyan sikonskripsyon yo ak lòt sèvitè aplentan yo. Li envite moun nan Lekòl Galaad e li ba yo asiyasyon yo pou yo ka soutni travay predikasyon k ap fèt sou tout tè a epi fè travay sa a kontinye avanse byen djanm.

  • Komite pou ansèyman: Li sipèvize pwogram ansèyman y ap prezante nan kongrè yo, nan asanble yo ak nan reyinyon yo. Li sipèvize preparasyon tout sa k ap parèt sou fòm odyo oswa videyo. Li prepare pwogram pou kou yo pral bay nan Lekòl Galaad, nan Lekòl pyonye ak nan lòt lekòl ankò, e li prepare pwogram ki baze sou Bib la pou volontè k ap travay nan filyal yo.

  • Komite redaksyon: Li sipèvize tout travay ki fèt pou yo fè piblikasyon yo pou frè ak sè yo ak lòt moun yo an jeneral. Mete sou sa, li reponn kesyon biblik moun poze e li sipèvize travay tradiksyon n ap fè sou tè a. Li bay apwobasyon l pou enfòmasyon y ap prezante nan dram yo ak nan plan diskou yo.

Kolèj santral la konte sou direksyon lespri sen Bondye. Frè ki ladan l yo pa konsidere tèt yo kòm chèf sou pèp Jewova a. Okontrè, menm jan ak lòt kretyen ki sou tè a Bondye chwazi pou y al viv nan syèl la, yo “kontinye suiv Ti Mouton an [Jezi Kris] kèlkeswa kote l ale”. — Rev. 14:4.

13 Lèt la te gen enstriksyon ki klè pou kretyen ki soti nan lòt nasyon yo nonsèlman konsènan kesyon sikonsizyon an, men tou, konsènan sa yo te dwe fè pou yo jwenn favè Jewova ak benediksyon l. Men sa pati ki te pi enpòtan nan lèt la te di: “Lespri sen ansanm ak nou menm twouve li bon pou nou pa mete lòt chay sou do nou, eksepte bagay sa yo ki nesesè: kontinye evite ni bagay yo sakrifye bay zidòl, ni san, ni bèt ki mouri toufe, ni imoralite seksyèl. Si nou fè tout sa n kapab pou n evite bagay sa yo, sa ap mache byen pou nou. Pote nou byen!” — Tra. 15:28, 29.

14. Kòman sa fè posib pou sèvitè Jewova yo gen inite nan mitan yo malgre yo nan yon monn ki divize jodi a?

14 Jodi a, Temwen Jewova yo gen menm kwayans e yo aji menm jan tout kote. Yo plis pase 8 000 000 k ap sèvi Jewova nan plis pase 100 000 kongregasyon sou tout tè a. Kòman yo fè gen inite sa a, sitou lè n ap gade konfizyon ak divizyon ki gaye toupatou nan monn nan jodi a? Pi gwo rezon ki fè gen inite pami Temwen Jewova yo se paske Jezi Kris, Chèf kongregasyon an, ba yo direksyon ki klè pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”, ki se Kolèj santral la (Mat. 24:45-47.) Yon lòt rezon ki fè gen inite pami yo, se paske kèlkeswa kote yo ye sou tè a, yo obeyi enstriksyon Kolèj santral la bay ak tout kè yo.

“Yo kontan pou ankourajman yo jwenn nan” (Travay 15:30-35)

15, 16. Ki jan frè yo te reyaji lè yo te jwenn solisyon pou kesyon sikonsizyon an, e ki sa k te fè kolèj santral la jwenn rezilta sa a?

15 Apre sa, liv Travay la fè nou konnen lè delegasyon frè ki te soti Jerizalèm nan te rive Antyòch, “yo reyini tout disip yo, epi yo remèt yo lèt la”. Ki jan frè yo te reyaji lè yo te jwenn enstriksyon kolèj santral la te voye yo? “Lè yo fin li [lèt la], yo kontan pou ankourajman yo jwenn nan.” (Tra. 15:30, 31). Mete sou sa, Jida ak Silas te “ankouraje frè yo ak anpil diskou, e yo fòtifye yo”. Nan sans sa a, de mesye yo se te “pwofèt” menm jan yo te konn di Banabas, Pòl ak lòt moun ankò te pwofèt, paske yo t ap fè konnen volonte Bondye. — Tra. 13:1; 15:32; Egz. 7:1, 2.

16 Sa klè, Jewova te beni tout sa kolèj santral la te fè pou yo jwenn yon solisyon pou kesyon sikonsizyon an. Ki sa k te fè frè sa yo jwenn bon rezilta sa a? Asireman, se sitou paske yo te bay enstriksyon ki klè, ki rive nan bon moman, ki baze sou Pawòl Bondye a e ki ann amoni ak direksyon lespri sen te ba yo. Yon lòt rezon ki te fè yo jwenn bon rezilta se fason yo te bay kongregasyon yo enstriksyon yo, yo te fè sa yon fason ki demontre lanmou yo te gen pou yo.

