-
“Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
1, 2. Ki mirak Pyè ak Jan fè toupre youn nan pòt tanp lan?
LI APRÈMIDI, e solèy la ap klere foul moun ki nan zòn tanp Jerizalèm nan. Juif ki zele pou relijyon yo ak disip Kris yo ap antre nan tanp lan. Paske talè konsa, “lè priyè a” pral rivea (Tra. 2:46; 3:1). Pyè ak Jan ap mache nan mitan foul la pou y al nan zòn youn nan pòt tanp lan yo rele Bèl. Byenke gen bri moun k ap pale ak bri pye moun k ap mache, gen yon vwa moun byen tande, se vwa yon mesye ki pa twò granmoun, ki enfim nan pye depi lè l fèt k ap mande charite. — Tra. 3:2; 4:22.
-
-
“Yo se moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’
-
-
a Yo te konn fè priyè nan tanp lan lè yo t ap ofri sakrifis nan maten ak nan aprèmidi. Sakrifis nan aprèmidi yo te konn fèt nan “nevyèm èdtan nan jounen an”, sa vle di ozanviwon twazè nan aprèmidi.
-