-
“Chèche Bondye [...] pou yo jwenn li vre”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
13. Ki sa Pòl te esplike konsènan fason linivè te fè egziste, e ki sa l te vle fè moun yo konprann?
13 Se Bondye ki kreye linivè. Pòl di: “Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l, li menm ki Mèt syèl la ak tè a, li pa abite nan tanp moun fè ak mend.” (Tra. 17:24). Se pa yon aza ki fè linivè vin egziste. Se vrè Dye a ki kreye tout bagay (Sòm 146:6). Souvren Seyè a ki kreye syèl la ak tè a pa tankou Atena oswa lòt dye moun yo t ap sèvi yo. Li pa abite nan tanp moun fè ak men, alòske fo dye sa yo te bezwen tanp ak lotèl pou yo rete e yo pa t gen okenn glwa san bagay sa yo (1 Wa 8:27). Mesaj Pòl la te klè: Vrè Dye a pi gran lontan pase nenpòt zidòl lòm fè pou yo mete nan tanp yo. — Eza. 40:18-26.
-
-
“Chèche Bondye [...] pou yo jwenn li vre”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
d Mo grèk lè yo tradui l yo mete “monn” pou li a se kòsmòs. Byenke Grèk yo te itilize mo kòsmòs la pou yo pale de linivè, nan Bib la yo itilize l sitou pou yo pale de moun. Men, sanble Pòl te itilize mo sa a nan sans moun ki t ap koute l yo te abitye itilize l la, pou l te ka mete yo alèz.
-