17. Ki modèl òganizasyon Jewova a suiv nan sa ki konsène vizit siveyan sikonskripsyon yo jodi a?

17 Kolèj santral Temwen Jewova yo nan epòk nou an suiv menm modèl sa a, yo voye enstriksyon bay tout frè yo nan lemonnantye nan moman ki apwopriye. Lè yo fin pran yon desizyon, yo fè kongregasyon yo konn sa yon fason ki klè. Youn nan fason yo fè kongregasyon yo konn sa se pa mwayen vizit siveyan sikonskripsyon yo. Frè sa yo, ki dispoze fè sakrifis, deplase sot nan yon kongregasyon al nan yon lòt, yo bay kongregasyon yo enstriksyon ki klè e ki ankouraje yo. Menm jan ak Pòl ak Banabas, yo pase anpil tan nan travay predikasyon an, ‘yo anseye moun yo, e yo menm ansanm ak yon pakèt lòt moun anonse bon nouvèl ki nan pawòl Jewova a’. (Tra. 15:35.) Menm jan ak Jida ak Silas, yo “ankouraje frè yo ak anpil diskou, e yo fòtifye yo”.

18. Ki sa pèp Jewova a ka fè pou yo ka sèten y ap kontinye resevwa benediksyon nan men l?

18 E kongregasyon yo ki sou tout tè a, ki sa k ap pèmèt yo kontinye gen lapè ak inite nan monn sa a ki divize jodi a? Men sa Bib la di: “Sajès ki sot anwo a se yon sajès toudabò ki pwòp, ansuit ki renmen lapè, ki rezonab, ki dispoze obeyi [...]. Anplis, moun k ap fè lapè yo ap simen semans fwi jistis la nan lapè, e y ap rekòlte fwi li bay.” (Jak 3:17, 18). Nou dwe sonje se Jak ki te ekri pawòl sa yo annapre. Èske l t ap panse ak reyinyon apot yo ak ansyen yo te fè nan Jerizalèm nan lè l t ap ekri pawòl sa yo? Nou pa konnen e nou pa gen okenn baz pou nou di sa. Men, lè nou konsidere evènman nou jwenn nan Travay chapit 15 lan, nou ka rann nou kont se sèlman lè gen inite nan kongregasyon yo e lè moun yo kowopere youn ak lòt, y ap ka jwenn benediksyon Jewova.

19, 20. a) Ki sa k montre aklè te gen lapè ak inite nan kongregasyon Antyòch la? b) Ki sa Pòl ak Banabas te ka fè kounye a?

19 Kounye a, tout moun te ka wè gen lapè ak inite nan kongregasyon Antyòch la. Olye frè nan Antyòch yo te opoze ak frè ki te sot Jerizalèm yo, yo te byen pwofite vizit Jida ak Silas la, yo te bay vizit sa a anpil valè. Istwa a di: “Apre yo [Jida ak Silas] fin pase yon ti tan la, frè yo voye yo ale anpè pou y al jwenn moun ki te voye yo”, sa vle di pou yo tounen Jerizalèmd (Tra. 15:33). Nou ka gen asirans frè yo nan Jerizalèm te kontan tou lè yo te tande sa Jida ak Silas te rakonte apre vwayaj yo a. Grasa favè san parèy Jewova a, yo te byen ranpli misyon yo te genyen an.

20 Pòl ak Banabas, ki te rete Antyòch, te ka konsantre yo kounye a sou travay predikasyon an, pou yo te pran latèt nan travay sa a, menm jan siveyan sikonskripsyon yo fè sa jodi a lè y ap vizite kongregasyon ki sou kont yo (Tra. 13:2, 3). Ala yon benediksyon sa ye pou pèp Jewova a! Men, ki jan Jewova t apral kontinye itilize de pwoklamatè zele sa yo e ki lòt benediksyon li t apral ba yo? Se sa nou pral wè nan chapit ki vin apre a.

Yon manman ak pitit fi l nan kongrè k ap gade volim 2 liv “Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze” a.

Modern-day Christians benefit from the spiritual provisions made available through the Governing Body and its representatives

JAK, YON “FRÈ SEYÈ A”

Jak se te pitit Jozèf ak Mari, sa vle di se te ti frè Jezi bò kot manman. Lè y ap site non frè Jezi yo, yo site non l an premye (Mat. 13:54, 55). Donk, petèt se li menm ki te dezyèm pitit Mari. Jak te grandi avèk Jezi. Li te wè travay predikasyon Jezi t ap fè a, omwen li te konnen Jezi te konn fè “mirak”, kit se wè li te wè lè Jezi t ap fè yo, kit se aprann li te aprann sa. Sepandan, lè Jezi te konn preche sou tè a, Jak ak frè l yo “pa t demontre yo gen lafwa nan” gran frè yo a (Jan 7:5). Petèt Jak te panse menm jan ak kèk lòt moun nan fanmi Jezi ki te di “tèt [Jezi] pati”. — Mak 3:21.

Jak k ap li nan yon woulo.

Men, bagay yo te chanje lè Jezi te mouri e l te resisite. Bib la site non twa lòt moun ki te rele Jak nan Liv ki te ekri an grèk yo. Men, lè Bib la di Jezi te parèt devan Jak nan espas 40 jou li te pase sou tè a apre l fin resisite a, sanble se devan frè l la li te parèt (1 Kor. 15:7). Petèt, sa te fè Jak byen konprann kiyès gran frè l la te ye toutbon. Antouka, kit se sa k te fè Jak chanje, kit se te yon lòt bagay, mwens pase dis jou anvan Jezi te monte nan syèl la, Jak, manman l ak frè l yo te reyini ak apot yo nan yon chanmòt pou yo priye. — Tra. 1:13, 14.

Finalman, Jak te vin yon moun yo gen anpil respè pou li nan kongregasyon ki te Jerizalèm nan, sanble yo te konsidere l kòm yon apot, sètadi “yon moun yo voye”, nan kongregasyon sa a (Gal. 1:18, 19). Li klè, Jak te jwe yon wòl enpòtan nan kongregasyon an, paske lè apot Pyè te fin chape nan prizon an pa mwayen yon mirak, li te di disip yo: “Al di Jak ak lòt frè yo sa m sot di nou yo.” (Tra. 12:12, 17). Lè yo te mete kesyon sikonsizyon an devan “apot yo ak ansyen yo” nan Jerizalèm, sanble se Jak ki te prezide reyinyon an (Tra. 15:6-21). Apot Pòl te di Jak, Sefas (Pyè) ak apot Jan te sanble “pilye” kongregasyon Jerizalèm nan (Gal. 2:9). Menm plizyè ane apre sa, lè Pòl te retounen Jerizalèm apre twazyèm vwayaj li te fè kòm misyonè a, li te fè yon rapò bay Jak, e “tout ansyen yo te la”. — Tra. 21:17-19.

Asireman, se Jak sa a, Pòl te di ki “frè Seyè a”, ki te ekri lèt oubyen liv nan Bib la ki pot non l lan (Gal. 1:19). Nan lèt sa a, Jak di kiyès li ye avèk imilite. Li pa di li se yon apot, ni li pa di l se frè Jezi, men li fè konnen li se “yon esklav Bondye e yon esklav Jezi Kris, Seyè a”. (Jak 1:1.) Nan lèt Jak te ekri a, menm jan ak Jezi, li te montre li se yon moun ki te konn pran san l pou l etidye bagay ki nan lanati yo e li te byen konnen ki jan moun ye. Pou Jak te ka esplike yon seri verite ki sot nan Bondye, li te sèvi ak yon seri bagay k ap pase nan lanati moun yo abitye avè yo, tankou lanm lanmè van ap pouse, syèl ki chaje zetwal, gwo solèy cho, flè ki fennen fasil, dife ki gaye nan forè ak bèt yo donte (Jak 1:6, 11, 17; 3:5, 7). Bondye te ede l konprann etadespri moun yo ak fason yo aji, e sa te pèmèt li bay bonjan konsèy sou fason pou moun gen bon relasyon youn ak lòt. — Jak 1:19, 20; 3:2, 8-18.

Pawòl Pòl te di nan 1 Korentyen 9:5 yo fè nou konprann Jak te marye. Labib pa di ni ki lè ni kòman Jak te mouri. Sepandan, Jozèf, yon istoryen juif, fè konnen yon ti tan apre gouvènè women ki te rele Pòsiyis Festis la te mouri, nan zòn ane 62 epòk nou an, e anvan Albinis te ranplase l kòm gouvènè, Anan (Anànyas), gran prèt la, te “konvoke jij ki te nan Sanedren an e li te fè mennen yon mesye ki rele Jak, frè Jezi, sila yo te rele Kris la, ansanm ak kèk lòt moun devan yo”. Selon Jozèf, Anan “te akize yo kòmkwa yo te vyole lalwa e li te fè touye yo ak kout wòch”. Jodi a, kretyen yo jwenn anpil byenfè lè yo pwofite dispozisyon Kolèj santral la ak reprezantan l yo pran.

a Gade kare ki gen tit “Jak, yon ‘frè Seyè a’”.

b Jak te montre li gen sajès lefètke l te fè referans ak liv Moyiz te ekri yo, paske se pa sèlman Lalwa ki te nan liv sa yo. Yo te genyen tou enfòmasyon sou fason Bondye te aji ak lèzòm ak enfòmasyon ki ede moun konnen pwennvi Bondye genyen depi menm anvan l te bay Lalwa. Pa egzanp, lè yon moun al nan liv Jenèz la, li ka wè byen klè pwennvi Bondye konsènan san, adiltè ak adore zidòl (Jen. 9:3, 4; 20:2-9; 35:2, 4). Kidonk, Jewova te bay yon seri prensip tout moun sou tè a dwe obeyi, kit yo Juif, kit yo soti nan lòt nasyon yo.

c Gade kare ki gen tit “Fason Kolèj santral la òganize jodi a”.

d Vèsè 34 la egziste nan kèk tradiksyon Labib. Yo mete kèk pawòl ladan l pou montre Silas te deside rete Antyòch (Bib Kreyòl La). Men, sanble se ajoute yo te vin ajoute pawòl sa yo annapre.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje